Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann dirije, òganize ak devlope yon biznis avèk plan ak estrateji.
Kou Jesyon Antrepriz IBI Akademi a fèt pou moun ki vle konprann kijan pou kreye, jere epi fè yon antrepriz grandi avèk efikasite.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann baz jesyon biznis ak òganizasyon antrepriz,
metrize prensip planifikasyon, kontwòl ak pran desizyon,
devlope kapasite pou jere ekip, resous ak aktivite,
prepare w pou louvri pwòp biznis ou oswa okipe pozisyon responsab nan yon antrepriz.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, estrateji ak vizyon pou ede w devlope konpetans lidèchip ak jesyon.
👉 Pran kontwòl pwojè ou yo epi bati pwòp siksè ou.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/jesyon-dantrepriz
Objektif: Aprann dirije yon estrikti, jere ekip, ak asire kwasans biznis la.
"Bonjou klas! Nan kou Antreprenarya a, nou te wè kijan pou n kòmanse. Kounye a, nou pral aprann kijan pou n 'Dirije'. Yon manadjè se tankou yon chofè bis: li dwe asire l motè a bon, pasaje yo alèz, epi bis la ap rive kote l dwe rive a san aksidan. Jodi a, n ap gade ki responsablite w genyen lè w ap jere yon antrepriz."
"Pou yon biznis mache byen, yon manadjè dwe konn fè 4 bagay sa yo:
Planifikasyon (P): Deside davans sa n pral fè (Objektif).
Òganizasyon (O): Separe travay la bay moun ki kapab (Ki moun k ap fè kisa?).
Direksyon (D): Motive ekip la epi ba yo lòd ki klè.
Kontwòl (C): Verifye si sa n te planifye a se li ki fèt vre."
"Yon biznis pa ka yon sèl moun k ap fè tout bagay pou tout tan. N ap aprann kijan pou n kreye depatman:
Depatman Komèsyal: Moun k ap vann.
Depatman Finans: Moun k ap jere kòb la.
Depatman Operasyon: Moun k ap fè pwodwi a oswa bay sèvis la. Lè chak moun konnen plas yo, biznis la gen lòd."
"Yon manadjè pase jounen l ap pran desizyon. Nou pral aprann kijan pou n pa pran desizyon sou kout tèt, men pou n gade reyalite a (chif yo ak reyalite mache a) anvan n aji. Yon bon desizyon jodi a, se siksè demen."
Òganigram: Desine yon ti chema pou biznis ou a. Ki depatman ou bezwen? (Egz: Resepsyon, Lavant, Kontabilite).
Objektif SMART: Ekri yon sèl bagay ou ta renmen biznis ou reyalize nan 6 mwa (Egz: Vann 100 moun, oswa louvri yon dezyèm lokal).
Lis Travay: Chwazi yon anplwaye imajinè epi ekri 3 responsablite byen klè w ap ba li.
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral pale de pi gwo richès yon antrepriz genyen: Moun. Anpil fwa, nou panse se bay lòd sèlman ki jesyon. Men non! Yon bon manadjè konnen kijan pou l chwazi moun ki konpetan, kijan pou l fòme yo, epi kijan pou l fè yo santi yo fyè pou yo travay nan IBI-Akademi oswa nan nenpòt lòt biznis."
"Pa janm pran yon moun nan yon travay sèlman paske se 'fanmi w' oswa 'zanmi w'. Ou dwe gade:
Kapasite l: Èske l konn fè travay la vre?
Atitid li: Èske l gen respè? Èske l gen disiplin? Yon moun ki pa gen bon karaktè ka kraze tout sa w bati nan yon sèl jou. Aprann fè entèvyou epi mande referans anvan w di 'Wi'."
"Yon anplwaye ki kontan, se yon anplwaye k ap byen sèvi kliyan w. Pou n motive ekip la:
Kominike klè: Pa kite moun nan devine sa pou l fè. Ba li travay li byen ekri.
Bay Felisitasyon: Lè yon moun fè yon bon travay, di l 'Mèsi' oswa 'Bravo' devan lòt yo.
Peye nan lè: Respekte efò moun nan, peye l ak tout respè li merite nan dat nou te dakò a."
"Kote ki gen moun, gen kont. Sa nòmal. Wòl ou kòm manadjè se pa pran pati pou yon moun, men se chèche solisyon.
Koute tou de pati yo.
Konsantre sou pwoblèm nan, pa sou moun nan.
Jwenn yon antant ki nan avantaj biznis la. Pa janm kite yon ti kont tounen yon gwo dife!"
Misyon elèv la:
Fich Pòs: Chwazi yon travay (egz: Resepsyonis). Ekri 3 kalite yon moun dwe genyen pou l fè travay sa a byen lakay ou.
Entèvyou: Prepare 2 keksyon w t ap poze yon moun ki vin chèche travay nan men w.
Lèt Felisitasyon: Ekri yon ti nòt kout (2 fraz) pou w remèsye yon anplwaye ki sot fè yon mwa li pa janm rive anreta.
Objektif: Konprann kijan pou n kontwole lajan k ap antre ak lajan k ap soti pou biznis la pa janm fè fayit.
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral pale de 'Veso San' biznis la: Lajan. Anpil biznis an Ayiti fèmen pòt yo non paske yo pa vann, men paske yo pa konn 'konte'. Yon manadjè ki pa gen chif nan tèt li, se yon manadjè k ap mache je fèmen. Jodi a, n ap aprann kijan pou n louvri je nou sou chif yo."
"Chak goud ki antre, chak goud ki soti dwe ekri. Pa janm di 'm a sonje sa pita'. Nou bezwen yon ti kaye oswa yon tablo Excel kote nou mete:
Dat la: Kilè sa fèt?
Libelle a: Pou kisa lajan an soti oswa antre?
Entré (+): Lajan kliyan peye.
Sortie (-): Lajan nou peye pou kouran, machandiz, oswa transpò. Nan fen jounen an, chif ki nan kaye a dwe menm ak chif ki nan tiwa a!"
"Gen yon gwo diferans ant 'Vann' ak 'Fè Pwofi'. Si w achte yon chemiz 500 goud, ou peye 50 goud transpò pou pote l, epi ou vann li 600 goud... Èske w fè 100 goud pwofi? Non! Pwofi w la se 50 goud sèlman, paske ou dwe retire tout depans ki te fèt pou pwodwi a rive nan men w. Yon bon manadjè toujou kalkile 'Pri de Revyen' an anvan li fikse pri vant la."
"Lajan biznis la pa sèlman nan bwat kòb la, li nan machandiz ki sou etajè yo tou. Nou dwe fè envantè regilyèman:
Kisa nou te genyen nan konmansman an?
Kisa nou vann?
Kisa k rete? Si gen yon diferans, sa vle di gen yon pwoblèm (vòl, gaspiyaj, oswa bliye ekri). Yon biznis ki pa gen kontwòl sou stock li, se yon panyen pèse."
Misyon elèv la:
Tablo Kes: Kreye yon ti tablo ak 5 liy pou montre 3 vant ou fè ak 2 depans ou fè (egz: achte kat telefòn, peye transpò). Kalkile konbe kòb ki rete nan fen a.
Kalkil Pri: Chwazi yon pwodwi (egz: yon plat manje). Lis tout engredyan yo ak pri yo, ajoute gaz la ak dlo a, epi di konbe plat sa a koute w vre anvan ou vann li.
Tès Onètete: Si nan fen jounen an ou manke 100 goud nan kès la epi ou pa konn kote l pase, kisa w ap ekri nan kaye a?
Objektif: Aprann kijan pou n fè moun konnen nou epi kijan pou n fè yon kliyan tounen yon "zanmi" biznis la.
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral aprann yon verite: Se pa moun ki fè pi bon pwodwi a ki toujou vann plis, se moun ki konn kominike pi byen an. Nan mond jodi a, si moun pa wè w, yo pa konnen w egziste. Maketing se pa sèlman 'piblisite', se fason ou prezante tèt ou ak fason ou trete moun ki vin pote kòb yo ba ou."
"Pou yon manadjè siksè, li dwe toujou ap tcheke 4 bagay sa yo:
Pwodwi: Èske sa m ap vann nan bon kalite vre?
Pri: Èske pri a mache ak pòch kliyan m yo epi li ban m pwofi?
Plas (Place): Èske kote m ye a fasil pou moun jwenn mwen? (Lokal oswa Entènèt).
Pwomosyon: Kijan m fè moun konnen m la? (Radyo, Afich, Facebook, Bouch-a-zòrèy)."
"Nan IBI-Akademi, nou kwè nan respè. Yon kliyan ka bliye pri yon bagay, men li p'ap janm bliye jan w te resevwa l.
Souri ak Koutwazi: Resevwa moun ak diyite.
Koute Plent yo: Lè yon kliyan fache, se yon chans pou w montre l ou serye. Rezoud pwoblèm li a vit!
Fidelizasyon: Li koute 5 fwa pi chè pou w jwenn yon 'nouvo' kliyan pase pou w kenbe yonn ou genyen deja. Trete ansyen yo byen!"
"Manadjè a se premye imaj biznis la.
Pwòpte: Kit se lokal la, kit se rad ou, tout bagay dwe pwòp.
Onètete: Pa janm bay manti sou yon pwodwi. Yon sèl manti ka gate repitasyon w pou 10 zan. Repitasyon w se pi gwo kapital ou genyen nan mache a."
Misyon elèv la:
Plan 4P: Pran biznis ou a, epi ekri yon fraz pou chak 'P' (Ki pwodwi? Ki pri? Ki kote? Ki piblisite?).
Senaryo Plent: Imajine yon kliyan ki vin pote yon pwodwi ki kraze. Ekri 3 fraz ou t ap di l pou l pa fache epi pou l kontinye fè w konfyans.
Lide Pwomosyon: Bay yon sèl lide orijinal ou ka fè nan zòn ou an pou moun konnen biznis ou louvri (egz: yon ti mizik, yon bèl afich nan kafou a, oswa yon ti kado pou premye 10 moun yo).
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral pale de 'Sekirite' biznis nou an. Gen moun ki panse fè biznis se kache pou Leta pa wè w. Sa se yon erè!
Si w vle grandi, si w vle prete kòb nan bank, oswa si w vle vann gwo konpayi, ou dwe gen papye w an règ. Jodi a, n ap aprann kijan pou n yon 'Sitwayen Antreprenè' ki respekte lalwa."
"Yon biznis ki pa gen non anrejistre, se yon biznis ki pa egziste legalman. Nou pral wè:
Non Komèsyal: Poukisa li enpòtan pou w rezève non biznis ou nan Ministè Komès.
Patant ak Kif: Sa se 'Paspò' biznis la pou l ka fonksyone nan lari a san kè sote. Lè w gen papye w, ou gen plis valè epi kliyan yo fè w plis konfyans."
"Taks se patisipasyon nou nan devlopman peyi a, men yon manadjè dwe konnen kisa l dwe peye pou l pa peye twòp oswa pou l pa pran kontravansyon.
TCA (Taxe sur le Chiffre d'Affaires): Konprann ki ti pousantaj ki soti nan sa w vann.
Enpo sou rannman: Sa w dwe peye sou pwofi ou fè nan fen ane a. Yon bon kontablite (jan n te wè nan Modil 3 a) ap ede w konnen egzakteman kisa w dwe Leta."
"Etik se fè sa ki dwat, menm lè pèsonn pa wè w.
Respè Anviwònman: Pa jete fatra biznis ou nan lari oswa nan kanal.
Onestete: Pa vann pwodwi ki pase dat (perime) oswa ki ka fè moun mal.
Tretman Anplwaye: Respekte dwa moun k ap travay pou ou. Yon biznis ki gen etik, se yon biznis Bondye ak kominote a ap beni."
Misyon elèv la:
Lis Papye: Chèche konnen ki kote biwo DGI oswa Ministè Komès ki pi pre w la ye.
Keksyon Legal: Ekri yon keksyon ou t ap poze yon avoka oswa yon kontab konsènan kijan pou w legalize pwojè w la.
Aksyon Etik: Bay yon sèl bagay biznis ou ka fè pou ede katye kote l ye a (egz: kenbe devan pòt la pwòp, bay yon ti bous detid, elatriye).
Objektif: Devlope vizyon yon lidè ki konn adapte l ak chanjman epi k ap prepare kwasans biznis la sou plizyè ane.
"Bonjou klas! Felisitasyon, nou rive nan dènye etap la. Nou aprann jere moun, jere kòb, ak jere papye. Men, gen yon bagay ki pi enpòtan toujou: Vizyon. Yon lidè se pa moun k ap gade pye l pou l pa tonbe sèlman, se moun k ap gade mòn ki devan l lan pou l konnen ki kote l prale. Jodi a, n ap aprann kijan pou n pa janm kite biznis nou an mouri nan men nou."
"Yon chèf di 'Al fè travay la'. Yon lidè di 'Ann al fè l ansanm'.
Lidè a bay egzanp: Li se premye moun ki rive, li se dènye moun ki pati si sa nesesè.
Lidè a fòme lòt moun: Li pa pè pou yon anplwaye vin konnen plis pase l. Okontrè, li kontan lè ekip li a ap grandi. Siksè IBI-Akademi oswa biznis pa w la depann de jan w kapab rale moun dèyè vizyon w lan."
"Mond lan ap chanje vit. Si w kontinye fè biznis menm jan granmoun lontan yo te konn fè l, w ap pèdi mache a.
Sèvi ak Teknoloji: Sèvi ak telefòn ou, WhatsApp, ak Entèlijans Atifisyèl (AI) pou w travay pi vit.
Chanje Pwodwi a: Si kliyan yo pa renmen yon bagay ankò, pa fòse yo. Chanje l, amelyore l! Inovasyon pa vle di fè 'mirak', sa vle di toujou ap chèche yon fason pou w fè bagay yo pi byen, pi vit, epi pi bèl."
"Yon bon antrepriz dwe kapab fonksyone menm lè mèt la pa la.
Sistematizasyon: Ekri kijan tout bagay fèt nan biznis la (yon manyèl operasyon).
Fòme yon Ranplasan: Toujou gen yon moun ou fè konfyans w ap montre sekrè biznis la. Yon vre siksè se lè ou bati yon bagay ki pral rete pou pitit ou ak pou peyi w menm lè w pa la ankò."
Misyon elèv la:
Lèt bay tèt ou: Ekri kote ou wè biznis ou a nan 5 an (Konbe anplwaye? Konbe lokal?).
Yon lide Inovasyon: Bay yon sèl bagay teknik (yon App, yon nouvo machin, oswa yon fason pou peye pa telefòn) ou ta renmen mete nan biznis ou an 2026.
Pawòl Lidè a: Ekri yon ti diskou kout (3 fraz) pou w ankouraje ekip ou a lendi maten.
"Felisitasyon tout moun! Nou fini kou Jesyon d'Antrepriz la. Nou se manadjè ak lidè IBI-Akademi fòme pou chanje figi ekonomi peyi nou. Ale deyò a, aplike sa n aprann yo, epi pa janm sispann oze. Siksè a nan men nou!"
"Chè etidyan, jesyon se pa sèlman kontwole moun, se konnen kijan pou w fè yon òganizasyon grandi ak siksè. Nan seksyon sa a, nou rasanble pou ou videyo ki pi solid sou fason pou w jere ekip ou, lajan w, ak estrateji w pou w toujou rete premye nan mache a.
Gade chak leson sa yo ak lespri yon direktè. Aprann teknik manadjè entènasyonal yo itilize epi adapte yo nan reyalite pa w. Siksè biznis ou depann de jan w byen jere l jodi a!"