Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann kreye prezans ou sou entènèt epi fè lide w vizib nan mond dijital la.
Kou Montaj Sit Wèb IBI Akademi a fèt pou moun ki vle aprann kijan pou bati sit entènèt pwofesyonèl pou biznis, sèvis oswa pwojè pèsonèl.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann etap pou kreye ak òganize yon sit wèb,
metrize itilizasyon zouti pou konsepsyon ak devlopman sit,
konprann kijan pou prezante kontni ak atire vizitè,
prepare w pou devlope pwòp sit ou oswa ofri sèvis kreasyon sit wèb.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, kreyativite ak teknik modèn pou ede w antre nan yon domèn dijital ki gen anpil opòtinite.
👉 Fè biznis ou ak pwojè ou egziste sou entènèt.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/montaj-sit-w%C3%A8b
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral aprann kijan pou n bati yon kay ki p'ap janm kraze: yon Sit Wèb. Imajine entènèt la se yon gwo vil, epi chak sit se yon kay oswa yon magazen.
Anvan, ou te bezwen konn ekri kòd (HTML/CSS) ki konplike anpil, men jodi a, nou gen zouti tankou Squarespace. Se tankou n ap jwe ak 'Lego': nou pran yon blòk foto, nou mete l la, nou pran yon blòk tèks, nou mete l anba l. Men, atansyon! Se pa sèlman poze blòk non, fòk kay la bèl epi fòk moun ka jwenn sa y ap chèche a fasil."
"Anvan w bati kay la, ou bezwen de (2) bagay:
Non Domèn nan: Se adrès kay la (egz: www.ibi-online.org). Se non sa a moun ap tape nan telefòn yo pou yo jwenn ou. Li dwe kout epi fasil pou moun sonje.
Hébergement (Hosting): Se teren kote kay la chita a. Se yon gwo òdinatè (Serveur) yon kote ki kenbe tout foto ak tèks ou yo pou sit la ka toujou limen 24 sou 24.
San teren an, ou pa gen kay. San adrès la, pèsonn pa ka vizite w. Nou pral aprann kijan pou n chwazi pi bon non pou pwojè nou yo."
"Yon bon sit wèb gen 3 pati prensipal:
Header (Tèt la): Se la logo lekòl la ak meni an ye (Accueil, Kou, Kontak). Se premye sa moun wè.
Body (Kò a): Se la tout enfòmasyon yo ye: videyo, foto pwofesè yo, ak bouton pou moun enskri.
Footer (Pye paj la): Se anba nèt. Se la nou mete adrès fizik nou, nimewo WhatsApp nou, ak lyen rezo sosyal yo.
Si tèt la pa bèl, moun nan ap pati vit. Si pye a pa klè, moun nan p'ap konn kijan pou l jwenn nou. Tout moso sa yo dwe travay ansanm."
"Nou p'ap kòmanse nan zewo. Squarespace ban nou 'Templates' (Modèl). Se tankou yon kay ki bati deja, men ki pa gen penti ni mèb. Travay nou se chanje koulè yo, mete logo IBI-Akademi, epi chanje tèks yo pou mete pawòl pa nou.
Gwo sekrè a se Senplisite. Pa mete twòp koulè k ap bat nan je moun. Chwazi de (2) oswa twa (3) bèl koulè ki mache ak logo ou a, epi kite anpil espas blan pou moun nan pa santi l toufe lè l ap li sit la."
Misyon pèsonèl ou:
Chèche yon non: Si w ta gen yon biznis pèsonèl, ki non domèn .com oswa .org ou ta renmen l genyen? (Verifye si l pa twò long).
Analize yon sit: Ale sou yon sit ou renmen (oswa sou ibi-online.org), epi idantifye kote Header la ak Footer la ye.
Desine sou papye: Pran yon kreyon, desine kijan ou ta renmen "Paj Akèy" (Homepage) pa w la parèt. Kote w t'ap mete foto w? Kote bouton an t'ap ye?
"Bonjou klas! Nou konnen sa ki yon sit wèb deja, kounye a nou pral mete men nan pat la. Jodi a, nou pral aprann kijan pou n fè yon paj ki gen 'nanm'.
Yon sit wèb ki pa gen aksyon, se tankou yon bèl machin ki pa gen kle pou l demare. Nan IBI-Akademi, nou pa vle moun sèlman gade sit nou yo, nou vle yo klike. Nou pral wè kijan pou n mete premye bèl foto nou yo, ekri tit ki enteresan, epi mete bouton ki di moun yo sa pou yo fè."
"Premye sa yon moun wè lè l rive sou sit ou a, se gwo foto ki anlè a (yo rele l Banner). Si foto sa a flou oswa li lèd, moun nan ap panse biznis ou a pa serye.
Pa janm mete yon foto ki pa gen rapò ak sa w ap fè a. Si w ap vann kou enfòmatik, mete yon moun k ap tape sou yon laptop ak yon bèl souri. Epi sonje: foto a pa dwe twò lou, sinon sit la ap pran yon etènite pou l louvri nan telefòn moun yo. Yon bon administratè sit konn kijan pou l chwazi foto ki klè epi ki lejè."
"Koute sa m pral di nou la a byen: Chak paj sou sit ou a dwe gen yon Objektif. Èske w vle moun nan enskri? Èske w vle l achte yon liv? Èske w vle l rele w sou WhatsApp?
Pou sa fèt, nou bezwen yon Bouton. Pa jis ekri 'Klike la'. Ekri yon bagay ki gen fòs, tankou: 'Kòmanse jodi a', 'Rezève plas ou', oswa 'Mwen enterese'. Mete bouton an yon kote moun ka wè l fasil san yo pa bezwen desann anba nèt. Se bouton sa a ki pral transfòme yon senp vizitè an yon elèv IBI-Akademi."
"Pa fè sit la tounen yon kanaval! Si w mete jòn, vèt, wouj, ak vyolèt ansanm, moun yo p'ap ka li anyen. Chwazi de (2) koulè prensipal (tankou ble ak blan IBI a).
Pou ekriti yo tou, pa chanje yo chak de liy. Sèvi ak yon sèl kalite ekriti pou Tit yo (ki dwe gwo ak fonse), epi yon lòt ki pi senp pou Tèks yo. Yon sit ki pwòp bay moun konfyans pou yo mete kòb yo oswa tan yo nan pwojè w la."
Misyon pèsonèl ou:
Chèche 3 bèl foto: Ale sou sit tankou Pexels oswa Unsplash, chèche 3 foto ki ka reprezante yon lekòl enfòmatik.
Kreye yon Tit ki gen fòs: Ekri yon fraz 5 mo pou n mete sou "Banner" la (Egz: "Aprann teknoloji pou w reyisi").
Chwazi Aksyon an: Ki tèks ou t'ap mete sou bouton prensipal paj akèy ou a? (Dwe gen yon vèb aksyon ladan l).
"Bonjou klas! Nou gen bèl foto ak bouton sou paj nou an deja, men kounye a, nou bezwen Tèks. Yon sit ki gen bèl foto men ki pa gen bon enfòmasyon, se tankou yon moun ki byen abiye men ki pa gen anyen nan tèt li.
Jodi a, nou pral aprann kijan pou n ekri pou moun ka anvi li nou. Epi, pi gwo sekrè a: Pifò moun nan peyi d Ayiti ak nan mond lan pral gade sit ou a sou Telefòn yo, pa sou òdinatè. Si sit la parèt byen sou laptop men li rache sou telefòn, ou pèdi 80% nan vizitè w yo!"
"Moun pa li sou entènèt jan yo li yon liv. Sou entènèt, moun 'eskane' ak je yo. Si w ekri gwo paragraf 20 liy, pèsonn p'ap li l.
Yon administratè sit konn kijan pou l fè fraz kout:
Sèvi ak Tit ki fonse (H1, H2) pou separe lide yo.
Sèvi ak Pwen (Bullet points) pou bay lis.
Mete enfòmasyon ki pi enpòtan an anlè nèt. Mete nan tèt ou: 'Kisa elèv la ap jwenn nan IBI-Akademi?' Se sa l vle li an premye."
"Nan Squarespace, gen yon ti bouton ki montre w kijan sit la parèt sou telefòn. Toujou klike sou li! Pafwa, yon foto ki te bèl sou laptop vin kouvri tout tèks la sou telefòn.
Nou pral aprann kijan pou n deplase blòk yo pou yo ka ranje yo youn anba lòt sou yon ti ekran. Yon sit ki 'Responsive' se yon sit ki entèlijan: li konnen sou ki aparèy moun nan ap gade l, epi li ranje kò l pou l toujou bèl."
"Yon videyo 1 minit vo plis pase 1000 mo. Nou pral aprann kijan pou n 'embed' (ploge) yon videyo YouTube oswa Vimeo dirèkteman sou paj la pou montre elèv yo kijan IBI-Akademi ap travay.
Epitou, si w gen yon lokal fizik, fòk moun ka jwenn ou! Nou pral aprann mete yon Google Map nan paj 'Kontak' la pou kliyan yo ka jwenn direksyon pou yo vin kote w san yo pa bezwen rele w 10 fwa nan telefòn."
Misyon pèsonèl ou:
Senplifye yon tèks: Pran yon paragraf 10 liy sou yon sijè ou renmen, epi eseye di menm bagay la nan 3 fraz kout sèlman.
Tès Mobil la: Ale sou sit pi preferé w la sou telefòn ou. Gade si meni an fasil pou w louvri ak pous ou.
Lide Videyo: Si w ta dwe mete yon sèl videyo sou paj akèy ou, kisa ki t'ap ladan l? (Yon temwayaj elèv? Yon demo pwofesè?)
"Bonjou klas! Jodi a se gwo jou a. Nou bati kay la, nou dekore l, nou mete limyè ladan l. Kounye a, nou pral ouvri pòt la pou tout moun ka antre.
Men, atansyon! Sou entènèt la, gen anpil 'vòlè' ak anpil 'vandal'. Nan Modil sa a nan IBI-Akademi, nou pral aprann kijan pou n fèmen pòt nou byen ak kadna nimerik (Sekirite), epi kijan pou n fè moun k ap mache nan lari jwenn adrès nou fasil (SEO). Yon sit ki pibliye san sekirite, se yon sit ki pral gen pwoblèm demen."
"Nou te pale de non domèn nan nan Modil 1 (egz: www.ibi-online.org). Kounye a se lè pou n marye non sa a ak sit nou te bati sou Squarespace la.
Sa mande pou n al nan paramèt DNS yo. Pa pè gwo mo sa yo! Se tankou w ap di lapòs: 'Depi yon moun voye yon lèt nan adrès sa a, se nan kay sa a pou l pote l'. Lè w fini koneksyon sa a, depi yon moun tape non biznis ou nan telefòn li, se sit ou a k ap louvri byen bèl."
"Èske nou janm wè yon ti kadna ki parèt bò kote adrès yon sit? Sa yo rele l SSL. Sa vle di enfòmasyon k ap soti nan telefòn kliyan an pou l al sou sit ou a 'kode' (chiffré).
Si yon moun ap peye pou yon kou sou sit IBI-Akademi, fòk li an sekirite. Yon sit ki pa gen kadna sa a, Google ap di moun yo: 'SIT SA A PA AN SEKITÈ'. Sa ap fè moun pè antre sou li. Yon bon administratè toujou asire l ke kadna a vèt epi li byen fèmen."
"SEO vle di 'Search Engine Optimization'. Nan langaj senp: Se kijan pou w fè Google renmen sit ou a.
Ou dwe bay chak paj yon Tit klè.
Ou dwe mete 'Mots-clés' (Keywords) moun konn tape (egz: Kou enfòmatik an Ayiti).
Ou dwe ekri yon ti deskripsyon pou chak foto. Lè w fè sa byen, lè yon moun ap chèche yon fòmasyon sou Google, se non IBI-Akademi k ap parèt nan premye rezilta yo. Sa se piblisite gratis!"
Misyon final ou pou Kou Sit Wèb la:
Tcheke Kadna a: Ale sou 3 sit diferan, gade si yo gen ti kadna a bò kote adrès la.
Chwazi 'Mots-clés' ou yo: Ekri 5 mo oswa fraz yon moun ta ka tape sou Google pou l jwenn biznis ou a.
Tès Vitès la: Sèvi ak yon zouti gratis (tankou PageSpeed Insights) pou w wè si yon sit louvri vit oswa si l louvri dousman.
videos externes