Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Admisyon nan IBI-Akademi ouvè pou tout moun ki vle aprann yon metye teknik serye pandan y ap evolye nan yon anviwònman ki baze sou valè kretyen yo. Kit ou se yon jenn ki fenk fin fè klas segondè ou, kit ou se yon pwofesyonèl ki vle aprann plis, nou gen yon plas pou ou.
Chwazi pogram ou an: Gade lis kou nou yo epi chwazi sa ki koresponn ak pwojè w la.
Ranpli fòm nan: Ranpli fòmilè pre-enskripsyon ki anba a.
Depoze dosye w: Apre nou fin valide fòm ou an, w ap bezwen anrejistre dokiman sa yo sou sit la:
Yon kopi ak de nesans oswa kat CIN ou.
De (2) foto idantite resan.
Yon kopi dènye diplòm oswa sètifika lekòl ou.
Peye frè yo: Peye frè enskripsyon an pou w ka asire plas ou nan klas la.
Pou nou ka toujou ba ou pi bon kalite fòmasyon an, gen yon ti patisipasyon ki mande:
Frè Enskripsyon: 1000 HT
Frè pa mwa (Ekolaj): Pri a varye selon pogram ou chwazi a (Teknoloji, Lang, Metye Manyèl).
Nòt: Pou moman sa nou pa pran frè pa mwa. ou peye frè enskripsyon + frè dokiman (PDF) + frè sètifika.
Si w gen pwoblèm pou w ranpli fòm nan oswa si w gen kesyon, ekip nou an la pou akonpaye w.
WhatsApp: +5094629-1391
Imèl: direction@ibi-online.org.
Adrès: Kafoufey, wout de Dal, 85, Fort-mercredi.