Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann travay ak vè ak presizyon pou kreye estrikti modèn ak solid.
Kou Technique Fenèt ak Pòt an Vit IBI Akademi a fèt pou moun ki vle metrize teknik fabrikasyon ak enstalasyon fenèt ak pòt an vè pou kay, biwo ak batiman modèn.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann teknik pou fabrike ak enstale fenèt ak pòt an vit,
metrize mezi, koupe, ajisteman ak asanble materyèl yo,
konprann itilizasyon zouti ak metòd travay pwofesyonèl,
prepare w pou travay nan chantye konstriksyon oswa nan antrepriz vè ak aliminyòm.
IBI Akademi mete aksan sou presizyon, sekirite ak pratik pou ede w devlope yon metye teknik ki gen anpil itilite nan konstriksyon modèn.
đ Devlope konpetans ki bay espas yo limyè, fòs ak stil.
â
Enskri kounye a :
đ https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
đ Plis detay sou kou a :
đ https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/technique-windows(fenetre-et-porte-en-vitre)
Kòd Kou a: CONST-100
Objektif: Aprann kijan pou n mezire, prepare ouvèti, poze, epi sele fenèt (vit, aliminyòm, oswa metal) nan yon kay pou n asire sekirite ak izolasyon.
Nòt Pwofesè: Diferans ant fenèt "Coulissante" (ki glise), "à battants" (ki ouvè tankou pòt), ak "Jalousie". Materyèl yo: Aliminyòm, PVC, oswa Metal (Fè fòje).
Devwa: Idantifye ki kalite fenèt ki pi bon pou yon chanm ak yon salon.
Valè Modil sa a: 3 Kredi
Objektif: Idantifye diferan kalite fenèt ki genyen sou mache a, konprann avantaj chak materyèl (Aliminyòm, PVC, Metal), epi chwazi sa ki pi bon pou chak kote nan yon kay.
Chak fenèt gen yon fason li ouvè ki chanje jan lè (atikilasyon) antre nan kay la:
Fenèt "Coulissante" (Glise): Li gen de (2) oswa plis batan k ap glise sou yon ray. Li bon pou kote ki pa gen anpil espas (eg: Koridò).
Fenèt "à Battants" (Française): Li ouvè sou kote tankou yon pòt. Li kite 100% lè antre, men li bezwen espas devan l.
Fenèt "Jalousie" (Lames): Se sa nou rele "Fenèt lami" an Ayiti. Li gen ti moso vit k ap vire. Li bon pou kite lè pase menm lè gen ti lapli.
Fenèt "à Soufflet": Li ouvè sèlman yon ti kras nan tèt (souvan pou twalèt).
Aliminyòm: Pi lejè, li pa wouye, li bay bèl finisyon modèn. Men, li ka chofe anpil si solèy frape l dirèkteman.
PVC (Plastik ranfòse): Li pa kondwi chalè (kay la rete fre), li pa bezwen penti, men li ka vin frajil si se yon move kalite ki rete nan gwo solèy Ayiti a.
Metal (Fè): Pi solid pou sekirite kont vòlè, men li mande anpil antretyen (penti chak ane) pou l pa manje ak wouy.
Vit Senp: Ekonomik, men li pa kenbe bri ni chalè.
Vit "TeintÊ" (Fimen): Li anpeche moun deyò wè andedan epi li diminye fòs solèy la.
Vit "TrempÊ" (SÊcurit): Si l kase, li fè ti moso won ki pa koupe moun. Li nesesè pou gwo ba vit yo.
Tèm: Analiz de Bezwen yon Kliyan.
Sitiyasyon (Cas pratique): Yon kliyan gen yon kay ki bò yon wout ki gen anpil pousyè ak anpil bri machin. Li vle mete fenèt nan salon li ki bay sou lari a. Li vle sekirite, men li vle pou kay la rete fre tou.
Travay ou: Ekri yon ti rapò konsèy (15 a 20 liy) kote w ap di:
Ki kalite ouvèti w ap pwopoze l (Coulissante oswa Jalousie)? Esplike poukisa nan ka pousyè a.
Ant Aliminyòm ak PVC, kilès ou t ap chwazi pou kenbe kay la fre?
Ki kalite vit (Clair oswa TeintÊ) ki pi bon pou solèy pa "kwit" moun nan salon an?
Fòma: PDF, Tit: CONST100_M1_Non_Etidyan.
"Pa janm bliye: Yon fenèt se pa sèlman pou wè deyò, se pou pwoteje moun ki andedan. Nan IBI, nou pa sèlman 'poze', nou 'konseye'. Yon bòs ki konn materyèl li se yon bòs ki p ap janm pèdi kliyan, paske travay li ap pale pou li apre 10 an. Chwazi bon materyèl la, se asire mwatye nan rezilta a."
[Gid Videyo Modil 1]: Gade videyo "PrÊsentation des profils aluminium et PVC" kote n ap montre diferans ant yon bon kalite aliminyòm ak yon move kalite.
IBI-Akademi | CONST-100 | Modil 1 (3 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | Š 2026Â
Nòt Pwofesè: Sekrè a se nan milimèt la. Si ouvèti a twò laj, dlo ap antre; si l twò piti, fenèt la pap antre. Aprann sèvi ak "Niveau à bulle" pou wè si miray la dwat (D'aplomb).
Règleman IBI: "Mezire de fwa, koupe yon sèl fwa."
Valè Modil sa a: 3 Kredi
Objektif: Aprann pran mezi egzak (Lajè ak Wotè), verifye si ouvèti a "Dwa" (Aplomb et Niveau), epi prepare kote fenèt la pral chita a.
Yon bòs IBI pa mache san:
Mèt (Ruban à mesurer): Pou pran distans yo.
Nivo (Niveau à bulle): Pou verifye si liy yo orizontal ak vètikal.
Kè (Ăquerre): Pou asire kwen yo gen 90 degre (si yo pa kare, fenèt la ap gen vid nan kwen yo).
Kreyon bòs: Pou make san sa pa efase fasil.
Miray pa janm dwat nèt. Pou n pa fè erè, nou mezire nan 3 kote:
Lajè (Largeur): Mezire anlè, nan mitan, ak anba. Toujou kenbe mezi ki pi piti a.
Wotè (Hauteur): Mezire sou kote goch la, nan mitan, ak sou kote dwat la. Toujou kenbe mezi ki pi piti a.
Diksyon (Le Jeu): Apre n fin jwenn mezi ki pi piti a, nou retire 5 a 10 milimèt (ti jwèt) pou fenèt la ka antre san l pa kwense miray la.
Yon sekrè bòs: Mezire soti nan kwen anlè goch pou rive nan kwen anba dwat, epi fè menm bagay la pou lòt sans lan. Si de (2) chif yo se menm bagay, ouvèti a "Kare". Si yo diferan, miray la "Bòy", fòk ou ranje l ak siman anvan w kòmande vit la.
Anvan w poze fenèt la:
Retire rès siman ki depase yo.
Verifye si "Appui de fenêtre" la (kote dlo a ap koule a) gen yon ti pant vè deyò pou dlo pa antre andedan kay la.
Tèm: Pratik Mezi sou Teren an.
Enstruksyon:
Chwazi yon ouvèti fenèt nan kay ou oswa nan yon chanter ki toupre w.
Pran mèt ou, mezire Lajè a ak Wotè a nan 3 pwen jan nou te aprann nan modil la.
Ekri yon rapò kote w ap mete:
Mezi Lajè (Anlè, Mitan, Anba).
Mezi Wotè (Goch, Mitan, Dwat).
Ki mezi final (pi piti a) w ap itilize pou kòmande fenèt la?
Konbe milimèt w ap retire kòm "Jwèt" pou fenèt la ka antre fasil?
Fòma: PDF oswa yon foto bèl ekriti w sou yon kaye. Tit: CONST100_M2_Non_Etidyan.
"Mezire de fwa, koupe yon sèl fwa. Nan IBI, nou pa vle bòs k ap 'fòse' fenèt ak kout mato. Si mezi w la bon, fenèt la ap antre tankou se yon gan li te ye pou men w. Sonje byen, se nan milimèt la ou konnen si yon moun se yon bòs serye oswa si se yon moun k ap degaje l."
[Gid Videyo Modil 2]: Gade videyo "Comment prendre les mesures sans se tromper" kote n ap montre kijan pou n sèvi ak nivo a pou n wè si miray la dwat tout bon.
IBI-Akademi | CONST-100 | Modil 2 (3 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | Š 2026Â
Nòt Pwofesè: Kijan pou n "Kaler" fenèt la pou l nivo nèt. Itilizasyon vis, cheviy (Tox), ak kijan pou n asire ke fenèt la ouvè epi l fèmen san l pa "koke".Â
Valè Modil sa a: 3 Kredi
Objektif: Aprann kijan pou n sèvi ak "cales" (ti kwen) pou n nivo fenèt la, kijan pou n pèse miray san n pa kase l, ak kijan pou n chwazi bon vis ak cheviy yo.
Anvan n visse anyen, nou mete fenèt la nan ouvèti a:
Sèvi ak "Cales": Nou sèvi ak ti moso bwa oswa plastik pou n leve fenèt la oswa pouse l sou kote jiskaske Nivo a di nou li dwat nèt (orizontal ak vètikal).
Verifye "Le Plomb": Nou gade si fenèt la pa panche ni vè deyò ni vè andedan. Si l panche, l ap ouvè pou kont li oswa l ap fèmen pou kont li.
Yon bòs IBI dwe konn pèse san l pa kase bò miray la:
Cheviy (Tox/Anchor): Pou miray beton, nou sèvi ak cheviy plastik oswa metal. Pou bwa, nou sèvi ak vis bwa dirèkteman.
Distans Vis yo: Nou pa mete yon sèl vis. Nou mete vis chak 30 a 50 santimèt sou tout kote yo pou fenèt la pa "souke" lè gwo van ap bat li.
Pa vlope vis yo twò fò: Si w sere vis la twòp, ou ka "tòde" kad aliminyòm lan (le cintrage), epi vit la pap ka glise ankò.
Anvan w retire ti kwen (cales) yo:
Ouvè fenèt la nèt, fèmen l nèt.
Si l koke nan mitan, se paske kad la tòde oswa li pa nivo.
Verifye si "crÊmone" (fèmti a) tonbe egzakteman nan tou li a.
Tèm: Poukisa Nivo a se Pi Bon Zanmi Bòs la?
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou poze yon fenèt aliminyòm nan yon chanm. Lè w fin visse l, ou remake fenèt la pa vle fèmen nèt nan tèt, gen yon ti vid ki rete.
Travay ou: Ekri yon ti esplikasyon (10 a 15 liy) pou w di:
Kisa ki ka lakòz vid sa a (èske se nivo a oswa èske se vis yo ki twò sere)?
Kisa w dwe fè pou w ranje sa san w pa demonte tout bagay?
Poukisa li enpòtan pou w verifye "Diagonal" yo ankò apre w fin visse fenèt la?
Fòma: PDF, Tit: CONST100_M3_Non_Etidyan.
"Yon fenèt ki mal poze se yon maladi pou kay la. L ap fè bri lè gen van, l ap kite dlo antre, epi vòlè ap ouvè l fasil. Nan IBI, nou pa poze pou 'parèt bèl' sèlman, nou poze pou 'la pou lontan'. Si w swiv nivo a, nivo a ap swiv repitasyon w kòm bon bòs. Pa janm prese lè w ap fixation, presizyon se sekrè siksè a."
[Gid Videyo Modil 3]: Gade videyo "Fixation solide : Utiliser la perceuse et le niveau comme un pro" kote n ap montre kijan pou n ranje yon fenèt ki pa t vle fèmen nèt.
IBI-Akademi | CONST-100 | Modil 3 (3 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | Š 2026
Nòt Pwofesè: Sa se pati ki pi enpòtan pou kliyan an: Pa kite dlo lapli antre. Sèvi ak Silikon (Mastic), kimen (Mousse expansive), epi fè bèl finisyon ak siman oswa kouvri-joint.
Sekrè IBI: Yon fenèt ki byen sele, se yon kliyan ki kontan lè lapli ap tonbe.
Valè Modil sa a: 3 Kredi
Objektif: Aprann sèvi ak silikon (Mastic), konprann wòl mouss expansive la, epi fè yon bèl finisyon pou dlo pa janm ka antre nan kay la.
Silikon an pa la pou "kole" fenèt la (se vis ki fè sa), li la pou l bouche vid ki gen ant kad fenèt la ak miray la:
Silikon "ExtÊrieur": Li dwe reziste anba solèy ak lapli san l pa krake.
Kijan pou n mete l: Netwaye pousyè a anvan. Mete yon liy ki kontini (san l pa koupe). Sèvi ak yon ti dlo savon pou "lis" jwen an pou l parèt bèl nan je.
Lè vid ki gen ant fenèt la ak miray la twò laj (plis pase 1 santimèt):
Nou pouse mouss lan ladan l. Li gonfle pou l bouche tout ti twou.
Li bon anpil pou Izolasyon Son: Li anpeche bri lari a antre nan chanm nan.
Atansyon: Pa mete twòp, paske lè l gonfle, li ka tòde kad aliminyòm lan si l pa solid.
Dlo a pa dwe janm rete sou rebò fenèt la:
Nou dwe asire nou gen yon ti pant (pente) vè deyò.
Si se siman n ap fè pou finisyon an, fòk nou asire l lis nèt pou dlo a ka glise desann rapid.
Pou yon travay "Top Nivo" nan IBI:
Si gen ti espas ki rete, nou sèvi ak ti baguette (aliminyòm oswa PVC) pou n kouvri kote fenèt la kole ak miray la. Sa bay yon aparans pwòp, tankou se nan faktori yo te poze l.
Tèm: Batay kont Lapli ak Pousyè.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou fin poze yon fenèt, men lè lapli tonbe, dlo ap "swe" (suinter) nan kwen anba a. Lè w gade, silikon ou te mete a krake oswa li dekole nan miray la.
Travay ou: Ekri yon ti rapò (15 a 20 liy) kote w ap esplike:
Poukisa silikon an ka dekole (Ăske se pousyè? Ăske se move kalite silikon?).
Ki etap w ap swiv pou w ranje sa (Ăske w ap annik mete lòt silikon sou li oswa fòk ou rache ansyen an?).
Poukisa li enpòtan pou w tcheke "Appui de fenêtre" la nan ka sa a?
Fòma: PDF, Tit: CONST100_M4_Non_Etidyan.
"Mete silikon se tankou mete siyati w sou yon penti. Si l sal, tout travay la parèt sal. Nan IBI, nou pa vle bòs 'pousye'. Nou vle bòs ki konnen ke yon finisyon ki pwòp se pi bon reklam li ka genyen. Yon kay ki pa janm koule dlo nan fenèt li, se onè bòs la ki sove. Se nan detay yo n ap konnen vrè bòs la."
[Gid Videyo Modil 4]: Gade videyo "Faire un joint de silicone parfait" kote n ap montre teknik pou w lis silikon an ak dwèt ou oswa ak yon spatil san w pa sal kad fenèt la.
IBI-Akademi | CONST-100 | Modil 4 (3 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | Š 2026Â
Nòt Pwofesè: Kijan pou n poze grillage sekirite (pòtay fenèt) ak kijan pou n netwaye ray yo pou fenèt la pa janm "griyen".Â
"Yon fenèt se je kay la. Si l mal poze, kay la ap parèt bòy; si l byen poze, kay la ap gen lavi. Nan IBI, nou pa sèlman poze vit, nou poze konfyans ak sekrè pou moun ka dòmi trankil. Travay yon bòs se siyati li."
Valè Modil sa a: 3 Kredi
Objektif: Aprann poze grilaj sekirite (pòtay fenèt), konprann sistèm vèrouyaj yo, epi bay sèvis antretyen pou fenèt yo toujou glise byen.
An Ayiti, sekirite se premye priyorite kliyan an:
Fixation Grilaj: Grilaj la dwe vese nan "Baton an" (estrikti beton an) oswa li dwe soude ak moso fè ki nan miray la. Li pa dwe janm vese nan kad aliminyòm lan sèlman, paske vòlè ka rache l fasil.
Espas ant Baro yo: Nou rekòmande pou espas la pa depase 10 a 12 santimèt pou yon timoun oswa yon vòlè pa ka pase tèt li.
Fitisyon: Toujou mete "Peinture Anti-rouille" anvan penti final la pou fè a pa manje vit.
Yon fenèt ki pa fèmen ak kle oswa "loquet" se yon pòt louvri:
CrÊmone: Se ti manch ki fèmen batan yo. Nou dwe asire l byen "ajiste" pou l pa gen jwèt.
Verrou de sÊcuritÊ: Pou fenèt coulissante (glise), nou ka ajoute yon ti bouton sekirite anba oswa anlè ki anpeche yo rache fenèt la soti deyò.
Poukisa yon fenèt vin di pou l ouvè?
Pousyè nan Ray: Fòk nou montre kliyan an netwaye ray anba a ak yon aspiratè oswa yon bwòs dan.
Grisaj (Lubrification): Pa janm mete "Grès" nwa nan ray yo! Sèvi ak yon ti espre "Silicone" oswa "WD-40" sou woulèt yo (roulements) pou yo pa janm koke.
Yon bòs IBI kite nimewo telefòn li pou l pase fè yon "Check-up" apre 6 mwa. Sa fè kliyan an gen konfyans epi l ap ba w lòt kontra.
Tèm: Rapò Final yon Bòs Fenèt IBI.
Travay ou: Imajine ou fin poze tout fenèt yon kay nèf (10 fenèt). Ekri yon ti Gid Itilizatè pou kliyan an (25 a 35 liy) ki genyen:
Konsèy Sekirite: Esplike l poukisa grilaj ou poze a solid ak kijan pou l tcheke si vèrou yo byen fèmen chak swa.
Konsèy Antretyen: Di l kisa pou l itilize pou l netwaye vit yo ak ray yo (pa egzanp: dlo ak vinèg, pa pwodwi chimik ki twò fò).
Garanti w: Di l pandan konbe tan w ap disponib si gen yon vit ki "souke" oswa yon "loquet" ki di.
Sèman Bòs la: Ekri: "Mwen pwomèt pou m toujou poze fenèt ak konsyans pou pwoteje lavi ak byen moun k ap viv nan kay la."
Fòma: PDF, Tit: CONST100_MODIL_FINAL_Non_Etidyan.
"Jodi a, ou pa sèlman yon moun ki konn manyen vit, ou se yon bòs fòmasyon IBI. Travay ou se pwoteksyon kliyan an. Lè w poze yon fenèt, sonje ke dèyè vit sa a, gen yon fanmi k ap dòmi, gen byen yon moun travay di pou l genyen. Pa janm 'bwa chat' nan sekirite. Ale nan chanter yo, poze ak presizyon, epi kite non w ekri nan jan fenèt yo glise ak jan kay yo rete an sekirite."
[Gid Videyo Modil 5]: Gade videyo "SÊcuriser une fenêtre contre les intrusions" kote n ap montre teknik pou n vese yon grilaj nan beton nèt pou l pa janm dekole.