Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann kondwi ak disiplin, konfyans ak respè règ wout yo.
Kou Auto‑École Pwofesyonèl IBI Akademi a fèt pou moun ki vle aprann kondwi machin nan yon fason responsab, an sekirite ak pwofesyonèl, selon prensip kòd wout la.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann baz kondwi ak règ sikilasyon routyè,
devlope bon abitid sekirite ak disiplin sou wout,
konprann responsablite chofè a devan lalwa ak sosyete a,
prepare w pou kondwi ak konfyans epi pou egzamen pèmi si sa nesesè.
IBI Akademi mete aksan sou bon jan fòmasyon, pratik ak konsyantizasyon pou ede w vin yon chofè responsab ak serye.
👉 Fè premye pa w nan direksyon yon kondwi pwofesyonèl.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/auto-%C3%A9cole-pwofesyon%C3%A8l
Kòd Kou a: AUTO-1000
Objektif: Metrize kòd wout la, aprann kontwòl teknik machin nan (Manuel & Automatique), epi devlope yon konduit defansif pou evite aksidan.
Nòt Pwofesè: Aprann tout pancho (siy) yo: Siy entèdik, siy obligasyon, ak siy danje. Konprann priyorite nan kafou ak wòl liy blan/jòn yo sou asfalt la.
Prensip IBI: "Kòd wout la se pa pou lapolis ou aprann li, se pou lavi w."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Metrize tout siy sikilasyon yo, konprann priyorite nan kafou, epi aprann kijan pou n entèprete liy ki sou asfalt la.
Gen 3 gwo kalite siy chak chofè IBI dwe rekonèt nan distans:
Siy Danje (Triyang): Yo avèti w de yon bagay k ap vini (eg: yon viraj rèd, yon zòn lekòl). Ou dwe leve pye w sou gaz la.
Siy Entèdik (Wonn Wouj): Yo di w sa w PA gen dwa fè (eg: Pa pase, pa vire adwat, limit vitès). Si w dezobeyi yo, se aksidan oswa kontravansyon.
Siy Obligasyon (Wonn Ble): Yo di w sa w DWE fè (eg: Vire adwat obligatwa, chemen pou bisiklèt sèlman).
Se la anpil aksidan fèt nan peyi a. Men lòd priyorite a:
Siy "STOP": Ou dwe kanpe nèt, wou yo dwe sispann vire anvan w kontinye.
Priyorite Adwat: Si pa gen okenn siy nan yon kafou, se machin ki soti sou bò dwat ou a ki gen priyorite.
Veyikil Ijan: Anbilans, Ponpye, ak Lapolis ki gen sirèn limen gen priyorite sou tout moun.
Liy Kontini (Continue): Se tankou yon "Miray". Ou pa gen dwa janm travèse l pou w double yon lòt machin.
Liy Diskontini (Pointillée): Ou ka travèse l pou w double si wout la lib devan w.
Liy Jòn vs Blan: An jeneral, liy jòn separe trafik k ap ale nan de sans diferan.
Tèm: Li Wout la.
Sitiyasyon (Cas pratique): W ap kondui, ou rive nan yon kafou kote pa gen okenn limyè signalisation (fe wouj). Gen yon machin k ap soti sou bò dwat ou, epi gen yon lòt k ap soti anfas ou ki vle vire agoch.
Travay ou: Ekri yon ti plan analiz (10 a 15 liy) pou w reponn:
Ki machin ki gen priyorite pou l pase an premye nan 3 machin sa yo? Poukisa?
Si w wè yon siy triyang ak yon foto "Timoun" ladan l, ki aksyon w dwe fè ak pye w (Gaz oswa Fren)?
Ki diferans ki genyen ant yon siy "STOP" ak yon siy "Cédez le passage" (Bay pasaj)?
Fòma: PDF, Tit: AUTO1000_M1_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa aprann kòd la pou n pase egzamen lisans sèlman. Nou aprann li paske yon chofè ki respekte siy yo, se yon chofè ki respekte lavi moun li pote yo ak moun k ap mache nan lari a. Lè w konn li wout la, ou kondui ak kè poze. Sonje sa: Lwa sikilasyon an la pou pwoteje w, pa pou jennen w!"
[Gid Videyo Modil 1]: Gade videyo "Les 50 panneaux de signalisation essentiels" kote n ap montre siy nou jwenn pi souvan nan lari a.
IBI-Akademi | AUTO-1000 | Modil 1 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Anvan w demare, fòk ou konn sa k anba "capot" la. Tcheke lwil, dlo (coolant), likid fren, ak presyon kawotchou. Kijan pou w chanje yon kawotchou si w pran yon "crevaison" nan wout.
Sekrè IBI: "Yon chofè ki pa konn tcheke machin li se yon pyeton k ap tann."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Konnen pyès prensipal yo, aprann fè chèk sekirite chak maten, epi konn kijan pou w reyaji si yon vwayan (limyè) limen nan tablodbò a.
Anvan w vire kle a, yon chofè IBI fè ronn machin nan:
Lwil Motè (Huile Moteur): Rale "Dipstick" la. Si lwil la nwa anpil oswa li anba nivo a, pa demare.
Likid Refwadisman (Coolant): Tcheke si gen dlo/coolant nan radyatè a oswa nan rezèvwa a. ATANSYON: Pa janm louvri radyatè a lè motè a cho!
Likid Fren (Liquide de Frein): Gade si nivo a bon. Si l ba, sa ka vle di plaquettes yo fini oswa gen yon fuite.
Kawotchou: Tcheke presyon an (si l pa mou) epi gade si gen "bos" oswa si fil yo soti.
Se kote machin nan pale avè w. Konprann koulè yo:
Wouj (Danje): Kanpe machin nan imedyatman! (Eg: Presyon lwil, Tanperati motè, Batri).
Jòn/Zoranj (Avètisman): Gen yon pwoblèm, men w ka kontinye wout la pou w al nan yon garaj. (Eg: Check Engine, ABS, Ba gaz).
Vèt/Ble (Informasyon): Tout bagay ok oswa yon opsyon limen (Eg: Limyè devan, Siyal).
Chofè IBI a toujou pare pou nenpòt sa k rive:
Chanje Kawotchou: Konn kote Krik (Jack) la ak Kle a ye. Konn kote pou w mete krik la pou w pa kraze tòl machin nan.
Câbles de Sursaut (Jumper Cables): Si batri a mouri.
Triyang de Signalisation: Pou w mete dèyè machin nan si w an pàn nan mitan wout la.
Tèm: Mwen Konn Machin Mwen.
Sitiyasyon (Cas pratique): W ap kondui sou gran wout, epi bridsoukou yon limyè WOUJ ki gen foto yon "Ti Bwat Lwil" parèt nan tablodbò a. 2 minit apre, zegwi tanperati a kòmanse moute nan zòn wouj la.
Travay ou: Ekri yon ti plan aksyon (10 a 15 liy) pou w reponn:
Kisa w dwe fè imedyatman ak machin nan?
Poukisa li danjere pou w kontinye wout la ak limyè sa yo limen?
Ki de (2) bagay w ap tcheke anba "Capot" la yon fwa motè a fin refwadi?
Fòma: PDF, Tit: AUTO1000_M2_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa jis 'vire kle'. Nou koute mizik motè a. Yon machin se tankou yon kò moun: li ba w siy anvan l malad nèt. Yon bon chofè se moun ki konn li siy sa yo. Pran swen machin ou, l ap mennen w kote w vle ale an sekirite. Pa bliye: yon ti dlo oswa yon ti lwil ka sove w yon motè ki koute 3,000 dola!"
[Gid Videyo Modil 2]: Gade videyo "Comment vérifier les niveaux de sa voiture" kote n ap montre egzakteman ki kote chak likid ye.
IBI-Akademi | AUTO-1000 | Modil 2 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè:
Manuel: Metrize "Embrayage" (Clutch) ak chanjman vitès san machin nan pa mouri.
Automatique: Konprann pozisyon P, R, N, D, L.
Manoeuvre: Pakin an kreyo (parallèle), fè bak (marche arrière), epi demi-tou nan lari etwat.
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Metrize kowòdinasyon ant "Clutch" (Embrayage) ak "Gaz", aprann chanje vitès san sakad, epi metrize teknik pakin ak manèv konplèks.
Bwat Manuel: Teknik "Point de friction" an. Se moman kote clutch la kòmanse moute epi motè a kòmanse rale machin nan. Yon etidyan IBI pa kite machin mouri nan mòn!
Bwat Automatique: Pye gòch la pa sèvi anyen! Se sèl pye dwat la k ap jere Gaz ak Fren pou evite konfizyon nan moman panik.
Le Frein moteur: Aprann kijan pou n sèvi ak bwat vitès la pou n ralanti machin nan nan gwo desant pou n pa boule plak fren yo.
Teknik "10h10" oswa "9h15": Se pi bon fason pou n kenbe volan an pou n gen plis kontwòl si nou ta pran yon twou oswa si yon kawotchou ta pete.
Viraj: Pa janm kwaze bra w sou volan an. Sèvi ak teknik "pousse-tire" (pouse-rale) pou w vire ak plis fleksibilite.
Yon chofè IBI dwe konn mete machin li nan nenpòt ti tou:
Marche Arrière (Fè bak): Sèvi ak 3 miwa yo (rétroviseurs) epi toujou voye yon koudèy dèyè pou n asire n pa gen yon timoun oswa yon bèt ki kache anba kof la.
Créneau (Pakin an paralèl): Teknik nan 3 etap (Aliyman, Braquage, Contre-braquage) pou n antre ant de machin san n pa touche yo.
Demi-tour: Kijan pou n vire machin nan yon lari etwat an 3 fwa (Trois points).
Tèm: Mèt Manèv yo.
Sitiyasyon (Cas pratique): W ap kondui yon machin Manuel, ou rive nan mitan yon mòn (tankou mòn Delmas oswa mòn Kenskòf), gen anpil trafik, epi machin nan devan w lan kanpe. Ou dwe demare nan pant lan san machin ou an pa fè bak pou l al frape moun ki dèyè w la.
Travay ou: Ekri yon ti plan teknik (10 a 15 liy) pou w reponn:
Esplike kijan w ap sèvi ak "Fren a men" (Handbrake) ak "Clutch" la pou w demare san danje nan mòn lan.
Nan ki pozisyon men w dwe ye sou volan an lè w ap fè yon "Marche arrière" byen long?
Poukisa nou pa dwe janm kenbe pye nou sou "Clutch" la (embrayage) pandan n ap kondui nòmalman?
Fòma: PDF, Tit: AUTO1000_M3_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa batay ak machin nan, nou danse avè l. Chak vitès ou pase dwe dous tankou mizik. Si bwat vitès la ap krake, se paske ou pa konprann li. Pran tan w, santi vibrasyon motè a nan pye w. Yon bon chofè se pa moun ki kouri pi vit la, se moun ki fè machin li fè sa l vle, kote l vle, ak jan l vle a. Sekirite se premye vitès pou n pase!"
[Gid Videyo Modil 3]: Gade videyo "Comment stationner en créneau parfaitement" kote n ap montre makè vizyèl pou n pa janm rate pakin nou.
IBI-Akademi | AUTO-1000 | Modil 3 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Kijan pou w kondui anba lapli, nan fènwa, oswa nan gwo trafik. Aprann antisipe erè lòt chofè (evite aksidan menmsi se pa fòt ou). Distans sekirite ak itilizasyon miwa yo (rétroviseurs).
Règleman IBI: "Je w dwe toujou ap bale wout la 100 mèt devan w."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Devlope yon vizyon 360 degre, aprann antisipe erè lòt moun, epi metrize teknik sekirite nan kondisyon difisil (lapli, lannwit, gwo trafik).
Yon chofè IBI pa janm di: "Se te priyorite m, se li k antre sou mwen". Nou di: "Mwen te wè l t ap fè fou, mwen kite l pase pou n evite aksidan".
Antisipasyon: Toujou gade byen lwen devan w. Si w wè yon balon ap travèse lari a, atann ou gen yon timoun k ap kouri dèyè l.
Distans Sekirite: Sèvi ak règleman "2 segonn" lan. Toujou kite ase espas ant ou menm ak machin ki devan w lan pou w ka frene si l ta kanpe bridsoukou.
Gen zòn nan miwa yo kote w pa ka wè yon moto oswa yon lòt machin:
Kontwòl Vizyèl: Anvan w chanje liy, ou dwe voye yon koudèy rapid sou kote (pa sèlman nan miwa a) pou w asire w chemen an lib.
Siyal: Toujou bay siyal (clignotant) 3 a 5 segonn anvan w fè manèv la.
Lapli: Wout la glise (aquaplaning). Nou redui vitès la epi nou limen limyè nou pou moun ka wè nou.
Lannwit: Distans vizyon an redui. Pa janm "klere" (plein phares) yon chofè k ap vin anfas ou, sa ka avogle l epi l vin frape w.
Frenaj d'Ijans: Aprann sèvi ak sistèm ABS la. Si machin nan pa gen ABS, aprann frene pa "sakad" pou wou yo pa bloke epi w pèdi direksyon an.
Tèm: Je m se Boukliye m.
Sitiyasyon (Cas pratique): W ap kondui sou yon gran wout (tankou otowout Nò oswa Sid), lannwit ap tonbe epi lapli kòmanse tonbe fò. Yon machin dèyè w ap "kole" w epi l ap ba w "kout fari" (limyè) pou w kouri plis.
Travay ou: Ekri yon ti plan sekirite (10 a 15 liy) pou w reponn:
Ki premye bagay w ap fè ak vitès ou ak limyè machin ou?
Kijan w ap jere chofè ki dèyè w k ap "pouse" w la san w pa mete tèt ou an danje?
Poukisa distans sekirite w ak machin ki devan w lan dwe double paske lapli ap tonbe?
Fòma: PDF, Tit: AUTO1000_M4_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa kondui ak kòlè, nou kondui ak sajès. Yon bon chofè se pa moun ki gen 'dwa' a, se moun ki rive lakay li an sante. Je w dwe toujou ap bale wout la, goch, dwat, devan, dèyè. Sonje sa: pi gwo sekirite yon machin se pa 'Airbag' la, se chofè ki dèyè volan an! Pa kite pèsonn fè w kouri plis pase sa w santi w an sekirite ladan l."
[Gid Videyo Modil 4]: Gade videyo "Comment éviter les angles morts" kote n ap montre kijan pou n ajiste miwa nou yo byen.
IBI-Akademi | AUTO-1000 | Modil 4 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Respè pou pyeton ak moun sou bisiklèt. Kijan pou w jere strès nan trafik ("Road Rage"). Responsablite legal yon chofè (asirans, lisans, papye machin).
Devwa Final: Yon egzamen teyorik sou kòd la ak yon simulasyon konduit kote etidyan an dwe montre nivo pwofesyonèl li.
"Nan IBI, nou pa fòme 'moun ki konn gide', nou fòme 'Chofè'. Yon chofè IBI se yon moun ki gen disiplin. Li pa nan kous, li pa nan fòse priyorite, epi li toujou kenbe machin li pwòp epi an fòm. Lè w gen yon volan nan men w, ou gen lavi moun nan men w. Respekte volan an, respektè lavi a!"
Valè Modil sa a: 5 Kredi
Objektif: Konprann responsablite legal yo, jere strès nan trafik, epi devlope yon konpòtman koutwa anvè tout moun k ap sèvi ak wout la.
Yon chofè IBI se yon moun ki gen edikasyon:
Bay Pasaj: Si yon moun ap soti nan yon pakin oswa yon lari etwat epi trafik la bloke, bay li yon ti chans pou l antre.
Mete w nan plas lòt la: Pa janm sèvi ak klaksonn pou w fè moun pè oswa pou w joure. Klaksonn nan se pou n evite danje sèlman.
Limyè (Plein Phares): Pa janm "klere" yon chofè k ap vin anfas ou oswa moun ki devan w lan. Sa montre ou pa gen respè pou sekirite lòt moun.
Trafik ka rann moun fou, men chofè IBI a rete mèt tèt li:
Respirasyon: Si yon moun koupe w oswa l joure w, pa reponn. Pran yon gwo souf epi kontinye wout ou.
Pa fè Konpetisyon: Lari a se pa yon pis kous. Si yon moun vle kouri plis pase w, kite l pase. Viktwa w se rive lakay ou an sante.
Yon pwofesyonèl toujou gen "Lòd" nan afè l:
Lisans: Toujou gen lisans ou sou ou epi tcheke dat li ekspire.
Asirans ak Enspeksyon (OAVCT): Pa janm kondui yon machin ki pa gen asirans oswa ki pa tcheke nan enspeksyon teknik. Se sekirite finansye w ak sekirite lòt moun ki an jwèt.
Lapolis: Toujou montre respè pou polisye sikilasyon yo. Si yo kanpe w, rete kalm, bay papye w, epi pale ak politès.
Tèm: Mwen se yon Chofè IBI.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou rive nan yon zòn ki gen anpil trafik, chalè ap moute, epi gen yon lòt chofè k ap joure tout moun paske gen yon blokus. Yon pyeton (yon granmoun) ap eseye travèse lari a men pèsonn pa vle ba l pasaj.
Travay ou: Ekri yon ti rapò final (20 a 25 liy) kote w ap esplike:
Ki jès koutwazi w ap fè pou pyeton an?
Kijan w ap reyaji devan chofè k ap fè bri ak klaksonn lan (atitid ou)?
Esplike nan 3 fraz poukisa "Pasyans" se pi bon zouti yon chofè IBI genyen nan men l.
Sèman Chofè a: Ekri: "Mwen sèmante pou m toujou kondui ak konsyans, pou m respekte lavi pyeton ak lòt chofè, pou m toujou gen papye m an règle, epi pou m reprezante IBI-Akademi kòm yon chofè ki gen disiplin ak diyite."
Fòma: PDF, Tit: AUTO1000_MODIL_FINAL_Non_Etidyan.
"Felisitasyon! Jodi a ou se yon 'Mèt Volan'. Ou konn kòd la, ou konn mekanik la, epi ou konn kijan pou w kondui ak sajès. Yon chofè IBI se pa yon moun k ap sèlman 'transpòte' moun, se yon moun k ap 'pwoteje' lavi. Ale kounye a, rann wout nou yo pi an sekirite ak sa w aprann nan. IBI fyè dèske l mete yon chofè tankou w nan lari a!"
[Gid Videyo Modil 5]: Gade dokimantè kout "L'importance de la courtoisie au volant" pou n wè kijan ti jès senp ka chanje lavi moun nan trafik.
IBI-Akademi | AUTO-1000 | Modil 5 (5 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026