Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann reyaji vit pou sove lavi nan moman ijans.
Kou Sekouris ak Swen Dijans IBI Akademi a fèt pou moun ki vle devlope konpetans esansyèl pou entèvni nan ka aksidan oswa sitiyasyon ijan, avèk disiplin ak presizyon.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann teknik premye swen ak sekou ijans,
metrize fason pou reyaji devan blesi, chòk oswa maladi ijans,
konprann prensip sekirite ak pwoteksyon lavi,
prepare w pou bay asistans nan kominote, travay oswa sitiyasyon ijan.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, rapidite ak responsabilite pou ede w devlope kapasite ki ka fè diferans ant lavi ak lanmò.
👉 Fòme tèt ou pou aji lè chak segonn konte.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/sekourisme-ak-soignage-durgence
Objectif Spécifique: Elèv la dwe kapab anize yon zòn aksidan epi pase yon alèt klè bay anbilans oswa lopital (SAMU/CAN).
Volume Horaire: 10 èdtan (6h Teyori / 4h Simulation).
Tit Videyo YouTube: "La chaîne des secours et la protection du sauveteur"
Kòd Inite: SEC-01
Objektif Jeneral: Nan fen modil sa a, elèv la dwe kapab anize yon zòn aksidan an sekirite epi kominike efikasman ak sèvis ijans yo.
Objektif Spécifiques:
Aplike prensip "P-A-S" (Protéger, Alerter, Secourir).
Idantifye danje ki ka rive apre yon aksidan (Ijans vital).
Pase yon mesaj alèt konplè bay otorite yo (SAMU, PNH, Ponpye).
Vòlim Orè: 10 Èdtan (6h Teyori / 4h Simulation).
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral aprann premye reflex yon sekouris. Lè w rive sou yon aksidan, san w pa dwe moute nan tèt ou. Si w kouri sou yon blesi san w pa gade si gen fil kouran ki atè oswa si gen gaz k ap koule, ou ka mouri tou. Nan IBI-Akademi, nou aprann ou pou w se yon 'Sekouris Entelijan'. Premye travay ou se pa touche blese a, se sekirize zòn nan epi rele sekou!"
Sa se ABC tout sekouris:
P - Protéger (Pwoteje): Verifye si pa gen danje pou ou, pou moun ki bò kote yo, ak pou viktim nan. (Egz: Mete triyang siyalizasyon si se yon aksidan machin).
A - Alerter (Alerte): Rele sèvis ijans yo touswit.
S - Secourir (Sekouri): Se sèlman apre w fin pwoteje ak alerte w ap kòmanse bay premye swen yo.
Lè w rele anbilans oswa lapolis, ou pa dwe di "Gen yon aksidan vinn vit!". Ou dwe bay 5 enfòmasyon sa yo:
Ki kote sa pase? (Adrès egzak la).
Ki kalite aksidan li ye? (Machin, dife, moun ki tonbe, elatriye).
Konbe moun ki blese?
Nan ki eta yo ye? (Eske yo pale? Eske yo respire? Eske yo gen gwo senyman?).
Kisa w ap fè deja? (Egz: "M ap fè yon masaj kadyak").
Atansyon: Pa janm kwoke telefòn nan an premye, tann operatè a di w li fini.
Yon sekouris dwe toujou gen:
Gan (Gants): Pou pwoteje tèt li kont san oswa likid ki ka gen maladi (Sida, Epatit).
Vès Fluo: Pou yo ka wè l nan nwit si l ap travay sou yon wout.
Mas: Pou evite respire pousyè oswa lafimen.
Misyon 1 (Sekirite zòn nan): Simulation: Gen yon moun ki pran kouran, li atè a epi fil la toujou sou li.
Kisa w ap fè an premye? (Repons: Pa touche moun nan! Koupe kouran an oswa sèvi ak yon bwa sèk pou retire fil la anvan).
Misyon 2 (Simulation Alèt): Elèv la dwe rele yon fo nimewo ijans nan klas la epi bay tout 5 enfòmasyon yo nan mwens pase 60 segonn san l pa panike.
Misyon 3 (Analiz Danje): Gade yon foto yon sèn aksidan epi site 3 bagay ki ka reprezante yon danje pou sekouris la (egz: vit kase, dife k ap moute, lwil sou wout la).
Objectif Spécifique: Idantifye yon moun k ap toufe epi fè manèv ki nesesè pou debloke gòj li (Manœuvre de Hemlich).
Volume Horaire: 15 èdtan (5h Teyori / 10h Pratik).
Tit Videyo YouTube: "Comment réagir face à un étouffement (Manœuvre de Heimlich)"
Kòd Inite: SEC-02
Objektif Jeneral: Nan fen modil sa a, elèv la dwe kapab rekonèt yon moun k ap toufe epi fè manèv ki nesesè pou debloke gòj li.
Objektif Spécifiques:
Distenge "Obstruction Partielle" (toufe lejè) ak "Obstruction Totale" (toufe grav).
Pratike 5 tafi nan do (Clapping).
Pratike konpresyon nan vant (Manœuvre de Heimlich).
Vòlim Orè: 15 Èdtan (5h Teyori / 10h Pratik - Antrenman sou mannken).
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral aprann kijan pou n anpeche yon moun mouri devan nou paske yon moso vyann oswa yon grenn chenèt bloke souf li. Lè yon moun ap toufe toutbon, li pa ka pale, li pa ka touse, li vin tou ble. Ou gen sèlman kèk segonn pou w aji. Nan IBI-Akademi, nou pral moutre nou manèv Heimlich la, se yon teknik ki senp men ki se yon vrè mirak pou sove lavi."
Toufe Lejè (Obstruction Partielle):
Siy: Moun nan ap touse fò, li ka pale yon ti kras, li fè gwo bri lè l ap respire.
Sa pou w fè: PA MANIPULE L! Kite l touse. Touse a se pi bon fason pou kò a mete fatra a deyò. Si w frape l nan do, ou ka fè fatra a desann pi fon.
Toufe Grav (Obstruction Totale):
Siy: Moun nan pa ka touse, li pa ka pale, li kenbe gòj li ak de men l, figi l ap chanje koulè.
Sa pou w fè: Ou dwe aji touswit ak manèv sekou yo.
Etap 1: 5 Tafi nan do (Claques dans le dos)
Panche moun nan anvan.
Frape l fò 5 fwa ak pla men w nan mitan de (2) omoplat yo (zo zepòl yo).
Etap 2: 5 Konpresyon nan vant (Manœuvre de Heimlich)
Kanpe dèyè moun nan.
Mete yon pwen (fist) ou anlè lonbrit li (ombril), epi kenbe pwen an ak lòt men w.
Rale pwen an fò vè ou menm epi vè anlè (tankou yon fòm "J").
Kontinye jouk bagay la soti oswa moun nan pèdi konesans.
Pou yon Bebe (mwens pase 1 an): Sèvi ak teknik Mofenson. Mete bebe a sou bra w, tèt li anba, epi frape l dousman nan do ak 2 dwèt.
Pou Fanm Ansent oswa moun ki twò gwo: Pa peze vant lan, fè konpresyon yo nan mitan pwatrin lan (Thorax).
Misyon 1 (Simulation): De (2) elèv ap travay ansanm. Yonn ap fè kòmsi l ap toufe, lòt la dwe pozisyone men l kòrèkteman pou Heimlich (san l pa peze toutbon pou l pa fè lòt la mal).
Misyon 2 (Analiz): Yon moun ap touse fò, li di w: "Mwen mwayen wi".
Èske w ap frape l nan do? (Repons: Non! Kite l touse pou kont li).
Misyon 3 (Ijans): Si apre tout manèv sa yo moun nan tonbe san konesans, kisa w ap fè kounye a? (Repons: Rele alèt la epi kòmanse yon masaj kadyak - n ap wè sa nan Modil 5).
Objectif Spécifique: Kanpe yon senyman ki ka touye yon moun nan kèk minit (Compression directe, Garrot).
Volume Horaire: 15 èdtan (5h Teyori / 10h Pratik).
Tit Videyo YouTube: "Comment arrêter une hémorragie : compression et garrot"
Kòd Inite: SEC-03
Objektif Jeneral: Nan fen modil sa a, elèv la dwe kapab kanpe yon senyman abondan pou evite viktim nan tonbe nan chòk.
Objektif Spécifiques:
Idantifye yon emoraji (san k ap gade fò oswa k ap koule san rete).
Pratike "Compression Directe" (peze kote k ap senyen an).
Aprann kijan ak ki lè pou n fè yon "Garrot" (Lidè nan ijans ekstrèm).
Vòlim Orè: 15 Èdtan (5h Teyori / 10h Pratik).
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral aprann kijan pou n fèmen yon 'fuite' san nan kò moun. San se lavi; si l soti twòp, kè a p'ap gen anyen pou l voye nan sèvo a ankò. Nan IBI-Akademi, nou p'ap pè san. N'ap mete gan nou, epi n'ap peze kote k ap senyen an ak tout fòs nou jouk sekou rive. Nou pral wè tou kijan pou n sèvi ak yon 'Garrot' lè sitiyasyon an grav anpil, tankou nan yon gwo aksidan machin."
Compression Directe (Peze dirèkteman):
Sèvi ak men w (ki gen gan) oswa yon twal pwòp (tampon).
Peze fò sou blesi a san w pa lage.
Si twal la plen san, pa retire l! Mete yon lòt anlè l epi kontinye peze.
Le Pansement Compressif (Bannaj ki sere):
Si ou pou kont ou epi ou dwe al fè yon lòt bagay (tankou rele alèt la), sèvi ak yon bandaj pou sere tampon an fò sou blesi a.
Nou fè yon garrot sèlman si peze a pa mache oswa si gen anpil blese epi ou pa ka rete peze pou yon sèl moun.
Kote pou n fè l: Anlè blesi a (ant blesi a ak kè a), sou bra oswa sou kwis (cuisse).
Kijan pou n fè l: Sèvi ak yon twal laj (pa fil fann) ak yon ti bwa pou sere l jouk san an sispann koule nèt.
Règ Lò: Ekri LÈ (Heure) ou fè garrot a sou fwon viktim nan oswa sou yon papye pou doktè a konnen konbe tan manm nan pase san san.
Pa janm retire yon kouto oswa yon moso fè ki plante nan kò yon moun. Li sèvi kòm yon bouchon; si w rale l, san an ap gade pi rèd.
Pa janm lave yon gwo blesi k ap senyen anpil ak dlo pandan w ap eseye kanpe san an. Priyorite a se kanpe koule a.
Misyon 1 (Peze ak men): Simulation: Yon moun blese nan bra ak yon moso vit.
Elèv la dwe mete gan l vit, pran yon twal, epi montre kijan l ap peze san l pa lage pandan l ap lonje men pou l mande yon moun rele anbilans.
Misyon 2 (Fè yon Garrot): Sèvi ak yon mouchwa laj ak yon kreyon.
Elèv la dwe montre kijan l ap sere bra yon lòt elèv (dousman pou simulation) epi ekri lè a sou yon moso papye kolan.
Misyon 3 (Kò moun nan): Si yon moun pèdi anpil san, li vin frèt epi l ap tranble.
Kisa w dwe fè anplis kanpe san an? (Repons: Kouvri l ak yon dra pou l pa pèdi chalè).
Objectif Spécifique: Mete yon moun ki pa konsyan men k ap respire nan yon pozisyon sekirite (PLS).
Volume Horaire: 15 èdtan (5h Teyori / 10h Pratik).
Tit Videyo YouTube: "Mise en Position Latérale de Sécurité (PLS)"
Kòd Inite: SEC-04
Objektif Jeneral: Nan fen modil sa a, elèv la dwe kapab rekonèt yon moun ki pa konsyan epi mete l nan yon pozisyon ki sekirize souf li (PLS).
Objektif Spécifiques:
Verifye nivo konsyans yon viktim (Pale, Touche).
Libere vwa respiratwa yo (L-V-A).
Pratike Position Latérale de Sécurité (PLS) kòrèkteman.
Vòlim Orè: 15 Èdtan (5h Teyori / 10h Pratik).
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral wè yon sitiyasyon nou jwenn souvan: yon moun ki endispoze. Li pa mouri, men li nan yon gwo dòmi pwofon kote kò l lage nèt. Danje a se kisa? Se 'lang' li ki ka desann nan gòj li pou l toufe l. Nan IBI-Akademi, n ap aprann nou kijan pou n vire moun nan sou kote pou l ka kontinye respire san danje jouk sekou rive."
La Conscience (Konsyans): Peze men l, mande l: "Èske w tande m? Si w tande m, louvri je w!" Si l pa reponn, li pa konsyan.
L-V-A (Libération des Voies Aériennes): Mete yon men sou fwon l, de dwèt anba manton l, epi panche tèt li dousman vè dèyè pou louvri gòj li.
La Respiration (Respirasyon): Mete zòrèy ou bò bouch li epi gade pwatrin li pandan 10 segonn.
Mwen tande souf li? Mwen santi l sou po m? Mwen wè vant li k ap moute? * Si l ap respire: Nou mete l nan PLS.
Se teknik pou mete moun nan sou kote. Men etap yo:
Etap A: Mete bra ki bò kote w la nan yon ang dwat (90°).
Etap B: Pran lòt men l, mete l sou jof li (joue) bò kote w la.
Etap C: Kenbe jenou ki pi lwen an, rale l pou vire tout kò moun nan vè ou menm.
Etap D: Louvri bouch li dousman epi verifye si tèt li byen apiye sou men l.
Li anpeche lang lan bloke gòj la.
Si moun nan ta vomi, likid la ap soti deyò olye li desann nan poumon l (sa k ka touye l).
Misyon 1 (Evalyasyon): Simulation: Yon moun kouche atè nan lakou lekòl la.
Elèv la dwe fè tout etap yo: Sekirize zòn nan, tcheke konsyans, louvri gòj la, epi tcheke respirasyon an pandan 10 segonn.
Misyon 2 (Pratik PLS): De (2) elèv ap travay ansanm. Yonn fè kòmsi l pèdi konesans, lòt la dwe mete l nan PLS nan mwens pase 1 minit san l pa sakaje kò l.
Misyon 3 (Siveyans): Yon fwa moun nan fin nan PLS, èske sekouris la ka ale?
(Repons: Non! Li dwe rete bò kote l, kouvri l pou l pa fè frèt, epi tcheke chak de minit si l ap respire toujou jouk anbilans rive).
Objectif Spécifique: Fè masaj kadyak epi sèvi ak yon Defibrillateur (DAE) pou rekòmanse kè a.
Volume Horaire: 25 èdtan (5h Teyori / 20h Simulation entansif).
Tit Videyo YouTube: "Massage cardiaque et utilisation du défibrillateur (DAE)"
Kòd Inite: SEC-05
Objektif Jeneral: Nan fen modil sa a, elèv la dwe kapab rekonèt yon moun ki fè yon kriz kadyak epi fè masaj kadyak la ak defibrillateur la san ezite.
Objektif Spécifiques:
Rekonèt yon moun ki pa konsyan epi ki pa respire.
Pratike Massage Cardiaque (Konpresyon torasik) nan bon ritm lan.
Aprann sèvi ak yon D-A-E (Défibrillateur Automatisé Externe).
Vòlim Orè: 25 Èdtan (5h Teyori / 20h Simulation entansif sou mannken).
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral aprann tounen 'motè' yon moun. Lè kè yon moun sispann bat, san an pa sikile ankò. Nan IBI-Akademi, n ap aprann nou pou n pa pè pouse pwatrin moun nan ak tout fòs nou pou n voye san nan sèvo l. Chak segonn konte. Si n aji vit, moun nan gen yon chans pou l revni nan lavi!"
Ou dwe verifye 2 bagay nan mwens pase 10 segonn:
Li pa konsyan: Li pa reponn, li pa louvri je l.
Li pa respire: Vant li pa moute, ou pa tande souf li.
Atansyon: Pafwa moun nan ka fè kèk "Gasp" (ti bri tankou yon moun k ap chèche souf dousman), sa a se pa respirasyon, se yon siy kè a kanpe. KOUMANSE MASAJ LA!
Pozisyon: Mete moun nan kouche plat sou do sou yon kote ki di (pa sou kabann mou).
Kote pou n peze: Nan mitan pwatrin lan (Thorax).
Fason pou n peze: Kwaze de (2) men w, bra w dwe byen dwat.
Ritm lan: 100 a 120 konpresyon pa minit (swiv ritm mizik "Stayin' Alive").
Pwofondè: Peze pwatrin lan desann apeprè 5 a 6 cm.
Si gen yon DAE toupre, se premye bagay pou n limen.
Limen aparèy la: Li pral pale ak ou, swiv lòd li bay yo.
Kole elektwòd yo: Yon anlè sou bò dwat, yon anba sou bò gòch pwatrin lan.
Laisse l'appareil analyser: Pa manyen moun nan pandan l ap chèche konnen si l dwe bay yon chòk.
Délivrer le choc: Si aparèy la di sa, asire w pèsonn pa manyen viktim nan, epi peze bouton an.
Reprendre le massage: Rekòmanse masaj la touswit apre chòk la.
Misyon 1 (Andirans): Elèv la dwe fè yon masaj kadyak sou yon mannken pandan 2 minit san l pa sispann. (Pwofesè a ap verifye si l peze ase fò).
Misyon 2 (Ekip de de): Pandan yon elèv ap fè masaj, lòt la ap prepare DAE a. Yo dwe chanje plas chak 2 minit pou yo pa fatige, paske masaj la mande anpil enèji.
Misyon 3 (Ijans total): Simulation: Yon moun tonbe nan biwo IBI a.
Elèv la dwe sekirize, verifye konsyans/respirasyon, rele alèt la, epi kòmanse masaj la anvan 1 minit fin pase.
Objectif Spécifique: Rekonèt siy yon moun k ap fè yon AVC oswa yon kriz kè epi konnen kisa pou w fè anvan doktè rive.
Volume Horaire: 15 èdtan.
Tit Videyo YouTube: "Reconnaître les signes d'un AVC ou d'un infarctus
Kòd Inite: SEC-06
Objektif Jeneral: Rekonèt siy yon malèz grav epi pran desizyon ki nesesè pou pwoteje lavi viktim nan anvan doktè rive.
Objektif Spécifiques:
Idantifye siy yon AVC (Accident Vasculaire Cérébral).
Rekonèt siy yon kriz kadyak (Infarctus).
Konnen kijan pou n aji devan yon moun ki fè yon kriz sik (Hypoglycémie).
Vòlim Orè: 15 Èdtan (10h Teyori / 5h Pratik).
"Bonjou klas! Gen moun ki di 'mwen santi m hòt', 'tèt mwen ap vire', oswa 'mwen gen yon pwa sou lestonmak mwen'. Nan IBI-Akademi, nou pa pran plent sa yo pou jwèt. Yon ti malèz ka kache yon gwo kriz k ap vini. Travay nou se mete moun nan poze, poze l bon keksyon, epi alerte sekou vit pou yo pa fè paralizi oswa pou kè yo pa kanpe."
AVC a se lè yon veso san pete oswa bouche nan sèvo a. Fòk nou aji V-I-T:
V - Visage (Figi): Mande moun nan fè yon ti souri. Èske yon bò nan bouch li pandye?
I - Incapacité (Bra): Mande l leve de (2) bra l yo. Èske gen yon bra ki tonbe oswa ki pa ka moute?
T - Trouble de parole (Pale): Mande l repete yon fraz senp. Èske l ap tatonnen oswa li pale dwòl?
Si gen youn nan siy sa yo: Rele 116 oswa 114 touswit!
Siy yo: Yon gwo doulè nan mitan pwatrin lan ki sere tankou yon kòd. Doulè a ka moute nan machwè (mâchoire) oswa desann nan bra gòch la. Moun nan ka gen swe frèt epi l ap toufe.
Sa pou w fè: Mete moun nan chita oswa mwatye kouche (position demi-assise). Pa kite l fè okenn efò. Rele sekou.
Sa rive souvan nan peyi nou. Yon moun ki grangou oswa yon moun ki gen dyabèt ki pran remèd san l pa manje.
Siy yo: Tranbleman, swe frèt, tèt vire, moun nan vin agresif oswa li pèdi fil.
Sa pou w fè: Si moun nan ka vale toujou, ba l DLO SIKRE oswa yon bonbon touswit. Si li pèdi konesans, pa ba l anyen nan bouch, mete l nan PLS.
Misyon 1 (Detektif AVC): Simulation: Yon pwofesè ap pale nan klas la, epi bridsoukou li kòmanse pale tenten epi yon bò nan bouch li kwochi.
Elèv la dwe idantifye se yon AVC epi montre kote l ap rele pou mande sekou.
Misyon 2 (Pozisyon Konfò): Yon moun di l gen yon pwa sou kè l.
Montre kijan w ap ede l chita atè a, do l apiye sou yon miray (Position demi-assise) pou l ka respire pi byen.
Misyon 3 (Keksyon Ijans): Ki 3 keksyon w dwe poze yon moun ki santi l mal?
Depi konbe tan sa kòmanse?
Èske se premye fwa sa rive w?
Èske w ap pran remèd pou tansyon oswa dyabèt?
Objectif Spécifique: Netwaye yon blesi kòrèkteman epi trete diferan kalite boule (1er, 2ème, 3ème degré).
Volume Horaire: 15 èdtan.
Tit Videyo YouTube: "Soins des plaies simples et traitement des brûlures"
Kòd Inite: SEC-07
Objektif Jeneral: Nan fen modil sa a, elèv la dwe kapab trete yon blesi senp epi bay premye swen pou yon boule selon gravite l.
Objektif Spécifiques:
Distenge yon blesi senp ak yon blesi grav.
Netwaye epi pwoteje yon blesi (Désinfection).
Aplike règleman "15-15-15" la pou yon moun ki boule.
Vòlim Orè: 15 Èdtan (10h Teyori / 5h Pratik).
"Bonjou klas! Po a se premye baryè ki pwoteje kò nou. Lè l gen yon twou (blesi) oswa lè l domaje (boule), mikwòb yo jwenn pòt louvri pou yo antre. Nan IBI-Akademi, n ap aprann nou pou n pa mete 'kafe' oswa 'pâte dentifrice' sou blesi ak boule jan yo konn fè sa nan lari a. N ap sèvi ak metòd syantifik pou n evite enfeksyon epi ede kò a repare tèt li pi vit."
Nou divize yo an de (2) kategori:
Blesi Senp: Yon ti grafouyen, yon kouti lejè ki pa fon.
Sa pou n fè: Lave men nou, netwaye blesi a ak dlo ak savon oswa yon antiseptik (Dakins, Betadine), epi mete yon pansman pwòp.
Blesi Grav: Yon blesi ki fon, ki gen yon bagay plante ladan l, oswa ki toupre yon ògan sansib (je, kou).
Sa pou n fè: Pa retire anyen ki plante ladan l, alerte sekou, epi pwoteje blesi a ak yon konprès esteril san n pa peze l twò fò.
Danje yon boule depann de sifas li pran ak pwofondè li (1er, 2ème, 3ème degré).
Règ 15-15-15 (Ijans): 1. Mete dlo tiyo sou boule a pandan 15 minit. 2. Dlo a dwe gen yon tanperati 15°C (dlo fre, pa dlo glas). 3. Kenbe dlo a nan yon distans 15 cm ak boule a (pa kite dlo a frape l fò).
Atansyon: Pa janm pete "cloches" (anpoul) ki moute sou yon boule. Pa janm mete bè, lwil, oswa dantifris (sa yo kenbe chalè a anndan epi yo bay enfeksyon).
Toujou mete GAN anvan w touche san oswa po yon moun ki blese.
Tcheke si moun nan vaksine kont Tétanos.
Misyon 1 (Netwayaj): Simulation: Yon elèv gen yon blesi nan jenou ki gen pousyè ladan l.
Lòt elèv la dwe montre kijan l ap netwaye l (soti nan mitan blesi a vè deyò) epi mete yon pansman san l pa touche pati ki pral sou blesi a ak dwèt li.
Misyon 2 (Ijans Boule): Yon moun sot pran dlo cho nan men l.
Montre kijan w ap mete men an anba yon tiyo dlo k ap koule dousman epi konbe tan w ap kite l la.
Misyon 3 (Analiz): Yon moun gen yon moso bwa ki plante nan pla men l.
Èske w ap rale l? (Repons: Non! Fixe moso bwa a ak yon bandaj pou l pa deplase, epi mennen moun nan lopital).
Objectif Spécifique: Immobilize yon manm ki kase (bra, janm) oswa yon moun ki blese nan do/kou san n pa fè plis dega.
Volume Horaire: 20 èdtan (5h Teyori / 15h Pratik).
Tit Videyo YouTube: "L'immobilisation d'un membre fracturé : attelles et écharpes"
Kòd Inite: SEC-01-08
Objektif Jeneral: Nan fen modil sa a, elèv la dwe kapab rekonèt yon frakti epi immobilize manm nan pou l pa fè plis dega pandan transpò.
Objektif Spécifiques:
Distenge yon frakti "Fermée" ak yon frakti "Ouverte".
Sèvi ak teknik "Écharpe" pou kenbe yon bra ki kase.
Konnen kijan pou n pa deplase yon moun ki gen yon chòk nan do (Colonne vertébrale).
Vòlim Orè: 20 Èdtan (5h Teyori / 15h Pratik - Atèl ak Bandaj).
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral aprann kijan pou n 'ranje' yon moun ki kase yon zo anvan l rive lopital. Si yon moun gen yon zo kase epi w deplase l nenpòt kijan, zo a ka koupe yon veso san oswa yon nè. Nan IBI-Akademi, n ap aprann nou pou n pa janm 'remete zo nan plas li'. Travay nou se fè poze, immobilize l kote l ye a, epi kalme doulè a."
Siy yo souvan klè:
Doulè: Yon doulè ki rèd anpil ki anpeche moun nan bouje.
Déformation: Manm nan kwochi oswa li gen yon fòm ki pa nòmal.
Oedème: Zòn nan anfle epi li vin tou ble (hématome).
Frakti Ouverte: Se lè zo a pèse po a epi l soti deyò. (Danje: Senyen ak Enfeksyon).
Règ lò a se: Pa janm bouje manm nan!
L'Écharpe (Pou Bra): Sèvi ak yon mouchwa laj oswa yon twal triyangilè pou kenbe bra a sou lestomak moun nan pou l pa balanse.
L'Attelle (Atèl): Sèvi ak yon moso bwa, yon moso katon, oswa yon jounal ki byen woule pou n bòde manm nan pou l pa kwochi.
Traumatisme du dos/cou: Si yon moun tonbe sot nan wotè (pyebwa oswa machin), PA JANM DEPLASE L! Kenbe tèt li sèlman nan yon pozisyon dwat (Maintien de tête) jouk sekou rive pou evite paralizi.
Pa janm eseye "rale" yon manm ki kase pou w mete l dwat.
Pa janm bay moun nan dlo oswa manje (si l ta dwe fè yon operasyon an ijans).
Misyon 1 (Fè yon écharpe): Simulation: Yon elèv kase bra l.
Lòt elèv la dwe sèvi ak yon mouchwa oswa yon kòl chemiz pou l immobilize bra a kòrèkteman nan mwens pase 2 minit.
Misyon 2 (Brikole yon atèl): Sèvi ak moso katon ak yon bandaj.
Montre kijan w ap immobilize yon janm (cheville) ki foule oswa ki kase san w pa sere l twò fò pou san an ka kontinye pase.
Misyon 3 (Maintien de tête): Simulation: Yon moun tonbe nan yon pye mango.
Elèv la dwe montre kijan l ap kanpe dèyè tèt viktim nan epi kenbe l ak de (2) men l pou tèt la pa vire goch-dwat.
Objectif Spécifique: Aprann kijan pou n leve yon moun ki blese (Brancardage) ak sekirite epi pwoteje tèt nou kont maladi (Gants, Masque).
Volume Horaire: 15 èdtan.
Tit Videyo YouTube: "Techniques de relevage et de brancardage en secourisme"
Kòd Inite: SEC-01-09
Objektif Jeneral: Nan fen modil sa a, elèv la dwe kapab deplase yon viktim ak sekirite epi pwoteje tèt li kont kontaminasyon.
Objektif Spécifiques:
Aplike règleman ijyèn (Lavage des mains, Gants, Masques).
Pratike teknik "Relevage" (Leve moun atè).
Sèvi ak teknik "Brancardage" (Transpò sou bwa oswa chèz).
Vòlim Orè: 15 Èdtan (5h Teyori / 10h Pratik - Manipilasyon).
"Bonjou klas! Jodi a, nou pral aprann ke yon sekouris se pa yon 'Sipèman'. Ou pa ka leve yon moun 200 liv pou kont ou san w pa gen teknik. Nan IBI-Akademi, n ap moutre nou kijan pou n fè yon ekip pou n leve yon moun tankou se yon plim li ye, pandan n ap kenbe do l byen dwat. N ap wè tou kijan pou n pwoteje tèt nou pou san oswa krache yon moun pa rann nou malad tou."
Avan ak apre chak entèvansyon:
Lavage des mains: Sèvi ak dlo ak savon oswa jèl idwo-alkolik.
Équipement de Protection Individuelle (EPI): Toujou gen gan an latèks oswa nitril. Si gen lafimen oswa pousyè, mete yon mas.
Gestion des déchets: Konnen kijan pou n jete konprès ki gen san yo nan yon sache separe (Déchets infectieux).
Si nou dwe deplase yon moun ki pa ka mache:
Le Pont Simple (Pou 3 sekouris): Sekouris yo kanpe an janm-fouchèt anlè viktim nan. Yo glise men yo anba do l, anba fès li, ak anba janm li, epi yo leve l ansanm sou yon sèl kòmand.
La chaise (Pou 2 sekouris): Kwaze men nou pou n fè yon "chèz" pou n pote yon moun ki konsyan men ki pa ka mache.
Le dégagement d'urgence: Si gen yon danje imedya (dife, eksplozyon), nou ka rale moun nan pa ponyèt li oswa pa anba zèl li (aisselles) pou n mete l lwen danje a vit.
Pou w pa kase do w:
Pa janm pliye do w lè w ap leve yon chay.
Pliye jenou w, kenbe do w byen dwat, epi pouse ak fòs janm ou.
Toujou leve an ekip epi gen yon moun k ap bay lòd ("Attention pour lever... Levez !").
Misyon 1 (Leve an ekip): Yon gwoup 3 etidyan dwe leve yon 4yèm etidyan ki kouche atè a san yo pa kwochi do li, epi depoze l dousman sou yon tab oswa yon branka (civière).
Misyon 2 (La chaise): De (2) etidyan dwe fè yon chèz ak men yo epi transpòte yon lòt etidyan sou yon distans 10 mèt san yo pa lage l.
Misyon 3 (Ijyèn): Simulation: Etidyan an gen gan nan men l ki gen "penti wouj" (kòmsi se san).
Li dwe montre kijan l ap retire gan yo san l pa touche pati ki gen penti a ak po l, epi kijan l ap jete yo.
Objectif Spécifique: Jere yon senaryo katastwòf kote gen plizyè moun blese ansanm (Triage).
Volume Horaire: 10 èdtan (Egzamen pratik final).
Tit Videyo YouTube: "Exercice de simulation secours à victimes multiples"
Kòd Inite: SEC-01-10
Objektif Jeneral: Nan fen modil sa a, elèv la dwe kapab jere yon sèn ijans ak plizyè viktim (Triage) epi bay swen ki kòrèk la selon ijans lan.
Objektif Spécifiques:
Fè yon "Triage" rapid (Kilès ki bezwen sekou an premye?).
Jere estrès ak kòmandman yon ekip sekou.
Pase yon bilan konplè bay yon doktè oswa yon anbilansye.
Vòlim Orè: 10 Èdtan (Egzamen Pratik Final sou teren).
"Bonjou klas! Jodi a, nou pa nan teyori ankò. Imajine gen yon tranbleman tè oswa yon gwo aksidan kamyon devan lekòl la. Gen 10 moun atè. Kilès w ap sove an premye? Moun k ap rele a? Oswa moun ki kouche plat la epi ki p'ap di anyen an? Nan IBI-Akademi, nou pral moutre nou kijan pou n pa pèdi tèt nou nan mitan dezòd, pou n ka sove plis moun posib."
Lè gen anpil moun blese, nou pa ka trete tout moun an menm tan. Nou mete kòd koulè:
WOUJ (Ijans Vital): Moun nan pèdi konesans, li gen gwo senyman, oswa li gen pwoblèm souf. (Sove l an premye!).
JÒN (Ijans Grav): Li blese serye (zo kase), men li ka tann yon ti kras.
VÈ (Blesi Lejè): Moun ki ka mache epi ki gen ti grafouyen.
NWA (Mouri): Moun nan pa respire ankò epi kè l sispann bat depi lontan.
Nou kreye yon sèn ak elèv yo:
Viktim A: Gen yon moso vit nan bra l, l ap senyen anpil (Modil 3).
Viktim B: Li kouche sou do, li pa pale men l ap respire (Modil 4).
Viktim C: Li kenbe gòj li, li pa ka touse (Modil 2).
Viktim D: Li di bra l ap fè l mal anpil (Modil 8).
Travay elèv la: Li dwe antre nan sèn nan, sekirize zòn nan (Modil 1), fè triage a, epi bay chak moun premye swen ki nesesè nan lòd ijans lan.
Yon fwa "anbilans" la rive, elèv la dwe kapab bay yon rapò klè:
"Mwen gen yon nonm 30 an, li te gen yon emoraji nan bra gòch, mwen fè yon garrot a 10h15. Li konsyan."
"Mwen gen yon fanm ki pèdi konesans, mwen mete l nan PLS."
Anvan elèv la resevwa diplòm li, li dwe pwomèt:
Mwen p'ap janm pase devan yon aksidan san m pa pote sekou.
Mwen p'ap janm depase limit konesans mwen (mwen p'ap fè wòl doktè).
Mwen p'ap janm gade ras, relijyon, oswa lajan pou m sove yon moun.