Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann baz solid pou òganize, jere ak fè yon biwo oswa antrepriz mache avèk efikasite.
Kou Fondasyon Administrasyon Pwofesyonèl IBI Akademi a fèt pou moun ki vle konprann prensip administrasyon epi devlope konpetans pou travay nan nenpòt anviwònman pwofesyonèl.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann baz administrasyon ak jesyon biwo,
metrize teknik òganizasyon travay ak jesyon dosye,
devlope konpetans nan kominikasyon pwofesyonèl ak disiplin travay,
prepare w pou travay kòm asistan administratif, ajan biwo oswa responsab òganizasyon.
IBI Akademi mete aksan sou estrikti, klate ak efikasite pou ede w konstwi yon baz solid pou nenpòt karyè administratif oswa biznis.
👉 Mete bon fondasyon pou avni pwofesyonèl ou.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/kou-fondasyon-administrasyon-pwofesyon%C3%A8l
Objektif: Aprann trase yon wout anvan ou kòmanse mache.
💡 Pawòl Pwofesè a: "Bonjou klas! Administrasyon kòmanse ak yon keksyon senp: Kisa nou pral fè? Si ou leve yon maten ou louvri pòt biwo a san ou pa gen yon plan, ou pral gaspiye tan ak lajan. Planifikasyon se tankou yon kat (map). Ou dwe konnen ki objektif ou genyen pou mwa a, epi ki resous ou bezwen pou rive la. Yon administratè ki pa planifye, se yon moun k ap tann aksidan rive sou li!"
"Bonjou klas! Jodi a nou pral pale de premye poto administrasyon an: Planifikasyon.
Imajine ou vle bati yon kay pou IBI, epi ou jis kòmanse achte siman ak blòk san ou pa gen yon plan achitèk. Kisa k pral rive? W ap gen twòp blòk, oswa kay la ap panche, oswa kòb la ap fini anvan do kay la poze. Nan administrasyon, planifye se 'desinen' lavni an sou papye anvan li rive nan reyalite. Si ou pa gen plan, ou pa administratè, ou se yon moun k ap jere aksidan!"
"Pou w fè yon bon plan, ou dwe konnen kisa w vle reyalize. Yon objektif pa ka flou. Si w di: 'Mwen vle fè anpil kòb mwa sa a', sa se pa yon objektif administratè, sa se yon rèv.
Yon administratè di: 'Mwen vle vann 50 sètifika enfòmatik anvan 30 mas'. Sa a klè! Ou gen yon chif (50) epi ou gen yon dat (30 mas). Lè objektif la klè konsa, tout ekip la konnen nan ki direksyon pou yo kouri. Si w pa konnen ki pò pòtoprens w ap chèche, pèsonn van p'ap ka ede w navige."
"Lè w fin konnen kote w prale, ou dwe gade sa w gen nan men w. Nan administrasyon, nou jere 3 bagay:
Lajan (Finans): Konbe kòb nou genyen pou pwojè sa a?
Moun (Resous Imèn): Ki moun ki pral fè travay la? Èske yo gen fòmasyon pou sa?
Materyèl: Ki òdinatè, ki biwo, oswa ki lokal nou bezwen?
Pa janm fè yon plan ki depase resous ou genyen. Si w gen 100 goud, pa planifye yon fèt 500 goud. Yon bon administratè toujou kite yon ti rezèv pou lè gen dekouvè, paske nan lavi, toujou gen yon bagay ki ka pa mache jan n te vle a."
"Yon plan san yon dat, se yon istwa k ap dòmi nan kaye. Nou pral aprann fè sa yo rele yon 'Chronogramme'. Se yon ti tablo ki di: 'Lendi n ap fè sa, Madi n ap fè lòt sa'.
Lè chak moun konnen ki lè pou yo rann yon travay, biwo a pa gen strès. Administrasyon se disiplin tan. Si w planifye tan w byen, w ap wè ou gen plis tan pou w repoze epi pou w reflechi sou lòt pwojè pou IBI-Akademi an."
Misyon pèsonèl ou:
Chwazi yon pwojè: Sa ka yon ti biznis ou vle lanse oswa yon aktivite nan legliz ou.
Ekri 1 Objektif Klè: Mete yon chif ak yon dat ladan l.
Fè Lis Resous yo: Ekri egzakteman konbe kòb w ap bezwen, ki moun k ap ede w, ak ki materyèl w ap itilize.
Trase premye semèn nan: Ekri kisa w pral fè chak jou pandan 7 jou k ap vini yo pou pwojè sa a kòmanse.
Objektif: Mete lòd nan dezòd pou travay la ka koule.
💡 Pawòl Pwofesè a: "Klas, administrasyon se pa 'mèl-mèl'. Ou pa ka gen tout moun ap fè menm bagay an menm tan. Òganizasyon vle di: Ki moun k ap jere lajan an? Ki moun k ap reponn telefòn? Ki kote dosye yo sere? Lè chak grenn materyèl ak chak moun nan plas yo, travay la mache vit epi gen mwens strès. Si biwo a an dezòd, lespri administratè a ap an dezòd tou. Lòd se premye prensip siksè."
"Bonjou ankò klas! Nou fin fè plan an nan Modil 1 an, kounye a fòk nou pase nan aksyon. Òganizasyon se tankou lè w ap pare yon lasoup: ou pa ka jete tout bagay ansanm nan chodyè a yon sèl kou. Fòk ou pare vyann nan yon bò, chire legim yo yon bò, epi konnen ki lè pou w limen dife a.
Nan yon biwo oswa yon pwojè, òganize vle di: Mete chak moun nan plas kote l ap pi itil la, epi mete chak materyèl kote moun ka jwenn yo fasil. Si yon anplwaye pase 30 minit ap chèche yon kreyon oswa yon dosye, ou pèdi lajan. Òganizasyon se lènmi gaspiyaj!"
"Yon sèl moun pa ka fè tout bagay. Si se ou k ap bale, ou k ap reponn telefòn, epi ou k ap konte kòb la, w ap rann tèt ou malad epi travay la p'ap byen fèt.
Nou pral aprann fè sa yo rele yon Organigramme. Se yon ti desen ki montre ki moun ki responsab kisa.
Ki moun ki chèf pwojè a?
Ki moun ki asistan?
Ki moun k ap jere teknik la? Lè chak moun konnen limit li ak responsablite l, pa gen diskisyon 'se pa t travay mwen'. Chak moso puzzle la dwe nan plas li pou foto a ka parèt bèl."
Getty Images
"Òganizasyon se pa sèlman pou moun, se pou bagay yo tou. Yon biwo administratè dwe pwòp. Si tab ou chaje ak vye papye ou pa bezwen, lespri w ap ankonbre tou.
Nou pral aprann kijan pou n klase dosye nou yo, kit se sou papye nan yon kasyè, kit se sou òdinatè nan 'Folders'. Yon bon administratè dwe ka jwenn nenpòt dokiman nan mwens pase 2 minit. Si se lè kliyan an devan w lan w ap chèche kote w te mete fakti l la, ou pèdi kredibilite w."
"Lè chak moun konnen travay yo, ou dwe asire w yo kominike. Sa rele kowòdinasyon. Se tankou yon ekip foutbòl: gadyen an konn travay li, atakè a konn pa l, men yo dwe pase boul la youn bay lòt pou yo ka fè gòl la.
Nan IBI-Akademi, nou pa vle moun k ap travay nan 'ti kwen' yo san yo pa konnen sa lòt moun nan ap fè. Nou dwe gen ti reyinyon kout pou n wè si tout moun sou menm longè dond. Òganizasyon se sa ki fè yon gwoup moun tounen yon Ekip."
Misyon pèsonèl ou:
Desine yon Organigramme: Pran pwojè ou te chwazi nan Modil 1 an. Desine ti kare pou montre ki moun k ap fè kisa (menm si se 2 oswa 3 moun sèlman).
Netwaye Espas ou: Chwazi yon kote ou travay (biwo w, kasyè w, oswa dosye nan laptop ou) ki an dezòd. Klase yo pa dat oswa pa alfabet.
Lis Materyèl la: Fè yon lis tout materyèl ou bezwen pou pwojè a epi ekri kote yo ye oswa kote w pral jwenn yo.
Objektif: Konnen kijan pou w kòmande san w pa kraze moun.
💡 Pawòl Pwofesè a: "Direksyon se pati ki gen plis 'moun' ladan l. Se la ou pral montre si w se yon chèf oswa si w se yon lidè. Ou dwe konnen kijan pou w bay lòd ki klè, kijan pou w motive moun ki dekouraje, epi kijan pou w gide ekip la pou yo pa pèdi fil. Yon bon administratè konnen fòs chak anplwaye l epi li pouse yo bay pi bon rannman yo. Se pa rele sou moun non, se konnen kijan pou w fè moun anvi travay avè m!"
"Bonjou klas! Nou gen plan an, nou mete lòd nan biwo a, kounye a machin nan dwe demare. Direksyon se motè administrasyon an. Se la ou pral montre si w se yon chèf ki jis ap bay lòd, oswa si w se yon lidè k ap pouse yon vizyon.
Mennen moun se pa fè yo pè non, se fè yo konprann poukisa y ap travay epi fè yo anvi bay pi bon rannman yo. Yon administratè ki konn dirije, se yon moun ki konn lè pou l di 'fè sa' ak lè pou l mande 'sa w panse?'. Se sa nou pral aprann jodi a nan IBI-Akademi."
"Anpil fwa, travay mal fèt paske lòd la pa t klè. Si w di yon moun: 'Al ranje biwo a pou mwen', sa vle di anpil bagay. Èske se bale atè a? Èske se klase papye yo? Èske se chanje plas mèb yo?
Yon administratè pwofesyonèl bay lòd ak presizyon. Li di: 'Tanpri, pran dosye mwa mas yo, mete yo nan klasè ble a, epi fè sa anvan midi'. Lè lòd la gen yon objektif, yon metòd, ak yon limit tan, pa gen plas pou moun fè erè. Si travay la mal fèt, premye moun pou w tcheke se oumenm: Èske w te byen esplike sa w te vle a?"
"Yon moun ki motive travay de fwa pi byen pase yon moun k ap travay jis paske l pè pou yo pa revoke l. Motivasyon an se pa toujou lajan non. Yon 'Mèsi, ou fè yon bèl travay' devan lòt moun, sa ka bay yon anplwaye plis fòs pase yon prim.
Ou dwe konnen sa k fè kè chak moun nan ekip ou a kontan. Gen moun se ankourajman yo bezwen, gen lòt se plis responsablite yo bezwen. Lè moun nan santi travay li gen valè nan je administratè a, l ap defann IBI-Akademi kòmsi se te pwòp biznis pa l."
"Lè gen yon pwoblèm nan mitan travay la, tout je pral vire gade ou. Ou pa ka di 'm pa konnen'. Direksyon vle di pran responsablite pou w di: 'Men chemen n ap pran an'.
Pa pran desizyon sou kòlè. Tande moun yo, analize sitiyasyon an, epi tranche. Menm si desizyon an pa fè tout moun plezi, depi li bon pou pwojè a, ou dwe gen kouray pou w kenbe l. Yon administratè ki konn sa l vle, se li moun suiv."
Misyon pèsonèl ou:
Lòd Presi a: Chèche yon moun k ap ede w nan yon travay (oswa lakay ou), ba li yon lòd ki gen: aksyon an, fason pou l fè l, ak lè pou l fini l. Gade si travay la fèt pi byen.
Mo Ankourajman an: Chwazi yon moun nan ekip ou (oswa yon zanmi) ki konn fè yon ti efò, epi di l yon mo felisitasyon byen sensè.
Reyinyon 5 minit: Fè yon ti chita ak moun k ap travay avè w yo, mande yo: 'Kisa k pi difisil pou nou nan travay la kounye a?'. Just koute yo.
Objektif: Asire w ke reyalite a matche ak plan an.
💡 Pawòl Pwofesè a: "Dènye poto a, se Kontwòl. Sa pa vle di 'polisye' moun non. Sa vle di verifye: Èske nou depanse plis kòb pase sa n te planifye? Èske travay la fini nan lè a? Kontwòl la pèmèt ou wè erè yo anvan yo tounen gwo dezas. Yon administratè ki pa kontwole, se yon chofè k ap kondwi je fèmen. Ou dwe gade rezilta yo, epi si sa pa bon, ou korije l rapid pou w ka tounen sou bon wout la."
"Bonjou ankò klas! Nou rive nan dènye poto a. Gen moun ki pè mo 'Kontwòl' la paske yo panse se polisye n ap fè. Non! Nan administrasyon, kontwòl se zanmi w.
Imajine ou te planifye pou w fini yon bilding nan 3 mwa, epi apre 2 mwa, ou rann ou kont ou poko menm moute miray yo. Si w pa t fè kontwòl, ou t'ap ret tann 3 mwa a rive pou w wè w pèdi batay la. Kontwòl pèmèt ou wè erè a pandan l ap fèt la, pou w ka korije l anvan l tounen yon dezas."
"Sonje nan Modil 1 nou te fè yon plan? Kontwòl la se mete plan an bò kote reyalite a pou n wè si yo sanble.
Nou te di n ap depanse 1000 goud, konbe nou depanse vre?
Nou te di klas la ap gen 20 elèv, konbe ki enskri vre?
Si gen yon diferans (un écart), pa chache moun pou w pini. Chache poukisa sa rive. Èske plan an te twò difisil? Èske materyèl la te manke? Yon administratè ki konn kontwole, se yon administratè ki konn laverite sou pwojè l la."
"Nan IBI-Akademi, nou dwe gen prèv sou sa n ap fè. Yon administratè dwe renmen papye oswa dosye nimerik. Nou bezwen fè rapò: rapò sou kòb ki antre ak kòb ki soti, rapò sou prezans anplwaye yo, rapò sou jan elèv yo ap aprann.
Lè w gen yon rapò klè, ou ka montre moun k ap ede w yo (investisseurs oswa patnè) ke travay la ap fèt seryezman. Sa bay konfyans. Yon biznis ki pa gen rapò, se yon biznis ki pa konn si l ap fè pwofi oswa si l ap fè pèt."
"Kontwòl la pa sèvi anyen si w pa korije sa k pa bon an. Si w wè yon anplwaye toujou anreta (kontwòl), ou dwe chita avè l pou w konprann poukisa epi ba l yon solisyon (koreksyon).
Administrasyon se yon sèk ki pa janm fini: Ou Planifye, ou Òganize, ou Dirije, ou Kontwole... epi rezilta Kontwòl la ap ede w fè yon pi bon Plan pou demen. Se konsa yon administratè pwofesyonèl ap grandi chak jou pi plis."
Misyon final ou:
Kreye yon 'Check-list': Pou pwojè w la, ekri 5 pwen enpòtan ou dwe tcheke chak semèn (egz: Èske kòb la konte? Èske lokal la pwòp? Èske kliyan yo kontan?).
Konparezon an: Gade plan ou te fè nan Modil 1 an. Kisa w te reyalize tout bon? Kisa w pa t fè? Ekri yon liy pou di "poukisa".
Ti Rapò a: Ekri yon ti rezime 5 liy sou jan semèn nan te pase nan pwojè a epi bay yon lide pou semèn k ap vini an ka pi bon.
Nou fini ak Kou Administrasyon an nèt! Sa se 4 zouti solid pou nenpòt moun ki vle jere yon aktivite ak siksè nan IBI-Akademi.
"Administrasyon se yon disiplin. Di elèv yo ke 4 poto sa yo mache ansanm tankou 4 pye yon tab. Si youn manke, tab la ap tonbe. Nan chak leson, fè yo pran yon egzanp pratik (tankou jere yon ti boutik oswa yon legliz) pou yo aplike 4 poto sa yo imedyatman."