Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann kontwole machin lou avèk presizyon, sekirite ak konfyans.
Kou Operatè Backhoe Loader IBI Akademi a fèt pou moun ki vle metrize itilizasyon machin backhoe loader (pèl mekanik) pou travay konstriksyon, fouy, chajman ak netwayaj teren.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann fonksyònman backhoe loader,
metrize teknik fouy, leve, chajman ak deplasman materyèl,
konprann règ sekirite sou chan travay,
prepare w pou travay kòm operatè machin lou nan konstriksyon oswa pou kont ou.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, disiplin ak bon konpòtman pwofesyonèl pou ede w devlope konpetans ki itil sou mache travay la.
👉 Devlope konpetans teknik ki mande presizyon ak responsabilite.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/operatè-backhoe-loader
Kòd Kou a: BACK-2000
Objektif: Metrize kondwit ak operasyon de (2) pati machin nan (Loader devan ak Backhoe dèyè), konprann sistèm idwolik, epi travay nan chantye konstriksyon ak sekirite total.
Nòt Pwofesè: Aprann diferan pati Backhoe a: Boom, Stick, Bucket, Stabilizers, ak Loader. Konprann tout levye (joysticks) ak pedal ki anndan kabin nan. Diferans ant kontwòl "ISO" ak "SAE".
Prensip IBI: "Machin nan se yon ekstansyon kò w, aprann santi chak mouvman l."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Idantifye chak pati nan machin nan, konprann wòl estabilizatè yo, epi metrize levye kontwòl (Joysticks) yo san gade men w.
Backhoe a se yon machin espesyal paske li gen de fonksyon:
Loader (Devan): Gwo bokit la ki sèvi pou pouse tè, chaje kamyon, epi pote chay lou.
Backhoe (Dèyè): Pati ki gen "bra" a (Boom ak Stick) ki sèvi pou fouye tranche oswa fondasyon.
Estabilizatè (Stabilizers): De "pye" ki bò kote wou dèyè yo. Règ IBI: Pa janm fouye ak bokit dèyè a si de pye sa yo pa poze atè pou leve pwa machin nan sou wou yo.
Gen de (2) fason gwo konpayi yo (Caterpillar, JCB, Case) ranje levye yo:
ISO Control: Levye gòch la jere Swing (vire bra a) ak Boom (moute/desann). Levye dwat la jere Stick ak Bokit.
SAE Control: Yo ranvèse fonksyon yo. Yon operatè IBI dwe konn tou de (2) epi tcheke switch la anvan l kòmanse travay.
Pedal yo: Pedal pou akselere ak de (2) pedal fren (youn pou chak wou dèyè) pou ede machin nan vire nan ti espas.
Montée/Descente: Toujou sèvi ak teknik "3 pwen de kontak" (de men, yon pye oswa de pye, yon men) pou w moute nan kabin nan pou w pa glise.
Tablodbò (Dash): Tcheke si vwayan idwolik ak tanperati motè a ok.
Tèm: Mwen Konn Bouton m yo.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou fenk moute sou yon Backhoe modèl tou nèf. Ou dwe deplase machin nan pou w al fouye yon tranche, men tè a mou anpil epi li panche sou yon bò.
Travay ou: Ekri yon ti plan operasyon (10 a 15 liy) pou w reponn:
Ki premye bagay w ap fè ak "Estabilizatè" yo anvan w kòmanse fouye?
Si w rale levye dwat la bò kote w (anba), kisa "Bokit" dèyè a ap fè (Louvri oubyen Fèmen)?
Poukisa li enpòtan pou w konnen si kontwòl la sou ISO oswa SAE anvan w kòmanse travay bò kote yon miray?
Fòma: PDF, Tit: BACK2000_M1_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa 'mante' (sekwe) machin nan. Yon bon operatè fè mouvman ki dous, ki fèt an de (2) tan. Si w wè machin nan ap sote lè w ap fouye, se paske ou pa metrize levye w yo. Pran tan w pou w aprann chak bouton. Yon operasyon ki byen fèt, se yon operasyon kote machin nan pa soufri, men travay la fèt rapid. Se la pwofesyonèl la ye!"
[Gid Videyo Modil 1]: Gade videyo "Introduction aux commandes d'une tractopelle" kote n ap montre fonksyon chak levye nan kabin nan.
IBI-Akademi | BACK-2000 | Modil 1 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Sistèm idwolik la se sa k fè machin nan gen fòs. Aprann tcheke nivo lwil idwolik, grese pwen pivot yo chak jou, epi tcheke si tiyo (hoses) yo pa gen fuite. Tcheke dan bokit yo ak kawotchou yo.
Sekrè IBI: "Yon pwen ki pa grese, se yon pyès ki pral kase."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Konprann kijan sistèm idwolik la fonksyone, aprann grese machin nan chak jou, epi idantifye pàn anvan yo rive.
Backhoe a pa mache ak misk, li mache ak Presyon:
Vérins (Cylinders): Se tiyo an fè sa yo ki pouse bra a. Si yo gen "rany (scratches)" sou yo oswa si lwil ap koule nan sele (seals) yo, machin nan pap gen fòs.
Lwil Idwolik: Toujou tcheke nivo a nan "Sight Glass" la. Si lwil la parèt blanch, sa vle di gen dlo ladan l. Si l gen bul, gen lè nan sistèm nan.
Gen plis pase 20 pwen pivot sou yon Backhoe (tout kote bra a vire yo):
Chak 10 èdtan: Yon operatè IBI grese tout pwen sa yo chak maten anvan l kòmanse travay. Si w tande machin nan ap fè "krinn-krinn", sa vle di fè ap manje fè.
Bokit la (Bucket): Tcheke "Dents" (dan) yo. Si yo fin manje, w ap boule plis gaz pou w fouye menm kantite tè a.
Tiyo (Hoses): Gade si gen tiyo ki gen fant oswa ki kòmanse "gonfle". Yon tiyo idwolik ki pete anba presyon ka blese yon moun seryezman.
Kawotchou: Tcheke presyon an ak boulon yo. Yon Backhoe se yon machin ki lou anpil, yon kawotchou ki pete nan mòn ka fè l ranvèse.
Tèm: Machin mwen, Responsablite m.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou rive sou chantye a a 7:00 am. Ou rale "Dipstick" lwil motè a, li ok. Men, lè w gade anba bra dèyè a (Backhoe), ou wè yon ti flak lwil atè a epi gen yon tiyo (hose) ki parèt mouye.
Travay ou: Ekri yon ti plan antretyen (10 a 15 liy) pou w reponn:
Ki premye aksyon w ap fè anvan w demare motè a?
Poukisa nou pa janm sèvi ak MEN nou pou n chache kote yon fuite idwolik ye pandan machin nan ap travay?
Konbyen fwa pa jou yon pwofesyonèl IBI dwe bay pwen pivot yo grès si l ap travay nan pousyè ak labou?
Fòma: PDF, Tit: BACK2000_M2_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa tann machin nan pàn pou n ranje l. Nou pran swen l pou l pa janm pàn. Yon operatè ki konn grese, ki konn tcheke nivo lwil li, se yon operatè ki respekte zouti travay li. Pa janm bliye: lajan w lan soti nan machin nan. Si l malad, pòch ou malad tou. Kenbe l pwòp, kenbe l graese!"
[Gid Videyo Modil 2]: Gade videyo "Comment graisser une rétrocaveuse étape par étape" pou n wè tout pwen ki kache yo.
IBI-Akademi | BACK-2000 | Modil 2 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Kijan pou w ranmase tè, chaje kamyon, ak nivelman (planir) yon teren ak bokit devan an. Aprann teknik "V-shape loading" pou w travay pi rapid san w pa gaspiye gaz.
Teknik IBI: "Bokit la dwe nivo ak tè a pou w pa fouye twou kote w pa t dwe fouye."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Metrize teknik ranmase tè (Loading), aprann nivelman (Grading), ak konprann kijan pou n chaje yon kamyon san n pa frape l.
Anpil moun panse se sèlman pouse pou w pouse bokit la nan pil tè a. Nan IBI, nou anseye teknik "Roll-back":
Atak la: Antre nan pil tè a ak bokit la plat atè.
Le Levage: Pandan w ap pouse, moute bra a yon ti kras epi "fèmen" (curl) bokit la an menm tan. Sa bay plis fòs epi li plen bokit la nèt san wou yo pa "patine".
Transpò: Toujou pote bokit la BAs (prèske atè) lè w ap deplase. Si l twò moute, machin nan ka ranvèse nan yon ti viraj.
Pou w fè yon teren plat ak Loader a:
Mache anbak (Back-dragging): Mete bokit la nan pozisyon "pike" yon ti kras, epi rale l anbak. Pwa bra a ap rann tè a plat nèt.
Fonksyon "Float": Aprann sèvi ak pozisyon "Float" sou levye a ki kite bra a suiv fòm tè a san w pa bezwen kontwole wotè a ak men w.
Pozisyon: Mete kamyon an nan yon ang ki rann travay la rapid (V-Shape).
Sekirite: Pa janm pase bokit la sou tèt kabin kamyon an kote chofè a chita.
Distribisyon: Lage tè a nan mitan "Box" kamyon an pou pwa a pa panche sou yon bò.
Tèm: Mèt Chajman an.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou gen yon gwo pil sab pou w mete nan yon kamyon 12 wou. Tè a yon ti jan mouye epi li glise.
Travay ou: Ekri yon ti plan operasyon (10 a 15 liy) pou w reponn:
Poukisa nou dwe bese bokit la ba anpil lè n ap deplase soti nan pil sab la pou n al nan kamyon an?
Kisa w ap fè si w wè wou devan machin nan ap "patine" (vire san yo pa avanse) nan mitan pil sab la?
Esplike kijan w ap vide bokit la nan kamyon an pou w pa souke chofè kamyon an twò fò.
Fòma: PDF, Tit: BACK2000_M3_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa travay ak gwo bri, nou travay ak presizyon. Yon operatè ki konn sèvi ak Loader li, se yon operatè ki ekonomize gaz ak kawotchou. Bokit devan an se vizaj machin nan; si w konn kijan pou w poze l, travay la ap parèt bèl depi nan premye kout pèl la. Toujou sonje: se pa vitès la ki konte, se efikasite a!"
[Gid Videyo Modil 3]: Gade videyo "Techniques de chargement avec un chargeur frontal" pou n wè kijan pou n fè mouvman an an de (2) tan.
IBI-Akademi | BACK-2000 | Modil 3 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Sèvi ak estabilizatè yo pou machin nan pa ranvèse. Aprann fouye tranche (tranchée) ki dwat, fouye fondasyon, ak kijan pou w deplase machin nan pandan w ap fouye san w pa vire chèz la twòp.
Règleman IBI: "Toujou tcheke si pa gen tiyo dlo oswa kab kouran anba tè a anvan w plante dan bokit la."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Metrize bra dèyè a (Boom/Stick/Bucket), konprann wòl estabilizatè yo, epi aprann fouye tranche ak fondasyon ak presizyon.
Ou pa ka fouye si machin nan pa "fiks" atè a:
Leve dèyè a: Bese estabilizatè yo jiskaske wou dèyè yo soti atè a yon ti kras. Sa anpeche machin nan "sote" lè w ap rale tè.
Bese devan an: Bese bokit devan an (Loader) plat atè pou fè machin nan fè yon sèl ak tè a.
Nivo: Si tè a panche, sèvi ak estabilizatè yo pou mete kabin nan nivo (Dwat).
Pou w fouye yon tranche ki dwat e ki byen fon:
L'Extension: Voye "Stick" la deyò nèt, mete bokit la nan pozisyon "pike".
Le Cavage: Rale "Stick" la vè ou menm pandan w ap fèmen bokit la dousman. Se konbinezon de (2) mouvman sa yo ki plen bokit la san w pa fòse motè a.
Mouvman "Swing": Lè w ap jete tè a sou kote, pa janm fè mouvman vyolan. Sispann "Swing" lan anvan w rive kote w pral vide a pou l pa bay chòk nan "Boom" nan.
Yon operatè IBI pa janm fouye "avegle":
Tcheke anba tè: Toujou mande si gen tiyo dlo, kab kouran, oswa fib optik anba kote w ap fouye a.
Santi Rezistans lan: Si w santi bokit la frape yon bagay ki di oswa ki "sonnen" metal, stope imedyatman. Li ka yon tiyo presyon!
Tèm: Presizyon nan Tranche a.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou dwe fouye yon tranche pou mete tiyo dlo pou yon lekòl. Tranche a dwe gen 3 pye pwofondè e li dwe dwat nèt sou 20 mèt.
Travay ou: Ekri yon ti plan teknik (10 a 15 liy) pou w reponn:
Kisa w ap fè ak "Estabilizatè" yo si bò dwat machin nan pi ba pase bò gòch la?
Poukisa nou pa dwe janm rale "Boom" nan (gwo pati bra a) sou limit li (butée) ak fòs?
Si w dwe deplase machin nan pou w kontinye tranche a, kisa w dwe fè ak bra dèyè a ak pye estabilizatè yo anvan w avanse?
Fòma: PDF, Tit: BACK2000_M4_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa fouye 'twou', nou konstwi fondasyon. Yon bon operatè Backhoe se yon moun ki gen yon je ki wè liy lan nan tèt li anvan bra a rale tè a. Plis ou dous ak levye yo, se plis travay la ap fèt rapid. Si w ap goumen ak machin nan, se tè a k ap genyen w. Si w ap kòmande machin nan ak sèvo w, w ap mèt chantye a!"
[Gid Videyo Modil 4]: Gade videyo "Comment creuser une tranchée droite avec une pelle rétrocaveuse" pou n wè teknik aliyman an.
IBI-Akademi | BACK-2000 | Modil 4 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Kijan pou w travay bò kote moun k ap mache apye, travay nan mòn (pente), ak kijan pou w monte/desann machin nan sou yon trelè (lowboy). Responsablite yon operatè pwofesyonèl nan yon ekip konstriksyon.
Devwa Final: Yon tès teyorik sou sekirite ak yon egzamen pratik kote etidyan an dwe fouye yon twou presi epi plen yon kamyon san fè erè.
"Nan IBI, nou pa fòme 'moun k ap rale levye', nou fòme 'Operatè'. Yon operatè Backhoe se yon moun ki gen pasyans ak presizyon. Ou ka kraze yon miray nan yon segonn, men ou ka depoze yon ze ak bokit la san w pa kase l si w gen bon fòmasyon. Se fòs la ki nan men w, se sajès la ki dwe nan tèt ou!"
Valè Modil sa a: 5 Kredi
Objektif: Idantifye danje nan zòn travay la, metrize kominikasyon ak siyal men, epi konprann etik pwofesyonèl yon operatè gwo engrenaj.
Gwo machin sa yo gen "Zòn Mò" (Blind Spots). Yon chofè IBI toujou aplike règleman sa yo:
Siyal ak Kominikasyon: Pa janm fè yon mouvman si w pa wè moun k ap gide w la (Spotter). Si w pèdi l nan je, STOPE machin nan imedyatman.
Le Périmètre de Sécurité: Pa kite pèsonn mache anba bra machin nan, menmsi machin nan etenn.
Stasyonman Sekirite: Lè w fini travay, toujou poze bokit devan an ak bra dèyè a plat atè. Pa janm kite yo anlè pou n pa gen aksidan si yon tiyo idwolik ta pete.
Mòn ak Pant (Pentes): Toujou monte oswa desann yon mòn an "ligne droite". Pa janm vire machin nan sou kote nan yon pant, li ka ranvèse (Rollover).
Bò Tranche: Pa janm mete machin nan twò pre bò gwo twou w ap fouye a. Pwa machin nan ka fè tè a glise epi n tonbe nan twou a.
Liy Elektrik: Toujou gade anlè! Si bra a touche yon fil kouran, rete anndan kabin nan jiskaske yo koupe kouran an. Si w dwe soti, ou dwe sote ak de pye w ansanm san w pa touche machin nan ak tè a anmenmtan.
Ponktyalite: Yon operatè rive anvan tout moun pou l fè chèk matinal li.
Pwoteksyon Ekipman: Pa janm fòse machin nan pase limit li. Si machin nan ap soufri, se travay la k ap mal fèt.
Respè pou Anviwònman: Si w wè yon fuite lwil, ranje l vit pou l pa kontamine tè a.
Tèm: Mwen se Gadyen Chantye a.
Sitiyasyon (Cas pratique): W ap travay sou yon pwojè wout. Yon moun k ap gade ap eseye pase toupre bra Backhoe a pandan w ap swing pou w vide tè. Gen anpil bri nan zòn nan.
Travay ou: Ekri yon ti rapò final (20 a 25 liy) kote w ap esplike:
Ki premye aksyon w ap fè ak machin nan lè w wè moun nan ap pwoche?
Ki siyal men w ap fè pou w kominike ak moun ki sou teren an si w pa ka tande yo?
Bay 3 règleman pèsonèl w ap toujou swiv pou w asire w Backhoe a rete an fòm pandan 10 zan.
Sèman Operatè a: Ekri: "Mwen sèmante pou m kòmande machin mwen an ak sajès, pou m toujou priyorize lavi moun devan vitès travay la, epi pou m trete chak pyès nan machin nan ak respè pwofesyonèl."
Fòma: PDF, Tit: BACK2000_MODIL_FINAL_Non_Etidyan.
"Felisitasyon! Jodi a, ou pa sèlman yon moun ki konn fouye, ou se yon 'Mèt Operatè'. Gwo fòs sa a ki nan men w lan, se yon gwo responsablite li ye. Yon operatè IBI se yon moun ki poze, ki obsève, epi ki aji ak presizyon. Ale kounye a, al bati wout, al fouye fondasyon pou devlopman, epi toujou sonje: pi bèl siksè yon operatè, se lè l fini jounen l san okenn aksidan. IBI fyè de ou!"
[Gid Videyo Modil 5]: Gade videyo "Sécurité des engins de chantier" pou n konprann zòn danje yo (Danger Zones).
IBI-Akademi | BACK-2000 | Modil 5 (5 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026