Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann jwe gita pou fè mizik la vin yon pati nan lavi w chak jou.
Kou Dekouvri Gita – Atizay Guitar IBI Akademi a fèt pou moun ki vle antre nan mizik epi aprann jwe gita avèk teknik, ritm ak sans melodi.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann baz gita ak akò yo,
metrize teknik pou jwe chante ak akonpaye mizik,
devlope sans ritm ak kowòdinasyon,
prepare w pou jwe pou plezi, legliz, gwoup mizik oswa pwojè pèsonèl.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, disiplin ak devlopman etap pa etap pou ede w pran konfyans nan jwe enstriman an.
👉 Fè dwèt ou pale epi kite mizik la eksprime w.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/dekouvri-gita-a-lart-de-la-guitare
Objektif Jeneral: Nan fen modil sa a, etidyan an dwe kapab konnen diferan pati nan gita a, kijan pou l akòde l, epi jwe premye 3 akò (accords) li yo.
Objektif Spécifiques:
Idantifye pati nan gita a (Manche, Corps, Cordes).
Kòmanse fè dwèt yo travay (Dextérité).
Aprann akò: Do Majeur (C), Sol Majeur (G), ak Fa Majeur (F).
Vòlim Orè: 10 Èdtan (Pratik total).
Avan w jwe, fòk ou konnen kòman l fonksyone:
Les Cordes (Kòd yo): Gen 6 kòd. Yo konte anba pou moute.
1 - Mi (E - pi fen an)
2 - Si (B)
3 - Sol (G)
4 - Ré (D)
5 - La (A)
6 - Mi (E - pi gwo a)
Les Frettes (Frèt yo): Se ti espas metalik ki sou manche a kote w ap peze dwèt ou pou w chanje nòt la.
Kijan pou n chita ak gita a?
Do w dwe byen dwat (menm jan w ap pran tansyon yon moun).
Bra dwat la dwe poze dousman sou kò gita a pou w ka grate kòd yo (Strumming).
Bra gòch la dwe lejè pou l ka glise sou manche a.
Pou n jwe yon chante, nou bezwen konbine plizyè nòt. Men 3 premye zanmi w yo:
Do Majeur (C): Li bay yon son ki klè ak jwa.
Sol Majeur (G): Yon son ki louvri epi ki stab.
Ré Majeur (D): Yon son ki bèl pou kòmanse ti chante dous.
Pou kòmanse, etidyan an dwe fè egzèsis sa a:
Mete dwèt 1 sou premye frèt la, dwèt 2 sou dezyèm nan, dwèt 3 sou twazyèm nan, epi dwèt 4 sou katriyèm nan.
Moute epi desann sou tout kòd yo.
Sa a ap ede w gen fòs nan pwent dwèt yo (menm jan yon enfimyè bezwen presizyon).
"Mizik la se medikaman nanm nan. Lè w ap jwe gita, chak nòt ou frape dwe gen menm presizyon ak lè w ap prepare yon piki. Mizik mande disiplin, men li bay lapè."
Kontni: Aprann akò Fondamantal yo: Mi Majeur (E), La Majeur (A), ak Ré Majeur (D). Aprann kijan pou n fè yon ritm 4 tan senp ak men dwat la (Boulat).
Kontni: Teknik pou n glise soti nan yon akò pou n al nan yon lòt byen vit san mizik la pa koupe. Travay sou "memwa miskilè" nan dwèt yo.
Kontni: Sa se moman kote dwèt yo kòmanse vin di. Aprann sèvi ak dwèt endèks la pou n peze tout 6 kòd yo an menm tan (tankou akò Fa Majeur [F] ak Si Mineur [Bm]).
Kontni: Konbine tout sa n aprann yo pou n jwe yon chante konplè. Aprann li yon "Tablature" (yon fason senp pou n li mizik san n pa konn solfèj).