Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann kontwole ritm ak enèji pou fè mizik la pran lavi.
Kou Kiris â Metriz Batri & Atizay Pèkisyon IBI Akademi a fèt pou moun ki vle metrize teknik batri (drums) ak lòt enstriman pèkisyon, pandan yo devlope sans ritm yo ak presizyon mizikal yo.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann baz batri ak pèkisyon (ritm, tempo, kowòdinasyon),
metrize teknik pou jwe diferan stil mizik,
devlope kapasite pou akonpaye mizik an gwoup oswa solo,
prepare w pou jwe nan legliz, gwoup mizikal, evènman oswa pwojè pèsonèl.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, disiplin ak repetisyon pou ede w devlope kapasite mizikal ou etap pa etap.
đ Fè ritm lan vin lang ou, epi eksprime tèt ou atravè mizik.
â
Enskri kounye a :
đ https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
đ Plis detay sou kou a :
đ https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/kiris-metriz-batri-lart-de-la-percussion
Anvan etidyan an frape, li dwe konnen non chak eleman nan "Kit" la:
La Grosse Caisse (Bass Drum): Gwo tanbou ki atè a, nou jwe l ak pye dwat. Li bay son ki pi ba a (Boum).
La Caisse Claire (Snare Drum): Tanbou ki nan mitan de (2) janm yo. Li bay son ki sèk la (Tak).
Les Toms (Tom-toms): Gen de ki anlè (Tom Alto ak Tom Medium) epi youn ki atè sou kote (Tom Basse).
Le Charleston (Hi-Hat): De (2) senbal ki sou bò gòch, nou jwe yo ak pye gòch ak baguette.
La Crash (Cymbal): Senbal pou fè gwo bri pou fini yon fraz mizikal.
La Ride (Cymbal): Gwo senbal pou akonpanye ritm lan dousman.
Kijan pou n kenbe baton yo san n pa fatige ponyèt nou:
Grip MatchĂŠ (Prise classique): Kenbe de (2) baton yo menm jan, tankou de (2) marteaux.
Le Rebond: Aprann kite baton an sote sou po tanbou a pou n pa bloke son an.
Rudiment 1 (Le FrisÊ): Frape Dwat - Gòch - Dwat - Gòch (D G D G).
Rudiment 2 (Le RoulÊ): Frape Dwat Dwat - Gòch Gòch (DD GG).
Sa se moman kote pye ak men dwe travay ansanm:
Ritm Rock Debaz (4/4):
Tan 1: Grosse Caisse (Pye) + Charleston (Men).
Tan 2: Caisse Claire (Men) + Charleston (Men).
Tan 3: Grosse Caisse (Pye) + Charleston (Men).
Tan 4: Caisse Claire (Men) + Charleston (Men).
Yon "Break" se yon ti varyasyon nou fè sou "Toms" yo anvan nou chanje pati nan yon chante (pa egzanp ant yon kouplè ak yon refren).
Aprann desann sou Tom Alto -> Tom Medium -> Tom Basse -> Fini sou Crash.
Etidyan an dwe aprann jwe an menm tan ak yon "Metwonòm" pou l pa ni kouri, ni trennen. Li dwe kapab akonpanye yon ti chante senp.Â
Batri a se motè gwoup la. Menm jan yon doktè konte batman kè, batè a dwe kenbe tan an pou tout lòt moun ka mache dwat. Disiplin pye w ak men w se disiplin lespri w." â Docourt Alfred.Â