Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann enfòme, kominike ak bay enfòmasyon avèk klarte ak kredibilite.
Kou Kominikasyon ak Jounalis Pratik IBI Akademi a fèt pou moun ki vle devlope kapasite pou kominike efektivman epi travay nan domèn medya ak enfòmasyon.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann teknik ekri, pale ak transmèt enfòmasyon klè,
metrize baz jounalis (entèvyou, rapò, nouvèl),
devlope kapasite pou kominike nan medya tradisyonèl ak dijital,
prepare w pou travay nan jounal, radyo, medya sou entènèt oswa sèvis kominikasyon.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, presizyon ak etik pwofesyonèl pou ede w vin yon bon kominikatè nan nenpòt anviwònman.
👉 Fè vwa ou jwenn enpak nan sosyete a.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/kominikasyon-ak-jounalis-pratik
Nòt Pwofesè: Jounalis la se "Gadyen" verite a. Li la pou l enfòme, edike, epi amize.
Diferans ant Enfòmasyon (sa ki vre) ak Opinyon (sa yon moun panse).
5 W yo: Ki moun? (Who), Kisa? (What), Ki lè? (When), Ki kote? (Where), Poukisa? (Why).
Tit Videyo: "Les bases du journalisme : Les 5W"
Jounalis la se aktivite ki konsiste nan kolekte, verifye, trete (ranje), epi difize enfòmasyon sou evènman k ap pase nan sosyete a.
Misyon Jounalis la: Li se "Je ak Zòrèy" pèp la. Li dwe rapòte sa k ap pase san li pa mete pwòp santiman pa l ladan l.
Sa se premye leson yon etidyan IBI dwe konnen:
Enfòmasyon (Fait): Se yon bagay ki pase tout bon, tout moun ka wè l.
Egzanp: "Gen yon aksidan ki fèt devan pòt IBI jodia." (Sa se yon fakte).
Opinyon (Commentaire): Se sa yon moun panse de sa k pase a.
Egzanp: "Chofè sa a se yon mechan, li pa t dwe kondwi konsa." (Sa se yon opinyon).
Règ lò a: Jounalis la bay enfòmasyon an anvan, apre sa li ka kite lòt moun bay opinyon yo.
Pou yon nouvèl konplet, li dwe reponn 5 keksyon sa yo obligatwa:
Who? (Ki moun?): Ki moun ki konsène nan istwa a?
What? (Kisa?): Kisa k pase a egzakteman?
When? (Ki lè?): Nan ki dat ak ki lè sa pase?
Where? (Ki kote?): Nan ki lari, ki vil, oswa ki peyi?
Why? (Poukisa?): Ki sa k lakòz sa pase? (Si nou konnen l).
Medya yo (Radyo, TV, Jounal, Entènèt) gen 3 gwo wòl:
Enfòme: Di pèp la sa k ap pase nan peyi a ak nan mond lan.
Edike: Pote konesans sou sante, agrikilti, teknoloji, ak dwa moun.
Amize: Bay detant ak kilti (mizik, espò, fim).
Kirye: Li toujou ap poze keksyon.
Onèt: Li pa kache verite a pou lajan oswa pou zanmi.
Pridan: Li pa janm bay yon nouvèl si l pa gen prèv (Verifikasyon sous).
"Yon jounalis se yon moun k ap sèvi verite a. Si w bay yon manti nan mikwo IBI, ou ka detwi lavi yon moun oswa ou ka mete yon peyi nan difikilte. Pawòl ou gen pwa, sèvi avè l ak sajès."
[Gid Videyo Modil 1]: Gade videyo "Les bases du journalisme : Les 5W" pou w wè kijan yon jounalis pwofesyonèl konstwi premye fraz yon nouvèl.
IBI-Akademi | Kominikasyon & Jounalis | Modil 1 | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Yon jounalist IBI dwe gen entegrite.
Pa janm bay manti, verifye sous ou yo 3 fwa anvan w pale.
Respè lavi prive moun ak prezonpsyon dinnosans.
Tit Videyo: "Éthique et déontologie : Les devoirs du journaliste"
Etik: Se konsyans jounalis la. Se kapasite l pou l chwazi fè sa ki byen menm lè pèsonn pa wè l.
Deyontoloji: Se ansanm règleman ak devwa tout moun ki nan pwofesyon jounalis la dwe respekte (Kòd konduit la).
Yon jounalis IBI pa janm rapòte yon bagay paske li "tande l di".
Règ 3 Sous yo: Anvan w bay yon nouvèl ki grav, ou dwe verifye l ak omwen 3 sous diferan ki pa gen rapò youn ak lòt.
Onètete: Si w fè yon erè (sa rive tout moun), ou dwe admèt li epi korije l imedyatman nan menm mikwo a.
Jounalis la pa dwe nan pòch pèsonn.
Kado ak Lajan: Yon jounalis pa dwe aksepte lajan oswa kado nan men yon moun pou l ka pale byen de li oswa pou l kache yon move zak li fè.
Konfli Enterè: Si yon moun ki nan fanmi w gen yon pwoblèm legal, se pa ou k pou trete dosye sa a nan radyo a.
Tout moun gen dwa a yon lavi prive, menm si yo se moun selèb.
Lavi Prive: Pa antre nan detay fanmi oswa maladi yon moun si sa pa gen okenn rapò ak enterè piblik la.
Prezonpsyon Dinnosans: Yon moun se inosan toutotan yon jij pa kondane l. Pa janm rele yon moun "Vòlè" oswa "Kriminèl" toutotan lajistis pa fin tranché. Di: "Moun yo sispèk ki fè zak la."
Sa se yon lwa sakre nan jounalis.
Si yon moun ba ou yon enfòmasyon an sekrè epi li mande w pa di non l, ou gen devwa pou w pwoteje non moun sa a, menm devan lapolis (sòf nan ka kote sekirite peyi a an danje grav).
"Repitasyon yon jounalis pran 10 lane pou l bati, men li ka pran 10 segonn pou l detwi si w aksepte yon 'ti anvlòp' oswa si w bay yon nouvèl san w pa verifye l. Nan IBI, nou pito bay nouvèl la an dènye men li se verite, pase pou n bay li an premye epi l se manti."
[Gid Videyo Modil 2]: Gade dokimantè kout "Les devoirs et droits du journaliste" pou w konprann lwa ki pwoteje pwofesyonalis ou.
IBI-Akademi | Kominikasyon & Jounalis | Modil 2 | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Nou pa ekri yon nouvèl jan nou ekri yon powèm.
Piramid Envèse: Mete enfòmasyon ki pi enpòtan an anlè nèt.
Ekri kout, ekri klè: Yon lide pa fraz.
Tit Videyo: "L'art de rédiger un article de presse"
Sa se teknik ki pi enpòtan nan jounalis. Kontrèman ak yon istwa n ap rakonte kote "sipriz" la nan fen an, nan jounalis, nou mete sa ki pi enpòtan an anlè nèt.
Somè (L'Attaque): Reponn 5 W yo (Kisa, Ki moun, Ki lè, Ki kote, Poukisa).
Kò Atik la: Bay detay yo ak eksplikasyon yo.
Laba (La Chute): Enfòmasyon segondè oswa sa k pral pase apre.
Tit la se "Vitrinn" atik la. Li dwe:
Kout: Pa fè yon paragraf pou yon tit.
Frape: Li dwe bay moun nan anvi li rès la.
Prezi: Li dwe di egzakteman sa k nan atik la (pa bay manti nan tit).
Le Chapeau (Le Chapô): Se yon ti rezime 2 oswa 3 liy anba tit la ki di tout sa k pase a an kout.
L'Attaque: Premye fraz la ki dwe "mòde" lektè a.
L'Angle: Chwazi yon sèl fason pou w rakonte istwa a (pa melanje twòp lide).
Yon fraz = Yon lide. Si yon fraz gen plis pase 20 mo, li kòmanse twò long.
Sèvi ak vèb aksyon: Olye w di "Te gen yon reyinyon ki te fèt," di "Direktè Alfred reyini ak ekip li a."
Evite mo konplike: Si gen yon mo senp, sèvi avè l.
Sèvi ak paragraf kout (4 a 5 liy maksimòm). Sa penmèt je lektè a poze.
Pa bliye pwen ak koma yo; yo se "siyal trafik" ki di lektè a ki lè pou l respire.
"Lè w ap ekri pou IBI-Akademi, imajine w ap rakonte yon moun yon bagay nan telefòn. Ou pa pral pèdi tan nan gwo diskou, w ap di l sa k pase a byen vit epi byen klè. Ekri jan moun pale, men ak respè pou gramè a."
[Gid Videyo Modil 3]: Gade demonstrasyon "L'art de rédiger un article de presse" pou w wè kijan pou w konstwi yon 'Chapeau' ki rale moun.
IBI-Akademi | Kominikasyon & Jounalis | Modil 3 | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Nan radyo, se vwa w ki se figi w.
Respirasyon nan vant, diksyon (pwononse chak mo byen), ak entonasyon.
Kijan pou w prepare yon "Papier" (yon tèks kout pou w li nan radyo).
Tit Videyo: "Poser sa voix et réussir son intervention radio"
Nan radyo, moun nan pa ka "tounen dèyè" pou l reli sa w di a. Si l pa konprann premye fwa a, li pèdi nouvèl la.
Règ Lò a: Ekri jan moun pale. Sèvi ak fraz kout: Sijè + Vèb + Konpleman.
Repetisyon: Ou ka repete non moun nan oswa sijè a plizyè fwa pou moun ki fenk limen radyo a ka konprann de sa n ap pale.
Yon jounalis IBI dwe konn jere vwa l pou l pa fatige moun k ap koute l:
Respirasyon Abdominals: Respire nan vant, pa nan pwatrin, pou vwa a gen plis fòs epi pou w pa manke souf nan mitan yon fraz.
Diksyon (Atikilasyon): Pwononse chak lèt ak chak silab byen klè. (Fè egzèsis ak kreyon nan bouch si sa nesesè).
Entonasyon: Pa pale tankou yon robo. Vwa a dwe moute epi desann selon sa n ap di a (vwa a dwe tris pou yon nouvèl tris, vwa a dwe dinamik pou espò).
"Papye" a se tèks jounalis la ekri pou l li nan mikwo a.
Mise en page: Ekri ak gwo lèt, kite espas ant liy yo pou je w pa pèdi plas li.
Siyalizasyon: Mete kote pou w pran souf, ak kote pou w mete aksan sou yon mo enpòtan.
L'Amorce: Se ti fraz prezantatè a di pou l anonse jounalis la.
Distans: Toujou rete nan yon distans 15 a 20 santimèt ak mikwo a (anviwon yon pla men).
Bwi: Pa manyen papye a devan mikwo a (sa fè bwi), pa frape tab la ak men w.
Souri nan mikwo: Menmsi moun pa wè w, lè w souri pandan w ap pale, vwa a parèt pi klè epi pi zanmitay.
Le Flash: Yon nouvèl rapid 2 a 3 minit.
L'Enrobé: Yon nouvèl kote nou tande vwa jounalis la ak ti bout son (entèvyou) yon lòt moun.
Le Direct: Lè w sou teren an ap pale pandan evènman an ap pase.
"Nan radyo, ou pa bezwen bèl figi, ou bezwen yon vwa ki gen konfyans. Lè w ap pale nan mikwo IBI-Akademi, imajine w ap pale ak yon sèl moun ki chita devan w, pa ak yon foul moun. Sa ap rann vwa w pi natirèl."
[Gid Videyo Modil 4]: Gade demonstrasyon videyo "Poser sa voix et réussir son intervention radio" pou w wè egzèsis respirasyon ak diksyon pwofesyonèl yo.
IBI-Akademi | Kominikasyon & Jounalis | Modil 4 | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Televizyon se imaj.
Konpòtman devan kamera (posture), gade lantiy la, epi jere estrès.
Diferans ant yon "Reportage" ak yon "Plateau" (lè w ap pale an dirèk).
Tit Videyo: "Présenter un journal télévisé avec assurance"
Nan televizyon, sa moun nan wè a dwe mache ak sa l ap tande a. Si w ap pale de yon aksidan epi n ap wè yon foto bèl plaj, enfòmasyon an pap pase.
Le Regard (Gade): Toujou gade lantiy kamera a (objektif la). Se li ki reprezante je moun k ap gade w lakay yo a.
La Tenue (Rad): Evite rad ki gen twòp ti liy oswa ti kare (yo fè "moirage" nan kamera). Chwazi koulè ki senp epi ki pwofesyonèl.
Dos Droit (Do Dwat): Chita dwat oswa kanpe dwat. Pa janm apiye sou tab la tankou w fatige.
Les Mains (Men yo): Pa kache men w anba tab la. Sèvi ak yo pou w akonpanye sa w ap di a, men pa fè twòp gwo jès pou w pa distre moun nan.
Le Sourire (Souri): Menm jan ak nan radyo, yon souri nan televizyon fè moun nan santi l an konfyans avèk ou.
Le Plateau (Estidyo): Se lè w chita dèyè yon biwo ap bay nouvèl yo.
Le Duplex: Lè w sou teren an epi prezantatè a nan estidyo a ap poze w keksyon an dirèk.
Le Stand-up: Lè jounalis la kanpe devan yon sèn (pa egzanp devan palè jistis) pou l rakonte sa k ap pase a ak yon mikwo nan men l.
Teleprompter a se yon aparèy ki afiche tèks la devan lantiy kamera a pou jounalis la ka li l san li pa bese tèt li.
Sekrè IBI: Pa li tankou w ap li yon liv. Ou dwe bay enpresyon w ap pale ak moun nan, ou dwe mete "vi" nan sa w ap li a.
Si pàn rive: Toujou gen vèsyon papye a sou tab la si machin nan ta gen yon pàn.
Li nòmal pou yon moun pè kamera.
Respirasyon: Respire fon 3 fwa anvan yo di "3, 2, 1... Action!".
Konsantrasyon: Panse sèlman ak mesaj w ap bay la, pa panse ak kantite moun k ap gade w.
"Nan televizyon, kamera a se yon loup li ye. Si w pè, sa ap parèt. Si w ap manti, sa ap parèt tou. Pi bon fason pou w bèl nan televizyon IBI, se pou w natirèl epi pou w mèt dosye w."
[Gid Videyo Modil 5]: Gade demonstrasyon videyo "Présenter un journal télévisé avec assurance" pou w wè kijan pou w jere mikwo-kravat la ak kijan pou w gade kamera a.
Nòt Pwofesè: Yon bon entèvyou se pa yon entèrogatwa, se yon konvèsasyon.
Prepare keksyon yo davans, men koute sa moun nan ap di pou w ka poze keksyon rebondisman.
Kijan pou w fè yon moun ki "pè pale" santi l alèz.
Tit Videyo: "Réussir une interview : Les techniques d'écoute"
Yon entèvyou se pa yon entèrogatwa polisye, se yon konvèsasyon ki gen yon objektif. Jounalis la la pou l fè moun nan bay enfòmasyon piblik la bezwen konnen.
Pa janm al nan yon entèvyou san w pa konnen ak ki moun w ap pale.
Rechèch: Konnen byografi moun nan, sa l te di deja sou sijè a.
Lis Keksyon: Prepare 5 a 10 keksyon, kòmanse ak sa ki pi fasil yo pou moun nan ka santi l alèz.
Materyèl: Tcheke si diktafòn nan gen batri, si kreyon w gen pwent, epi si kaye w la prè.
Sa se sekrè yon bon jounalis IBI:
Keksyon Fèmen: Repons lan se "Wi" oswa "Non". (Pa sèvi ak sa twòp, sa fè moun nan pa pale anpil).
Egzanp: "Èske pwojè a fini?"
Keksyon Louvri: Yo fòse moun nan esplike tèt li. Sèvi ak: Koman? Poukisa? Rakonte m...
Egzanp: "Kisa ki te pi gwo defi w nan pwojè sa a?"
Pifò jounalis ap panse ak pwochen keksyon yo a pandan moun nan ap pale. Sa se yon erè!
Koute: Si w koute byen, moun nan ka di yon bagay ki pi enpòtan pase sa w te prepare a.
Keksyon Rebondisman (Relance): Si moun nan di "Mwen te gen yon pwoblèm grav," rebondi sou sa: "Ki kalite pwoblèm sa te ye menm?"
Moun k ap bay manti: Pa di l "W ap bay manti," di l: "Gen lòt sous ki di lekontrè, kisa w panse de sa?"
Moun k ap pale twòp: Koupe l ak anpil respè: "Mwen konprann pwen sa a, men ban m tounen sou keksyon..."
Moun ki pè pale: Souri ba li, mete l alèz anvan w limen mikwo a.
"Nan yon entèvyou pou IBI-Akademi, se pa ou menm ki vedèt la, se moun w ap poze keksyon an. Plis ou koute, se plis w ap jwenn bon jan nouvèl. Silans la se yon zam tou: pafwa lè w rete an silans apre yon repons, moun nan santi l dwe di plis pou l ranpli twou a."
[Gid Videyo Modil 6]: Gade demonstrasyon "Réussir une interview : Les techniques d'écoute" pou w wè kijan pou w jere distans ant ou menm ak moun w ap entèvyouve a.
IBI-Akademi | Kominikasyon & Jounalis | Modil 6 | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Jodi a, tout moun se jounalist ak telefòn yo, men pwofesyonèl la fè diferans lan.
Kijan pou w verifye "Fake News".
Sèvi ak Facebook, Twitter, ak TikTok pou w difize enfòmasyon serye.
Tit Videyo: "Le journalisme à l'ère du numérique et des réseaux sociaux"
Se pratik jounalis la sou entènèt. Li melanje tèks, son, foto, ak videyo an menm tan. Nan IBI-Akademi, nou aprann etidyan yo ke entènèt la se pa sèlman pou "tripòtay", se yon zouti travay pwofesyonèl.
Sa se pi gwo defi a. Yon jounalis IBI dwe konn fè "Fact-checking" (Verifikasyon reyalite):
Sous la: Ki moun ki voye enfòmasyon sa a? Èske se yon paj ofisyèl?
Dat la: Souvan moun pran ansyen foto yo poste yo kòm si se jodi a sa pase.
Lajistis: Pa janm pataje yon bagay "jan w resevwa l la" san w pa verifye l anvan.
Moun pa li sou telefòn menm jan yo li nan jounal papye.
Lekti an "F": Je moun nan scan paj la an fòm lèt "F". Mete sa ki enpòtan yo nan kòmansman paragraf yo.
Mots-clés (Keywords): Sèvi ak mo moun ap tape nan Google pou yo ka jwenn atik ou a fasil.
Tit "Clickbait" (Pyèj): Evite tit k ap bay manti pou moun klike. Rete pwofesyonèl.
Chak rezo gen langaj pa l:
Facebook: Bon pou gwo diskisyon ak videyo an dirèk (Live).
Twitter (X): Pou nouvèl k ap kouri vit (Breaking News).
WhatsApp: Pou voye alèt rapid bay moun ki abòne nan IBI, men fè atansyon pou w pa anvayi moun yo.
TikTok/Instagram: Bon pou ti videyo kout ki montre "kouliss" travay jounalis la.
Jounalis la dwe pwoteje tèt li sou entènèt:
Modpas solid: Pa sèvi ak "123456".
Idantite: Pa reponn moun k ap joure w (Trolls). Rete nan nivo pwofesyonèl la.
Dwa d'Otè: Pa vòlè foto oswa videyo lòt moun pou w mete sou paj IBI a san w pa site non mèt la.
"Sou entènèt la, tout moun se jounalis, men se pa tout moun ki gen etik. Diferans ant yon etidyan IBI ak yon moun k ap fè tripòtay sou Facebook, se VERIFIKASYON. Yon sèl manti ou poste ka detwi tout konfyans moun te gen nan ou. Sou entènèt, kredibilite se sèl lajan w genyen."
[Gid Videyo Modil 7]: Gade videyo "Le journalisme à l'ère du numérique" pou w wè kijan pou w verifye si yon foto se yon manti li ye (Reverse Image Search).
IBI-Akademi | Kominikasyon & Jounalis | Modil 7 | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Tout antrepriz bezwen kominike.
Kijan pou w ekri yon "Communiqué de Presse".
Jere imaj yon enstitisyon (tankou n ap fè pou IBI a).
Tit Videyo: "Les bases de la communication institutionnelle"
Se atizay pou w kreye ak kenbe yon bon relasyon ant yon enstitisyon (tankou IBI) ak piblik li (etidyan, paran, Leta, laprès).
Objektif la: Se pa "Vann" yon pwodwi, se fè moun "Konfye" yo nan enstitisyon an.
Yon etidyan IBI ki nan pòs sa a dwe:
Jere Imaj la: Asire w tout sa moun wè sou enstitisyon an (logo, lèt, sit entènèt) pwòp epi pwofesyonèl.
Pòtpawòl: Se li ki pale nan non chèf la (Direktè Alfred) lè gen yon nouvèl pou bay.
Liaison Presse: Se li ki envite jounalis yo lè gen yon seremoni gradyasyon oswa yon nouvo kou k ap louvri.
Le Communiqué de Presse (Kominike de Près): Yon ti tèks kout (yon paj) ou voye bay tout radyo ak TV pou anonse yon evènman. Li dwe gen yon tit "Flash" ak enfòmasyon 5 W yo.
La Conférence de Presse (Konferans pou Laprès): Lè w envite jounalis yo chita pou w ba yo yon deklarasyon epi reponn keksyon yo.
Le Dossier de Presse: Yon ti liv ki gen tout istwa enstitisyon an, foto, ak detay sou sa n ap fè.
Lè gen yon move bri k ap kouri oswa yon pwoblèm nan enstitisyon an:
Pa kache: Si w an silans, moun ap panse se vre.
Pale vit: Bay vèsyon pa w la ak prèv, epi di kisa w ap fè pou ranje pwoblèm nan.
Rete kalm: Pa janm fache ak yon jounalis k ap poze keksyon k ap pike.
Anvan n pale ak moun deyò, fòk moun anndan yo konnen sa k ap pase.
Reyinyon ak pwofesè yo, afich nan lakou a, oswa yon gwoup WhatsApp pou anplwaye yo sèlman. Yon ekip ki byen enfòme, se yon ekip ki travay pi byen.
"Kominikasyon enstitisyonèl la se tankou rad ou mete sou ou. Si rad la chifonnen, moun ap panse travay ou chifonnen tou. Nan IBI, nou vle kominikasyon nou toujou 'Grep' (pwòp epi klè) pou moun ka wè nivo serye nou."
[Gid Videyo Modil 8]: Gade videyo "Les bases de la communication institutionnelle" pou w aprann kijan pou w ekri yon kominike de près ki p'ap fini nan fatra nan radyo yo.
IBI-Akademi | Kominikasyon & Jounalis | Modil 8 | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Yon foto ka di plis pase 1000 mo.
Kadraj (Cadrage), limyè, ak moman presi pou w tire foto a.
Kijan yon foto ka rakonte yon istwa san l pa bezwen tèks.
Tit Videyo: "Raconter une histoire par l'image"
Se yon fòm jounalis ki sèvi ak foto pou rakonte yon nouvèl. Foto a pa la pou "fè bèl" sèlman, li la pou l bay yon enfòmasyon ki vre epi ki gen yon mesaj sosyal oswa politik.
Pou yon foto pale byen nan IBI, etidyan an dwe metrize:
Règ Twazyèm nan (La Règle des Tiers): Pa toujou mete sijè a nan mitan nèt. Divize imaj la an 9 kare, epi mete sa ki enpòtan an sou liy yo. Sa rann foto a gen plis "vi".
Kadraj la (Le Cadrage): Chwazi sa w ap mete nan foto a ak sa w ap kite deyò. Yon foto ki gen twòp fatra ladan l pèdi fòs li.
Ang de Vi: Tire foto a nan nivo je moun nan (pou egalite), anlè (plongée) pou montre feblès, oswa anba (contre-plongée) pou montre fòs.
Menm jan ak pawòl, yon foto ka bay manti:
Pa Modifye Foto: Nan jounalis, nou pa gen dwa chanje sa k nan foto a (pa ajoute oswa retire moun ak Photoshop). Ou ka sèlman ajiste limyè a pou moun wè pi byen.
Légende (Tit foto a): Chak foto dwe gen yon ti fraz anba l ki di: Ki moun ki ladan l? Kisa k ap pase? Ki kote sa pase? Nan ki dat? San yon lejann, foto a se yon sispèk li ye.
Yon sèl foto ka fò, men yon seri foto pi fò:
Foto Ansanm (Le Plan Large): Pou montre kote sa ap pase.
Foto Aksyon (Le Plan Moyen): Pou montre kisa moun nan ap fè.
Foto Detay (Le Gros Plan): Pou montre emosyon nan figi moun nan oswa yon objè enpòtan.
Dwa Moun: Nan lari, ou ka tire foto, men nan espas prive, ou bezwen pèmisyon moun nan. Toujou respekte diyite moun (pa tire foto moun k ap soufri nan yon fason ki imilye yo).
Sekirite Fotograf la: Pa janm mete lavi w an danje pou yon foto. Yon jounalis ki vivan pi itil pase yon fotograf ki mouri.
"Yon bon foto nan IBI-Akademi se yon foto ki fè moun nan kanpe lè l ap gade yon jounal oswa telefòn li. Si foto a pa fè moun nan santi yon bagay (kè kontan, tristès, kòlè), se yon foto ki mouri. Aprann gade ak kè w anvan w peze bouton kamera a."
[Gid Videyo Modil 9]: Gade demonstrasyon "Raconter une histoire par l'image" pou w wè kijan pou w chwazi pi bon ang pou chak sitiyasyon.
IBI-Akademi | Kominikasyon & Jounalis | Modil 9 | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Sa se nivo ki pi wo a.
Chèche sa ki kache, verifye dokiman, epi pwoteje sous ou yo.
Jere sekirite w lè w sou teren ki gen danje.
Tit Videyo: "Le journalisme d'investigation : Méthodes et risques"
Ankèt la se lè yon jounalis pase anpil tan (semèn oswa mwa) ap travay sou yon sèl sijè ki enpòtan pou piblik la (vòl lajan Leta, krim, pwoblèm anviwònman).
Diferans ak Nouvèl: Nouvèl la di "sa k pase jodia", ankèt la di "poukisa sa pase, ki moun ki kache dèyè sa".
Yon ankèt IBI pa fèt nan tripòtaj, li fèt sou prèv:
L'Hypothèse (Lide a): Ou kòmanse ak yon dout. "Poukisa pon sa a tonbe apre 2 mwa sèlman?"
Dokiman: Chèche papye, kontra, rapò bankè, oswa lwa ki konsène dosye a.
Témoignages (Temwen): Pale ak moun ki konnen sa k te pase a. Gen moun k ap pale "On" (non yo parèt) ak moun k ap pale "Off" (non yo dwe rete an sekrè).
Sa se lè w devan yon evènman k ap pase kounye a (manifestasyon, gwo dife, match foutbòl).
Preparasyon: Konnen kote w ye a, ki moun ki la, ak kisa ki te pase anvan w rive a.
Sekirite: Toujou gen yon wout pou w sove si sa ta vire mal. Pa janm ekspoze tèt ou san nesesite.
L'Improvisation (Pale san nòt): Nan dirèk, ou pa gen tan pou w ekri tout bagay. Ou dwe metrize 5 W yo nan tèt ou pou w ka rakonte sa w wè a ak presizyon.
Si yon moun ba ou yon prèv ki ka mete lavi l an danje, ou gen devwa moral nan IBI pou w pa janm bay non l.
Kòd Sekrè: Sèvi ak non kòd nan kaye w, pa anrejistre figi moun nan si l pa vle.
Digital Security: Sèvi ak aplikasyon mesajri ki sekirize (tankou Signal) pou w pale ak sous ki sansib yo.
Droit de Réponse (Dwa Repons): Si w fè yon ankèt sou yon moun, ou dwe kontakte l pou l bay vèsyon pa l la anvan w pibliye l. Sa rann ankèt la pi solid.
Objektif: Pa fè ankèt pou w "detwi" yon moun, fè ankèt pou w "sèvi" verite a.
"Ankèt jounalistik la se pi bèl pati nan metye a, men se pati ki pi danjere a tou. Yon jounalis IBI-Akademi dwe gen kouraj yon lyon ak pridans yon sèpan. Pa pibliye anyen si w pa gen de (2) prèv diferan pou konfime l. Se serye w k ap pwoteje w."
[Gid Videyo Modil 10]: Gade videyo "Le journalisme d'investigation : Méthodes et risques" pou w wè kijan gwo jounalis entènasyonal yo prepare gwo dosye ankèt yo.
IBI-Akademi | Faculté de Communication & Journalisme | Dirije pa: Docourt Alfred | © 2026
IBI-Akademi | Kominikasyon & Jounalis | Modil 10 | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026