Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann kaptire moman yo avèk presizyon, limyè ak sans kreyatif.
Kou Fotografi Pwofesyonèl IBI Akademi a fèt pou moun ki vle metrize atizay fotografi a, depi nan teknik debaz yo rive nan konpozisyon vizyèl ak itilizasyon ekipman pwofesyonèl.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann baz fotografi (limyè, ang, kadraj, konpozisyon),
metrize itilizasyon kamera ak ekipman fotografi,
devlope yon je atistik pou kaptire imaj ki pale,
prepare w pou travay nan événementiel, pwodiksyon medya, studio oswa kòm fotograf endepandan.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, kreyativite ak konpetans reyèl pou ede w devlope talan ou nan domèn fotografi vizyèl la.
👉 Fè istwa ou yo viv atravè imaj.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/fotografi-pwofesyon%C3%A8l
Kòd Kou a: PHOTO-600
Objektif: Metrize kamera a nan mòd "Manuel", konprann optik (lantiy), ak aprann retouche foto pou rann yo pafè.
Nòt Pwofesè: Ki jan pou w soti nan mòd "Auto" pou w al nan mòd "Manuel (M)". Konprann relasyon ant Vitesse, Ouverture, ak ISO. Kijan pou w li "Histogramme" la pou w konnen si foto w la gen bon limyè.
Règleman IBI: "Kamera a se sèlman yon zouti, se je w ki fè foto a."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Soti nan mòd "Automatic" pou n al nan mòd "Manuel (M)", epi konprann kijan 3 poto limyè yo travay ansanm pou kreye yon imaj pafè.
Pou yon foto byen ekspoze (ni twò nwa, ni twò blan), nou dwe balanse 3 eleman sa yo:
L'Ouverture (f-stop): Se "je" kamera a (dyagram nan).
Chif piti (ex: f/1.8): Twou a louvri laj. Anpil limyè antre. Dèyè moun nan parèt "Flou" (Bokè). Sa bon pou pòtre.
Chif gwo (ex: f/16): Twou a piti. Mwens limyè antre. Tout bagay nan foto a ap klè (devan kou dèyè). Sa bon pou peyizaj ak achitekti.
Vitesse d'Obturation (Shutter Speed): Se vitès kamera a louvri epi l fèmen "papiyote" li.
Vitès rapid (ex: 1/1000s): Li "friz" (figer) aksyon an. Bon pou espò oswa yon timoun k ap kouri.
Vitès dousman (ex: 1/10s): Li bay yon efè "mouvman" oswa flou. Atansyon: fòk ou gen yon "Tripod" pou foto a pa souke.
L'ISO: Se sansibilite detektè a nan limyè.
ISO 100-200: Pou gwo solèy. Foto a ap pwòp nèt.
ISO 1600-6400: Pou fènwa oswa andedan kay. Men, atansyon, si l moute twòp, foto a ap gen "grenn" (Bruit).
Mòd M: Ou regle tout 3 eleman yo ak men w. Se la vrè atis la ye.
Mòd Av/A: Ou chwazi Ouverture a (pou w ka gen flou a dèyè a), epi kamera a kalkile rès la pou ou. IBI rekòmande mòd sa a pou moun k ap kòmanse nan evènman rapid.
Pa sèlman gade ti ekran kamera a (li ka ba w manti). Gade Histogramme lan. Si graf la kole nèt sou bò dwat, foto a "boule" (trop blan). Si l kole sou bò gòch, li "bouche" (trop nwa). Li dwe nan mitan an.
Tèm: Balanse Limyè a.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou pral pran yon foto yon bèl flè nan lakou IBI a anba yon gwo solèy a midi. Ou vle flè a parèt klè anpil, men ou vle tout gazon ki dèyè l la parèt "Flou" (Bokè).
Travay ou: Ekri yon ti plan teknik (10 a 15 liy) pou w reponn:
Ant yon Ouverture f/2.8 ak f/22, kiyès w ap chwazi pou w ka gen gazon an flou?
Piske gen anpil solèy, nan ki nivo w ap mete ISO ou (100 oswa 3200)? Poukisa?
Si foto a soti twò blan (trop limyè), èske w ap moute vitès (Shutter Speed) la oswa w ap desann li?
Fòma: PDF, Tit: PHOTO600_M1_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa 'tire' foto, nou bati yo. Yon foto byen ekspoze se premye etap pou w vin yon mèt. Pa pè fè erè, se nan mòd Manyèl n ap konprann kijan limyè a renmen kamera a. Yon foto se yon moman ou vòlè nan men tan an, asire w ou vòlè li ak tout klète l!"
[Gid Videyo Modil 1]: Gade videyo "Maîtriser le triangle d'exposition en 2 minutes" kote n ap montre pratik la sou yon kamera DSLR.
IBI-Akademi | PHOTO-600 | Modil 1 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Kilè pou w sèvi ak yon lantiy 50mm (L'œil humain), yon 85mm (Portrait), oswa yon Wide-angle (Peyizaj). Diferans ant lantiy "Fixe" (ki pi klè) ak lantiy "Zoom".
Sekrè IBI: "Pa mache ak zoom an, se pye w ki pou zoom pou ou pou w jwenn pi bon ang lan."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Diferansye tip lantiy yo (Grand-angle, Standard, Téléobjectif), konprann distans focal (mm), ak konnen ki lantiy ki pi bon pou chak kalite foto.
Se chif ki ekri sou lantiy la (eg: 18mm, 50mm, 200mm).
Plis chif la piti (ex: 14mm): "Champ de vision" an laj anpil. Ou wè tout bagay nan yon chanm.
Plis chif la gwo (ex: 300mm): Ou "Zoom" sou yon bagay ki lwen anpil (tankou yon zwazo sou yon pyebwa).
Grand-Angle (14mm a 35mm): * Itilizasyon: Peyizaj, Achitekti, Foto andedan kay kote pa gen anpil espas.
Atansyon: Li ka defòme vizaj moun si w twò pre (li rann nen moun nan parèt pi gwo).
Lantiy Standard (50mm): * Maten IBI: Nou rele l "L'œil humain" paske li wè menm jan ak je nou.
Itilizasyon: Pòtre, lari (Street photography). Li bay yon imaj ki natirèl nèt.
Téléobjectif (85mm a 600mm): * Itilizasyon: Espò, Natirèl (zwazo/animale), ak Pòtre pwofesyonèl (85mm).
Sekrè IBI: Plis "mm" an moute, plis dèyè moun nan ap vin flou (Bokè) epi parèt "konprese".
Lantiy Fixe (Prime): Li pa ka zoom (fòk ou mache ak pye w). Men, li pi "klere" (f/1.8), li pi lejè, epi foto a gen plis detay (pi pikan).
Lantiy Zoom: Li ka fè tout bagay (eg: 18-135mm). Li pratik pou evènman kote w pa ka deplase vit, men souvan li mwens klere pase yon lantiy fixe.
Tèm: Chwazi Zye w.
Sitiyasyon (Cas pratique): Yon kliyan rele w pou w fè foto pou yon Maryaj. Li vle 2 kalite foto:
Yon gwo foto tout fanmi an (30 moun) ansanm nan lakou a.
Yon bèl pòtre marye yo sèlman kote yo parèt klè men dèyè yo a flou nèt.
Travay ou: Ekri yon ti plan teknik (10 a 15 liy) pou w reponn:
Pou foto fanmi an (30 moun), èske w ap sèvi ak yon 24mm oswa yon 200mm? Poukisa?
Pou pòtre marye yo, ant yon lantiy 50mm f/1.8 ak yon 18-55mm f/5.6, kiyès ki pral ba w pi bèl flou a (Bokè)?
Si w gen yon sèl lantiy 50mm fixe sou kamera w, kisa w dwe fè ak kò w pou w ka cadré tout fanmi an?
Fòma: PDF, Tit: PHOTO600_M2_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa pè mache. Si w gen yon lantiy fixe, se pye w ki zoom ou. Chwazi yon lantiy se tankou chwazi yon pè linèt: fòk li adapte ak sa w ap gade a. Yon 50mm se pi bon zanmi yon fotograf paske li fòse w konpoze imaj ou ak entèlijans. Pa janm achte yon lantiy paske l chè, achte l paske l pral rakonte istwa w la pi byen!"
[Gid Videyo Modil 2]: Gade videyo "Différence entre un 35mm, 50mm et 85mm pour les portraits" kote n ap montre rezilta yo kòt a kòt.
IBI-Akademi | PHOTO-600 | Modil 2 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Règ de twazyèm, liy k ap gide je a (Leading lines), ak simetri. Kijan pou w jwenn yon "Bokè" (ti flou dèyè a) ki bèl pou foto maryaj oswa pòtre. Kijan pou w mete emosyon nan yon foto.
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Metrize balans vizyèl, itilize liy pou gide je a, epi aprann kijan pou n fè yon foto "pale" san mo.
Se baz la! Imajine imaj ou a divize an 9 ti kare (2 liy horizontal, 2 liy vertical).
Sekrè IBI: Olye w mete sijè a nan mitan nèt, mete l sou youn nan liy yo oswa kote liy yo kwaze a. Sa rann foto a pi dinamik epi li bay rès imaj la "espas pou l respire".
Sèvi ak liy ki nan anviwonman an pou w voye je moun nan sou sijè a:
Egzanp: Yon wout k ap filé, yon ranp eskalye, oswa yon seri poto kote tout ap gade nan direksyon moun w ap foto a. Sa kreye yon pwofondè ki rale moun k ap gade a anndan foto a.
Sèvi ak yon fenèt, yon pòt, oswa branch bwa pou w "ankadre" sijè w la anndan foto a menm.
Prensip IBI: Sa ajoute yon kouch mistè ak pwofondè nan imaj la, epi li fòse je a konsantre sou sa k nan mitan kad la.
Simetri: Lè de bò foto a sanble (eg: refleksyon yon kay nan dlo). Sa bay yon santiman lapè ak lòd.
Motif: Repetisyon (eg: yon ranje chèz, yon seri brik sou yon mi). Lè w kase repetisyon sa a ak yon sèl eleman diferan, sa bay yon foto ki trè fò.
Tèm: Je m se yon Chèf-dèv.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou nan yon chantye IBI kote yon bòs ap poze Karyèl (CARR-100). Ou vle fè yon foto ki montre presizyon travay la.
Travay ou: Ekri yon ti plan teknik (10 a 15 liy) pou w reponn:
Si w ap sèvi ak Règ de Twazyèm lan, ki kote w ap mete men bòs la nan kad la pou foto a bèl?
Kijan w ka sèvi ak Liy Karyèl yo kòm "Leading Lines" pou voye je moun sou zouti bòs la?
Si gen yon bèl lonbraj k ap tonbe sou Karyèl yo, èske w ap eseye chase l oswa w ap sèvi av l pou w kreye yon Motif? Poukisa?
Fòma: PDF, Tit: PHOTO600_M3_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa sèlman montre sa n wè, nou montre kijan n santi l. Yon bon konpozisyon se sa k ap fè yon moun rete ap gade foto w la pandan 10 segonn olye l 'scroll' pase vit. Anvan w deklanche, mande tèt ou: 'Kisa m vle moun nan gade an premye?'. Si w reponn kesyon sa a byen nan kadraj ou, ou se yon atis. Pa janm bliye: règleman yo la pou n konnen yo, men pafwa, yon gwo atis konn kijan pou l kase yo ak entèlijans!"
[Gid Videyo Modil 3]: Gade videyo "Comment cadrer comme un pro : 5 astuces simples" kote n ap montre egzanp simetri ak règ de twazyèm.
IBI-Akademi | PHOTO-600 | Modil 3 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Sèvi ak "Flash" san w pa boule vizaj moun nan. Kijan pou w sèvi ak "Réflecteur" pou w voye limyè solèy la kote l manke. Diferans ant limyè "Dous" (Soft light) ak limyè "Di" (Hard light).
Prensip IBI: "Limyè se penti fotograf la. Aprann gade kote lonbraj la tonbe."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Diferansye limyè "Dous" ak limyè "Di", konprann direksyon limyè a, epi sèvi ak akseswa tankou Flash ak Réflecteur.
Limyè Di (Hard Light): Se limyè solèy la a midi nèt. Li bay lonbraj ki nwa anpil ak liy ki sevè sou vizaj moun.
Règleman IBI: Evite filme oswa foto moun dirèkteman nan gwo solèy midi si w pa gen yon difizè.
Limyè Dous (Soft Light): Se limyè yon jou ki gen nyaj, oswa limyè k ap soti nan yon "Softbox" nan studio. Li dous sou po a, li kache ti defo nan vizaj, epi lonbraj yo prèske pa parèt.
Sa se pi gwo sekrè tout fotograf: Premye èdtan apre solèy leve epi dènye èdtan anvan solèy kouche.
Limyè a gen yon koulè zoranj/lò ki bay po moun yon bèl rannman epi ki rann peyizaj yo parèt majik.
Le Flash (Cobra): Nou pa sèlman sèvi av l nan fènwa. Nou sèvi av l nan solèy tou (Fill Flash) pou n chase lonbraj nwa ki anba je moun oswa anba nen yo.
Le Réflecteur: Yon senp disk an ajan oswa an lò ki sèvi pou n "rebondi" limyè solèy la sou bò vizaj moun nan ki nan lonbraj la. Se zouti ki pi bon mache men ki pi itil yon fotograf IBI ka genyen.
Limyè bò kote (Side Light): Bay vizaj la fòm ak pwofondè.
Limyè dèyè (Backlight): Kreye yon ti liy limyè nan cheve moun nan, sa fè l dekole ak fon an (background).
Tèm: Mèt Lonbraj la.
Sitiyasyon (Cas pratique): W ap pran foto yon gradye IBI-Akademi deyò nan lakou a. Solèy la fò anpil epi li fè yon gwo lonbraj nwa anba manton gradye a. Ou gen yon Réflecteur ak yon Flash.
Travay ou: Ekri yon ti plan teknik (10 a 15 liy) pou w reponn:
Poukisa ou dwe mete gradye a nan yon kote ki gen "Lonbraj klè" (Ombre ouverte) olye w mete l anba gwo solèy la dirèkteman?
Si w ap sèvi ak Réflecteur la, ki kote w ap mete l parapò ak solèy la pou w ka klere vizaj li?
Si w deside sèvi ak Flash la pandan solèy la ap bat, kisa w ap chèche fè ak lonbraj ki anba nen l lan?
Fòma: PDF, Tit: PHOTO600_M4_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa pè lonbraj, nou sèvi av l pou n bay imaj la fòs. Yon fotograf se yon chasè limyè. Si limyè a pa bon, pa deklanche; deplase moun nan, chanje ang ou, oswa itilize yon réflecteur. Aprann gade kijan limyè a tonbe sou yon senp boutèy dlo, epi w ap konprann kijan pou w klere tout mond lan. Limyè se verite w!"
[Gid Videyo Modil 4]: Gade videyo "Comment utiliser la lumière naturelle pour des portraits pro" kote n ap montre maji fenèt yo ak réflecteurs.
IBI-Akademi | PHOTO-600 | Modil 4 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Poukisa nou dwe tire foto nan fòma RAW olye de JPEG. Kijan pou w netwaye po moun, ranje koulè syèl la, epi bay foto a yon "Look" pwofesyonèl nan Adobe Lightroom.
Devwa Final: Kreye yon mini-pòtfolyo 5 foto (Pòtre, Peyizaj, Pwodwi, Aksyon, ak Nwa e Blan).
"Nan IBI, nou pa sèlman pran yon imaj, nou kreye yon souvni ki pap janm pase. Yon bon fotograf se yon moun ki wè sa lòt moun pa wè. Ou dwe konn kijan pou w fè yon senp dlo k ap koule parèt tankou yon mèvèy. Pa prese peze bouton an, gade, respire, epi deklanche. Se la vica IBI a ye!"
Valè Modil sa a: 5 Kredi
Objektif: Konprann diferans ant RAW ak JPEG, metrize lojisyèl retouche (Adobe Lightroom), epi prepare foto yo pou enprime oswa pou rezo sosyal.
JPEG: Se yon foto ki deja "kwit". Li lejè, men ou pa ka chanje anpil bagay ladan l si l te twò nwa oswa twò blan.
RAW: Se "negatif" dijital la. Li lou, li gen tout enfòmasyon yo.
Règleman IBI: Yon fotograf pwofesyonèl toujou tire nan RAW. Sa pèmèt ou sove yon foto menm si limyè a pat pafè lè w t ap pran l lan.
Lightroom se zouti prensipal pou jere dè milye foto:
Importation: Òganize foto yo pa dat ak pa evènman (eg: Gradye_IBI_Avril_2026).
Sélection (Culling): Chwazi pi bon foto yo rapid ak sistèm "Zetwal" (Stars).
Développement: Ranje Ekspozisyon an, Kontras la, ak Balans de Blan an.
Koulè (HSL): Chanje koulè syèl la pou l pi ble oswa koulè po moun nan pou l parèt an sante.
Prensip IBI: Pa chanje moun nan nèt! Sèlman retire sa ki pap la demen (bouton, ti tach sou rad, yon mak pousyè sou lantiy la).
Sèvi ak "Healing Brush" pou netwaye po a san w pa pèdi "Texture" vizaj moun nan.
Pou Facebook/Instagram: Foto a dwe lejè (SRGB) pou koulè yo pa chanje sou telefòn moun.
Pou Enpresyon (Print): Foto a dwe gen yon gwo rezolisyon (300 DPI) pou l ka soti bèl sou papye oswa sou "Banner".
Tèm: Soti nan Kamera a rive nan Kliyan an.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou fenk fin pran 200 foto pou yon seremoni nan IBI-Akademi. Foto yo soti yon ti jan nwa (sous-exposé) paske te gen yon nwaj ki te pase devan solèy la.
Travay ou: Ekri rapò final ou a (25 a 35 liy) pou w reponn:
Teknik: Poukisa ou kontan ke ou te tire foto sa yo nan fòma RAW olye de JPEG?
Retouche: Ki premye bouton w ap touche nan Lightroom pou w fè foto yo vin klè ankò (Exposure, Saturation, oswa Contrast)?
Livrezon: Kliyan an vle mete yon gwo foto sou yon "Billboard" nan lari a. Ki "DPI" w ap chwazi pou foto sa a pa soti flou (flou/pixelated)?
Sèman Fotograf la: Ekri: "Mwen pwomèt pou m toujou kaptire sa k bèl ak sa k vre, pou m respekte diyite moun m ap foto yo, epi pou m toujou bay yon travay ki gen nivo IBI-Akademi."
Fòma: PDF, Tit: PHOTO600_MODIL_FINAL_Non_Etidyan.
"Felisitasyon! Jodi a ou se yon Fotograf IBI. Ou konn kijan pou w gade, kijan pou w ekspoze, epi kijan pou w devlope vizyon w. Sonje byen: pi bèl zouti yon fotograf genyen se pa kamera l, se kè li ak entèlijans li. Yon foto ka chanje fason moun wè mond lan. Ale kounye a, al deklanche bèlte kote lòt moun wè dezòd. Mond lan ap tann imaj ou yo!"
[Gid Videyo Modil 5]: Gade videyo "Comment éditer une photo de portrait en 3 minutes sur Lightroom" kote n ap montre maji koulè yo.
IBI-Akademi | PHOTO-600 | Modil 5 (5 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026