Etik ak Siksè nan Aprantisaj an Liy
Objektif: Aprann etidyan an kijan pou l jere tan li, kijan pou l etidye pou kont li, epi respekte règleman onètete IBI yo.
Mesaj Direktè a: "Nan IBI-Akademi, nou ba ou zouti yo, men se entegrite w kòm etidyan k ap bati siksè w." — Docourt Alfred.
1. Jesyon Tan ak Espas (L'Autonomie)
Etidye lakay mande plis disiplin pase nan yon klas fizik:
Chwazi yon "Kwen Etid": Yon kote ki kalm, ki gen limyè, kote w p'ap gen distraksyon (televizyon, bri moun k ap pale).
Planifikasyon: Mete 1 èdtan oswa 2 èdtan fiks chak jou pou w li modil yo epi gade videyo yo. Pa tann dènye jou a pou w fè tout ansanm.
2. Onètete Akademik (L'Intégrité)
Paske se sou Tally egzamen yo ap fèt, etidyan an dwe konprann règleman sa yo:
Pa gen Triche: Sèvi ak pwòp konesans ou. Si w kopye sou Google oswa sou yon lòt moun, ou vòlè pwòp tèt ou.
Plagiat: Lè w ap ekri yon rapò, pa kopye tèks yon lòt moun san w pa di kote w jwenn li.
Sanksyon: Nenpòt etidyan yo jwenn k ap triche, IBI-Akademi gen dwa anile modil li a oswa pa ba li sètifika final la.
3. Metòd pou byen Aprann an Liy
Pran Nòt: Menmsi se sou ekran w ap li a, toujou gen yon kaye ak yon plim bò kote w pou w ekri pwen enpòtan yo.
Gade videyo yo plizyè fwa: Avantaj la se ke w ka "Pause" oswa "Rewind" jiskaske w konprann mouvman an (sitou pou Gita, Batri, oswa Serigrafi).
Poze Keksyon: Sèvi ak kanal komikasyon IBI yo (Forum, WhatsApp, Email) depi w gen yon dout.
4. Sekirite ak Konfidansyalite
Kòd Aksè: Pa janm bay yon lòt moun modpas ou pou w antre sou platfòm IBI a.
Respe pou lòt etidyan: Nan gwoup diskisyon yo, toujou pale ak respè ak pwofesè yo ak lòt kòlèg ou yo.
IBI-Akademi | Charte d'Éthique de l'Étudiant | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026 Pwopriyete IBI.