Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann jwe mizik ak ritm, teknik ak pasyon.
Kou Pyano ak Keyboard IBI Akademi a fèt pou tout moun ki vle antre nan mizik, aprann jwe pyano oswa keyboard, epi devlope kapasite yo nan son, ritm ak melodi.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann baz mizik ak lekti nòt,
metrize teknik pou jwe pyano ak keyboard,
devlope sans ritm, kowòdinasyon ak kreyativite,
prepare w pou jwe pou plezi, legliz, gwoup mizik oswa pwojè pèsonèl.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, disiplin ak evolisyon etap pa etap pou ede w devlope konfyans ak kapasite mizikal ou.
👉 Bay mizik la plas li nan lavi w avèk konpetans.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/pyano-ak-keyboard
Otè: Docourt Alfred (Fondatè IBI-Akademi)
Nivo: Inisyasyon rive nan Entèmedyè.
Pwoteksyon: © 2026 IBI-Akademi. Fotokopi ak distribisyon entèdi.
Anvan etidyan an jwe, li dwe konprann kijan "touche" yo ranje:
Touche Blanch ak Touche Nwa: Rekonèt gwoup 2 nwa ak 3 nwa yo.
Non nòt yo: Do (C), Ré (D), Mi (E), Fa (F), Sol (G), La (A), Si (B).
Le Do Central (Middle C): Pwen depa pou tout etidyan.
Pyano a mande yon bon pozisyon pou evite fatig:
Dwèt yo: Nou nimewote yo soti nan 1 (Gwo pous) rive nan 5 (Ti dwèt).
La Main en Griffe: Men an dwe tankou yon ti pon, li pa dwe plat sou touche yo.
Postit: Chita dwat, bra yo dwe nivo ak klavye a.
Kòmanse fè mizik mache ak de (2) men yo:
Gamme de Do Majeur (C Major): Jwe li moute epi desann ak men dwat, apre sa ak men gòch.
Le Passage du Pouce: Teknik pou glise pous la anba lòt dwèt yo pou kontinye jwe san n pa sote.
Sekrè pou akonpanye nenpòt chante:
Les Accords de Base: C (Do), F (Fa), G (Sol), Am (La mineur).
Règ 1-3-5: Kijan pou n jwe yon akò pafè ak 3 dwèt.
Kijan pou n bat ritm lan sou klavye a:
Le "Poum-Chak": Men gòch la bay baz (Poum) epi men dwat la bay akò a (Chak).
Arpèges: Jwe nòt akò yo youn apre lòt olye n jwe yo ansanm.
Pou n pa deplase men nou twòp sou klavye a:
Inversion 1 ak 2: Chanje lòd nòt nan yon akò pou yo pi pre lòt akò w ap jwe a.
Konprann langaj ekri mizik la:
La Clé de Sol (Men dwat) ak La Clé de Fa (Men gòch).
Les Altérations: Dièse (#) ak Bémol (b) - touche nwa yo.
Bay mizik la nanm:
La Pédale Forte (Sustain): Kijan pou n sèvi ak pye a pou fè son an kontinye vibre.
Piano vs Forte: Jwe dousman (piano) epi jwe fò (forte) pou bay emosyon.
Adapte klavye a ak ritm nou renmen yo:
Le Tempo: Kijan pou n kenbe kadans lan nan diferan estil.
Etidyan an dwe kapab kreye pwòp melodi pa l:
L'Improvisation: Sèvi ak yon gam pou n kreye bèl ti son sou yon akonpayman.
Examen Final: Jwe yon moso mizik konplè (vokal oswa enstrimantal).
"Klavye a se yon glas; sa ou mete ladan l ak kè w, se sa l ap remèt ou an son. Chak touche ou peze se yon lavi w ap touche." — Docourt Alfred.