Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Fè pasyon w pou zong tounen yon metye ki bay revni.
Kou Teknisyen Onglerie Pwofesyonèl IBI Akademi a fèt pou moun ki vle aprann teknik modèn pou swen ak dekorasyon zong. Fòmasyon sa a mete anpil aksan sou pratik pou ede w devlope konpetans solid ak konfyans pou travay ak kliyan.
Nan kou sa a, ou pral :
aprann teknik pwofesyonèl onglerie,
metrize ijyèn, estetik ak fini zong,
devlope kreyativite w ak sans biznis,
prepare w pou travay nan salon bote oswa louvri pwòp biznis ou.
IBI Akademi akonpaye w ak fòmasyon serye ak estriktire pou ede w reyisi nan domèn bote a.
👉 Klike sou lyen sa a pou w enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/teknisyen-onglerie-pwofesyonèl
Kòd Kou a: NAIL-7000
Objektif: Metrize anatomi zong lan, ijyèn zouti yo, ak tout teknik modèn (Manikire, Acrylic, Gel, Nail Art).
Nòt Pwofesè: Anvan n dekore, fòk nou konnen sa n ap manyen. Aprann pati nan zong lan (Cuticle, Nail bed, Free edge). Idantifye maladi zong (chanpiyon, enfeksyon) pou n pa travay sou yo. Sterilizasyon zouti (pince, lim) se lalwa nan IBI.
Prensip IBI: "Sante zong kliyan an pase anvan bote l."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Konprann kòman zong lan fèt, rekonèt pàn ak maladi zong, epi metrize pwotokòl dezenfeksyon IBI pou evite mikwòb.
Zong lan se pa sèlman yon moso "kòn", li gen pati vivan ladan l:
Nail Bed (Kabann lan): Se pati woz ki anba zong lan. Si w limen twò fò, w ap blese l.
Cuticle (Kikit): Ti po ki pwoteje rasin zong lan. Nou pa rache l, nou repouse l epi nou netwaye sèlman sa k mouri a.
Matrix (Sèvo a): Se la zong lan fèt. Si pati sa a pran gwo chòk, zong lan ka pouse defòme pou tout lavi.
Free Edge (Pwent): Pati blan n ap koupe oswa n ap limen an.
Yon teknisyen IBI pa travay sou zong ki malad, li voye yo kay doktè:
Mycose (Chanpiyon): Zong lan vin jòn, vèt, oswa li moute anlè epi l gen yon move sant. PA METE ACRYLIC SOU LI!
Paronychie (Enfeksyon): Po a bò zong lan wouj, li anfle epi l gen dlo (pous).
Onikolysis: Lè zong lan dekole nan kabann li.
Pa gen negosyasyon sou sa:
Dezenfeksyon: Netwaye tab la ak zouti yo ak Alkòl 70% oswa Barbicide apre chak kliyan.
Sterilizasyon: Sèvi ak yon "UV Sterilizer" oswa yon "Autoclave" pou touye tout mikwòb sou zouti metal yo.
Single Use (Sèvi yon fwa): Lim an bwa, baton zoranj, ak papye dezenfeksyon dwe jete nan fatra apre yon sèl itilizasyon.
Tèm: Sante anvan Bote.
Sitiyasyon (Cas pratique): Yon kliyan vin kote w pou yon "Full Set" Acrylic. Lè w ap prepare zong li, ou remake zong pous li a gen yon ti tach vèt fonse anba l, epi zong lan parèt yon ti kras dekole. Kliyan an di w: "Pa gen pwoblèm, jis mete poud la sou li pou kache tach la."
Travay ou: Ekri yon ti plan desizyon (10 a 15 liy) pou w reponn:
Kisa tach vèt sa a ka vle di (èske se yon chanpiyon oswa imidite ki fèmen)?
Poukisa nan IBI nou pa gen dwa kouvri yon tach konsa ak Acrylic?
Kijan w ap esplike kliyan an sa a san w pa fè l pè, men pandan w ap pwoteje repitasyon w?
Fòma: PDF, Tit: NAIL7000_M1_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa sèlman fè 'Zong', nou fè 'Sante Men'. Yon kliyan ka bliye si w te mete yon bèl koulè, men li pap janm bliye si w ba l yon enfeksyon. Men se zouti travay moun, trete yo ak respè. Toujou lave men pa w anvan w manyen men lòt moun, epi toujou asire w zouti w yo klere tankou glas. Pwofesyonalis ou kòmanse nan pwòpte w!"
[Gid Videyo Modil 1]: Gade videyo "Hygiène et maladies des ongles pour pro" pou n wè diferans ant yon zong an sante ak yon zong ki malad.
IBI-Akademi | NAIL-7000 | Modil 1 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026 💅✨✅
Nòt Pwofesè: Kijan pou n koupe ak ranje fòm zong lan (Kare, Oval, Almond). Teknik pou n netwaye po ki mouri yo san n pa blese moun. Masaj men ak pye pou bay kliyan an yon moman detant.
Sekrè IBI: "Yon bon manikire se baz tout bèl pose zong."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Metrize teknik pou prepare zong natirèl la, netwaye kikit (cuticles) san blese, epi fè yon pedikire pwofesyonèl pou pye ki fatige.
Chak men gen yon fòm ki mache ak li. Yon teknisyen IBI dwe konn limen:
Square (Kare): Pou moun ki vle zong solid.
Oval/Almond (Amand): Pou rann dwèt yo parèt pi long ak pi fen.
Coffin/Stiletto: Pou moun ki renmen "Glamour" ak longè.
Règ IBI: Toujou limen nan yon sèl sans (pa fè "va-et-vient") pou zong lan pa fann (splitting).
Kikit la se gad kò zong lan, nou dwe trete l ak dousè:
Remover: Sèvi ak yon likid pou ramoli po yo anvan.
Pusher (Repousse-cuticule): Pouse po a dousman pou dekouvri tout sifas zong lan.
Nippers (Pince): Koupe sèlman "po mouri" ki depase yo. Si sa wouj oswa l bay san, ou te ale twò lwen.
Pye a pote tout pwa kò a, li merite plis swen:
Trempage: Mete pye a nan dlo tyèd ak sèl espesyal pou 10 a 15 minit.
Râpe (Callus Removal): Retire po kòs (callosités) anba talon pye a jiskaske l vin mou tankou po bebe.
Exfoliation & Massage: Sèvi ak yon "Scrub" pou retire vye po epi fè yon masaj ki remontre sikilasyon san an.
Tèm: Baz la dwe Solid.
Sitiyasyon (Cas pratique): Yon kliyan vin kote w ak pye l ki gen anpil po kòs (talon fann) epi zong men l yo ronge (li moulen yo ak dan l). Li vle yon "French Manucure" sou zong natirèl li.
Travay ou: Ekri yon ti plan travay (10 a 15 liy) pou w reponn:
Pou yon moun ki ronge zong li, ki fòm (Square oswa Round) w ap konseye l pou n ka sove sa k rete a?
Ki prekosyon w ap pran pou w netwaye talon pye l ki fann lan san w pa fè l mal?
Poukisa nou pa dwe koupe kikit la twò fon anvan nou mete vèni?
Fòma: PDF, Tit: NAIL7000_M2_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa sèlman 'pentire' zong, nou ba yo fòm ak lavi. Yon manikire ki byen fèt ka fè yon men parèt pi jèn de 10 an. Toujou pran tan w pou w byen netwaye tout ti kwen yo. Yon vèni ki moute sou yon kikit ki mal netwaye ap decole nan 2 jou. Travay ak pasyans, rann kliyan an konfòtab, epi kite men l pale pou ou!"
[Gid Videyo Modil 2]: Gade videyo "La manucure russe et le soin des pieds" pou n wè teknik netwayaj ak "E-file" (ponceuse) la.
IBI-Akademi | NAIL-7000 | Modil 2 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026 💅✨✅
Nòt Pwofesè: Metrize melanj Likid (Monomer) ak Poud (Polymer). Kijan pou n mete "Tips" yo dwat, kijan pou n fè "Balling" (fòme boul la), ak teknik limen (filing) pou zong lan parèt fen, pa parèt "gwo moso".
Teknik IBI: "Fòs zong lan nan mitan l (Apex), bote l nan pwent li."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objetif: Metrize teknik pou kole "Tips" dwat, fè bon melanj likid ak poud, epi bati yon "Apex" solid pou zong lan pa kase.
Anvan n mete poud, fòk fondasyon an dwat:
Dezofre (Dehydrate): Sèvi ak yon "Dehydrator" ak yon "Primer" pou retire tout lwil sou zong natirèl la. Si gen lwil, Acrylic la ap "Lift" (dekole).
Chwazi Bon Size: "Tip" la dwe kouvri de bò zong lan (side-to-side). Si l twò piti, l ap sere dwèt la; si l twò gwo, l ap debòde.
Blending: Limen ti mòn kote "Tip" la kole a pou l vin plat ak zong natirèl la.
Se la tout maji a ye:
Ratio a: Tranpe bwòs la nan likid la (Monomer), siye yon bò, epi tranpe pwent lan nan poud la pou fè yon "Boul" (bead). Boul la dwe parèt klere (satine), li pa dwe twò mouye (li va koule) ni twò sèk (l ap fè ti moso).
Aplikasyon 3 Boul: 1. Premye boul nan pwent zong lan (Free edge). 2. Dezyèm boul nan mitan (Apex) pou bay fòs. 3. Twazyèm boul bò kikit la (Cuticle area) ak anpil prekosyon pou n pa touche po a.
Yon zong IBI dwe parèt natirèl:
E-File (Ponceuse): Aprann sèvi ak machin nan pou w rann sifas la plat epi fen sou kote yo.
Apex la: Toujou kite yon ti mòn nan mitan zong lan. Se la tout fòs la ye pou si zong lan frape yon kote, li pa kase nan vyann moun nan.
Tèm: Mwen Konn Rale Boul la.
Sitiyasyon (Cas pratique): W ap fè yon pose Acrylic sou yon kliyan. Apre 3 jou, kliyan an rele w li di w 3 zong dekole bò kikit la (lifting). Lè w gade travay ou a, ou remake Acrylic la te touche po kliyan an yon ti kras.
Travay ou: Ekri yon ti plan analiz (10 a 15 liy) pou w reponn:
Poukisa Acrylic la dekole si l touche po a oswa kikit la?
Kisa "Primer" la sèvi nan yon pose Acrylic?
Bay diferans ant yon boul Acrylic ki twò sèk ak yon boul ki twò mouye.
Fòma: PDF, Tit: NAIL7000_M3_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa fè 'Gwo Zong', nou fè 'Zong Solid'. Yon moun ki soti nan men w dwe ka travay, dwe ka tape nan klavye, san l pa pè zong li kase. Pa janm prese mete poud la si w pa fin prepare zong natirèl la byen. Premye lènmi Acrylic, se lwil ak pousyè. Netwaye byen, bati Apex ou byen, epi kliyan an ap toujou tounen vin chache 'bon jan kalite' sa a!"
[Gid Videyo Modil 3]: Gade videyo "La pose d'ongles en résine acrylique étape par étape" pou n wè kijan pou n kenbe bwòs la nan ang 45 degre.
IBI-Akademi | NAIL-7000 | Modil 3 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026 💅💎✅
Nòt Pwofesè: Sèvi ak lanp UV/LED. Teknik "Gel Polish" ki pa grate vit. Aprann travay ak Polygel pou moun ki vle zong ki pi lejè ak pi fleksib pase Acrylic. Kijan pou n "fill" (ranpli) lè zong lan ap pouse.
Règleman IBI: "Limyè a dwe byen seche chak kouch pou zong lan pa leve."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Metrize teknik "Hard Gel", "Gel Polish" (Vèni pèmanan), ak revolisyon "Polygel" la pou zong ki lejè epi ki solid.
Kliyan yo renmen l paske li pa grate e li toujou briye:
Aplikasyon an kouch fen: Pa janm mete yon gwo kouch vèni gel yon sèl kou, sinon li pap seche anndan (l ap fè "rid"). Mete 2 oswa 3 kouch byen fen.
Border le bord libre: Toujou pase pwent bwòs la nan pwent zong lan pou "sele" vèni a, sa anpeche l dekole nan pwent.
Tan Sekaj: Konnen diferans ant lanp UV (2 minit) ak lanp LED (30 a 60 segonn).
Se yon melanj ant Acrylic ak Gel:
Sifas Travay: Li pa seche poukont li tankou Acrylic, sa ba w tan pou w ba l fòm ou vle a anvan w mete l anba lanp lan.
Slip Solution: Sèvi ak yon ti likid (oswa alkòl 70%) pou bwòs la pa kole nan pwodwi a pandan w ap travay li a.
Dual Forms: Aprann sèvi ak mwoul (moules) yo pou w fè yon pose ki fèt byen vit epi ki deja gen fòm pafè a.
Ranpli (Refill): Kijan pou w limen pati ki moute a san w pa domaje zong natirèl la, epi ranpli vid la ak nouvo Gel.
Retre an sekirite (Removal): Pa janm rache Gel la ak dan oswa fòse l ak yon pouse-kikit. Sèvi ak yon "E-file" pou retire 80% a, epi tranpe rès la nan asetòn pi (Soak off).
Tèm: Mwen Metrize Limyè a.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou fini fè yon pose "Gel Polish" sou yon kliyan. Apre li fin retire men l anba lanp lan, li touche zong li epi li di w: "Bòs, zong lan toujou kole-kole (sticky), li pa seche!"
Travay ou: Ekri yon ti plan teknik (10 a 15 liy) pou w reponn:
Kisa "Couche d'inhibition" (sticky layer) a ye, epi kisa w sèvi pou w retire l?
Poukisa nou pa dwe kite vèni gel la touche po kliyan an anvan nou mete l anba lanp lan?
Bay yon avantaj "Polygel" genyen sou "Acrylic" pou yon kliyan ki pa renmen sant fò (monomer).
Fòma: PDF, Tit: NAIL7000_M4_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou travay ak teknoloji. Gel la mande disiplin: si w mete l twò epè, li boule po moun nan anba lanp lan; si w pa seche l ase, li pap kenbe. Yon bèl pose gel dwe sanble ak yon ti moso vitrin ki poze sou dwèt la. Aprann jere tan sekaj ou, epi toujou pwoteje je w ak je kliyan an kont limyè lanp lan. Modènite a nan pwent dwèt ou!"
[Gid Videyo Modil 4]: Gade videyo "Comment appliquer le Polygel avec des Dual Forms" pou n wè kijan pou n pa mete twòp pwodwi.
IBI-Akademi | NAIL-7000 | Modil 4 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026 💅✨✅
Nòt Pwofesè: Desen ak men (French tip, Ombré, Marbling). Mete pèl, briyan (glitter), ak sticker. Etik biznis: Kijan pou n jere randevou, kijan pou n pran bèl foto pou Instagram, ak kijan pou n fè kliyan an tounen chak 3 semèn.
Devwa Final: Etidyan an dwe fè yon "Full Set" (Acrylic oswa Gel) ak yon desen "Nail Art" sou yon modèl.
"Nan IBI, nou pa sèlman mete 'Zong'. Nou bay moun pouvwa pou yo santi yo bèl jouk nan pwent dwèt yo. Yon teknisyen ongle IBI se yon moun ki gen pasyans, ki renmen pwòpte, e ki gen presizyon yon chirijyen. Chak zong se yon ti moso vitrin pou travay ou. Fè yo briye, fè yo solid, epi toujou mete sekirite kliyan an anvan!"
Valè Modil sa a: 5 Kredi
Objektif: Metrize teknik dekorasyon modèn (French, Ombré, Marbling), aprann sèvi ak akseswa (Pèl, Briyan), epi devlope yon biznis onglri ki gen siksè.
Yon atis IBI dwe konn fè baz desen yo ak men:
French Manucure: Teknik pou w fè liy blan an (oswa nenpòt koulè) pafè nan pwent zong lan.
Ombré (Degradé): Sèvi ak yon eponj pou w melanje de (2) koulè san w pa wè kote yo separe.
Marbling (Efè Mab): Melanje vèni nan dlo oswa dirèkteman sou zong lan pou kreye bèl tras tankou wòch presye.
Akseswa: Kijan pou w kole "Rhinestones" (pèl), sèvi ak "Stickers", ak "Glitter" (briyan) san yo pa dekole apre 2 jou.
Glossy Top Coat: Pou yon klète ki sanble ak glas.
Matte Top Coat: Pou yon fini ki pa briye, ki bay yon look "Modèn ak Klas".
Sispann "Shrinkage": Toujou asire w "Top Coat" la kouvri tout koulè a nèt pou l pa "retresi" anba lanp lan.
Fotografi: Aprann pran foto "Macro" (tou pre) ak bon limyè. Yon bèl men sou yon background pwòp se pi bon reklam ou.
Fikse Pri: Pa bay travay ou mache bon mache. Kalkile tan w, kalite pwodwi w (Gel vs Acrylic), ak konpleksite desen an.
Fidelizasyon: Bay kliyan an yon ti lwil kikit (cuticle oil) oswa yon ti masaj nan fen a. Se ti detay sa yo k ap fè l tounen.
Tèm: Mwen se yon Atis Onkilè IBI.
Sitiyasyon (Cas pratique): Yon kliyan vin kote w pou yon "Full Set" pou maryaj li. Li vle yon bagay "Glamour" men ki pa parèt twò chaje. Li mande w yon "Ombré" blan ak wòz, ak de (2) ti pèl sou dwat kote l pral mete bag la.
Travay ou: Ekri yon ti rapò final (20 a 25 liy) kote w ap esplike:
Ki zouti w ap sèvi pou w fè efè "Ombré" a parèt dous (san liy)?
Kijan w ap asire w pèl yo (rhinestones) pa tonbe pandan l ap danse nan fèt la?
Bay 3 konsèy w ap bay kliyan an pou l kenbe zong li yo bèl pandan 3 semèn (eks: pa rache yo, mete lwil kikit).
Sèman Teknisyen an: Ekri: "Mwen sèmante pou m toujou travay ak ijyèn, onètete, ak kreyativite. Mwen pap janm neglije sante zong yon kliyan pou m fè lajan, epi mwen pral reprezante IBI-Akademi nan tout sa m ap fè."
Fòma: PDF, Tit: NAIL7000_MODIL_FINAL_Non_Etidyan.
"Felisitasyon! Jodi a, ou se yon 'Teknisyen Onkilè' ki soti nan gwo lekòl IBI a. Ou moute nivo soti nan yon moun k ap mete vèni pou w tounen yon atis ki konn chimi, anatomi, ak estetik. Sonje sa: men kliyan an se reklam ou ki nan lari a. Chak fwa li bay yon moun lamen, se non w l ap bay. Travay ak fyète, rete pwòp, epi kite talan w briye nan pwent dwèt chak moun!"
[Gid Videyo Modil 5]: Gade videyo "Top 5 techniques de Nail Art pour débutants" pou n wè kijan pou n sèvi ak "Dotting tool" la.
IBI-Akademi | NAIL-7000 | Modil 5 (5 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026💅✨🏆🚀