Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann enprime kreyativite w sou twal ak lòt materyèl avèk teknik pwofesyonèl.
Kou Serigrafi Pwofesyonèl IBI Akademi a fèt pou moun ki vle metrize atizay enpresyon sou mayo, twal ak plizyè lòt sipò, avèk presizyon ak bon kalite fini.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann teknik serigrafi (enpresyon sou twal ak materyèl),
metrize itilizasyon lank, kad (frame) ak ekipman yo,
devlope kapasite pou kreye desen ak modèl pou enprime,
prepare w pou lanse pwòp aktivite ou nan enpresyon mayo oswa pwodwi pèsonalize.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, kreyativite ak konpetans reyèl pou ede w antre nan yon domèn ki gen anpil opòtinite biznis.
👉 Fè kreyativite w vin vizib sou chak pwodwi ou kreye.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/serigrafi-pwofesyon%C3%A8l
Otè: Docourt Alfred (Fondatè IBI-Akademi)
Objektif: Aprann kreye desen, prepare ekran, ak enprime sou diferan sipò (twal, papye, plastik).
Pwoteksyon: © 2026 IBI-Akademi. Fotokopi entèdi.
Konnen zouti n ap bezwen nan atelye a:
Le Cadre (Ekran an): Kad an bwa oswa aliminyòm ak yon twal swa (tissu).
La Raclette (Raklèt): Zouti pou pouse lank lan.
L'Émulsion: Pwodwi chimik ki sansib ak limyè.
L'Encre (Lank): Plastisol oswa lank ak dlo.
Kijan pou n prepare imaj n ap enprime a:
Dessin Noir sur Blanc: Imijan an dwe nwa nèt pou l bloke limyè a.
Papye Transparan (Calque): Sèvi ak yon papye ki kite limyè pase.
Mete pwodwi chimik la sou twal la:
Kouch Emilsyon: Kijan pou n mete yon kouch fen epi egal ak "Racle d'enduction" la.
Le Séchage: Ekran an dwe seche nan yon kote ki fè nwa nèt (Chambre noire).
Moman kote desen an ap moute sou ekran an:
L'Insoleuse (Bwat limyè): Kijan pou n kalkile tan ekpozisyon an anba lanp yo.
Réaction Chimique: Limyè a ap fè emilsyon an vin di, eksepte kote desen nwa a te ye a.
Louvri desen an ak dlo:
Rinçage: Sèvi ak yon jè dlo (karcher oswa douch) pou retire emilsyon ki pa t pran limyè a.
Bouchage: Kijan pou n bouche ti twou ki fèt kote yo pa t dwe fèt (retouche).
Mete ekran an sou mayo a:
Positionnement: Kijan pou n santre desen an byen dwat sou mayo a.
Le Hors-contact: Kite yon ti espas ant ekran an ak rad la pou lank lan pa bave.
Aprann sèvi ak diferan kalite lank:
Mélange: Kreye pwòp koulè pa w.
Lank Plastisol vs Lank à l'eau: Diferans nan fason yo seche.
Fè lank la kenbe nan rad la pou l pa soti nan lave:
Décapeur Thermique (Heat gun): Pase chalè sou desen an.
La Presse à chaud: Teknik pou "kwit" lank la nèt.
Pa jete ekran an, re-itilize li:
Dégravage chimique: Sèvi ak yon pwodwi (stripper) pou retire vye desen an pou n ka mete yon lòt.
Entretien du matériel: Kijan pou n lave raklèt yo.
Kijan pou n fè lajan ak metye a:
Calcul des prix: Konbe pou n vann yon mayo enprime.
Création de marque: Kijan pou n kreye yon "Brand" pou IBI-Akademi.
"Serigrafi se mwayen pou w kite mak ou sou mond lan. Chak mayo ou enprime se yon mesaj w ap simaye. Mete pwòpte nan ekran w, w ap jwenn klète nan desen w." — Docourt Alfred.