Grande Ouverture : Plus de 60 formations disponibles pour booster votre avenir !"
Aprann sèvi ak enèji solèy la pou kreye solisyon modèn ak dirab.
Kou Enstalasyon Panno Solè ak Inverter IBI Akademi a fèt pou moun ki vle metrize teknik enstalasyon ak jesyon sistèm enèji solè pou kay ak biznis.
Nan fòmasyon sa a, ou pral :
aprann kijan pou enstale panno solè ak inverter,
konprann fonksyònman sistèm enèji renouvlab,
metrize teknik koneksyon ak sekirite elektrik,
prepare w pou travay kòm teknisyen solè oswa pou devlope pwòp aktivite w.
IBI Akademi mete aksan sou pratik, konpetans teknik ak bon metòd travay pou ede w antre nan yon domèn ki gen gwo lavni.
👉 Fè premye pa w nan yon metye kap dirije avni enèji a.
✅ Enskri kounye a :
🔗 https://akademi.ibi-online.org/admisyon-ak-enskripsyon
📘 Plis detay sou kou a :
👉 https://akademi.ibi-online.org/pogram-kou/enstalasyon-panosolè-ak-inverter
Kòd Kou a: SOL-400
Objektif: Metrize tout sikwi enèji solè a, soti nan panèl la rive nan priz kouran an, pou bay yon kay oswa yon biwo kouran 24/24.
Nòt Pwofesè: Konprann diferans ant Courant Alternatif (AC) ak Courant Continu (DC). Aprann sa ki yon Volt, yon Ampè, ak yon Watt. Ki jan solèy la tounen kouran nan yon selil silisyòm.
Règleman IBI: "Si w pa konn vòltaj ou, w ap boule tout aparèy kliyan an."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Konprann triyang pouvwa a (Volt, Ampère, Watt), diferans ant kouran panèl (DC) ak kouran priz (AC), ak kijan solèy tounen elektrisite.
Nan IBI, nou sèvi ak analoji dlo nan tiyo pou yo konprann:
Vòlt (V) - Presyon an: Se fòs ki pouse kouran an. (Tankou presyon dlo nan tiyo).
Anpè (A) - Debi a: Se kantite kouran k ap pase vrayman. (Tankou gwo dega dlo a).
Wat (W) - Pouvwa a: Se rezilta total la ($W = V \times A$). Se sa ki di nou si yon Inverter ka limen yon frijidè oswa si se anpoul sèlman li ka pote.
Yon teknisyen solè ap travay ak de (2) kalite kouran:
DC (Direct Current): Se sa Panèl la bay ak sa Batri a sere. Li gen yon "+" ak yon "-". Si w envèse yo, ou fè "Short Circuit".
AC (Alternating Current): Se sa Inverter la bay pou aparèy nan kay la (110V oswa 220V). Se kouran ki ka touye moun lan, fòk nou pridan!
Kijan sa mache?
Panèl la fèt ak moso silisyòm. Lè grenn limyè solèy la (Photons) frape panèl la, yo deplase elektwon yo. Mouvman elektwon sa yo, se li nou rele Elektrisite.
Prensip IBI: Plis solèy la frape "pèpandikilè" (90 degre), plis n ap jwenn kouran.
Anvan n touche yon batri:
Pa janm pote bag oswa braslè metal lè w ap travay sou sistèm solè (Metal la ka fè kout sikwi epi boule po w).
Toujou sèvi ak zouti ki gen izolasyon (manch kawotchou).
Tèm: Kalkile Pouvwa a.
Sitiyasyon (Cas pratique):
Ou gen yon panèl solè ki bay 40 Vòlt epi k ap pwodwi 10 Anpè kouran anba gwo solèy midi.
Travay ou:
Ekri yon ti analiz teknik (10 a 15 liy) pou w reponn:
Konbe Wat (W) panèl sa a ap bay vrayman? (Sèvi ak fòmil $W = V \times A$).
Si yon kliyan gen yon televizyon ki konsome 150 Wat, èske yon sèl panèl sa a ase pou ba li kouran?
Poukisa nou di kouran ki soti nan panèl la (DC) pa ka ploge dirèkteman nan yon televizyon 110V (AC)?
Fòma: PDF, Tit: SOL400_M1_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa 'moute panno nan fènwa'. Yon bon teknisyen solè konn kalkile anvan li branche. Si w pa konn valè Wat yon aparèy, w ap surcharge sistèm nan. Solèy la gratis, men materyèl yo chè. Aprann respekte polarite (+ ak -), epi pa janm bliye: konesans ou se premye pwoteksyon w kont dife elektrik. Nou la pou n klere peyi a ak syans."
[Gid Videyo Modil 1]: Gade videyo "Introduction à l'énergie solaire: Volt, Ampère et Watt" kote n ap montre demonstrasyon ak yon miltimèt.
IBI-Akademi | SOL-400 | Modil 1 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Kalite panèl yo (Monocristallin vs Polycristallin). Kijan pou n moute "Racks" yo sou tèt kay. Oryantasyon ak enklinezon (Kijan pou n mete l nan direksyon Sid pou n pran plis solèy).
Sekrè IBI: "Yon panèl ki nan lonbraj yon ti pyebwa pèdi 50% nan fòs li."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Diferansye kalite panèl yo, moute sipò (racks) yo ak sekirite, epi metrize oryantasyon (Sid) ak enklinezon (Degre).
Nan IBI, nou chwazi selon efikasite:
Monocristallin (Nwa fonsé): Li pi efikas, li travay pi byen menm lè solèy la pa twò fò. Li koute pi chè, men li pran mwens plas sou tèt kay la.
Polycristallin (Ble): Li koute mwens chè, men li mande plis espas pou l bay menm kantite Wat la. Li bon pou gwo jaden solè.
Depi nou nan Emisfè Nò (tankou Ayiti), solèy la toujou pase yon ti jan nan Sid:
Règleman IBI: Panèl yo dwe toujou vire bò SID (SOUTH). Si w mete yo bò Nò, w ap pèdi prèske 40% nan rannman an.
L'Inclinaison (Enklinezon): Pou Ayiti, nou moute panèl yo nan yon ang ant 15 a 20 degre. Sa pèmèt dlo lapli lave pousyè sou yo epi solèy frape yo pi byen.
Sekirite anvan tout bagay:
Fixation: Sipò yo dwe vissé nan "pout" kay la (bois oswa metal), pa sèlman nan tòl la. Si van soufle, li ka rache tout panèl yo.
Ventilation: Toujou kite yon espas omwen 10 a 15 cm ant panèl la ak tòl la. Lè panèl la twò cho, li bay mwens kouran. Lè a dwe pase anba l pou l refwadi l.
L'Ombrage: Yon sèl branch bwa ki fè lonbraj sou yon ti moso nan yon panèl ka sispann kouran an nan tout seri a (Effet de point chaud).
Sekrè IBI: Toujou tcheke kote lonbraj pyebwa oswa chemine vwazen an ap tonbe anvan w kòmanse pèse tòl la.
Tèm: Pozisyon pou Pwisans.
Sitiyasyon (Cas pratique): Yon kliyan gen yon kay ki gen de (2) pant tòl: youn vire bò Nò epi youn vire bò Sid. Gen yon gwo mangue bò kote pant Sid la ki fè lonbraj depi 2 è nan apremidi.
Travay ou: Ekri yon ti rapò teknik (10 a 15 liy) pou w reponn:
Sou ki pant tòl (Nò oswa Sid) w ap chwazi moute panèl yo? Poukisa?
Kisa w ap fè ak branch mangue a ki fè lonbraj la?
Poukisa ou dwe kite yon espas ant panèl la ak tòl la (Poukisa "Aération" an enpòtan)?
Fòma: PDF, Tit: SOL400_M2_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa moute panèl pou l vole ale lè gen van. Yon enstalasyon dwe bèl nan je epi solid nan baz li. Si w moute sou yon tòl, toujou mete mask ak 'harnais' sekirite si w wè wotè a danjere. Pa janm mache sou panèl yo (cracks), se kristal yo ye, yo frajil. Travay ak respè pou materyèl la, epi toujou sèvi ak bousòl ou pou w jwenn Sid la. Se la kouran an ye."
[Gid Videyo Modil 2]: Gade videyo "Comment installer des rails et panneaux solaires sur une toiture en tôle" kote n ap montre teknik fixation an.
IBI-Akademi | SOL-400 | Modil 2 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Wòl Charge Controller la (PWM vs MPPT) pou pwoteje batri yo. Kijan pou n pwograme yon Inverter (In vètè) selon kalite batri n ap sèvi a. Diferans ant "Modified Sine Wave" ak "Pure Sine Wave".
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Diferansye regilatè PWM ak MPPT, konprann wòl Inverter la, epi pwograme vòltaj yo pou pwoteje batri a.
Se li ki jere kouran k ap soti nan panèl la pou l antre nan batri a. Gen de (2) kalite prensipal:
PWM (Pulse Width Modulation): Li senp epi li pa koute chè. Li bon pou ti sistèm kote vòltaj panèl la pre vòltaj batri a.
MPPT (Maximum Power Point Tracking): Se "Tonton" an! Li pi chè, men li ka rann sistèm nan 30% pi efikas. Li transfòme vòltaj ki anplis la an kouran (anpè) pou chaje batri a pi vit.
Règleman IBI: Toujou branche batri a nan kontwolè a ANVAN ou branche panèl la. Si w fè lekontrè, kontwolè a ka boule.
Wòl li se transfòme 12V, 24V oswa 48V (DC) batri a an 110V oswa 220V (AC) pou aparèy kay yo.
Pure Sine Wave (Onde Sinusoïdale Pure): Se pi bon an. Li bay yon kouran pwòp tankou EDH. Li bon pou frijidè, motè, ak televizyon ekran plat.
Modified Sine Wave (Onde Modifiée): Li pi bon mache, men li ka rann motè yo cho epi li fè radyo oswa fanatik fè bri "zinnnnn".
Yon Inverter IBI dwe konnen ki lè pou l sispann pran kouran nan batri a:
Low Voltage Cut-off (LVD): Se limit anba a. Pa janm kite batri a desann twòp (eg: sispann nan 11.5V pou yon batri 12V) pou l pa mouri vit.
Charging Voltage: Chak kalite batri (Acid, Gel, Lityòm) gen yon vòltaj espesyal pou l chaje. Fòk ou konn regle sa nan Inverter la oswa nan Kontwolè a.
Ant Batri a ak Inverter la, kouran an fò anpil. Fòk ou sèvi ak Gwo Fil (Gauge 0, 2 oswa 4). Si fil la twò piti, l ap vin cho, l ap fonn, epi li ka bay dife.
Tèm: Konekte san Boule.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou rive sou yon chanter, ou gen yon Inverter 2000 Wat, yon Kontwolè MPPT, 2 Batri, ak 2 Panèl.
Travay ou: Ekri yon ti plan koneksyon (10 a 15 liy) pou w reponn:
Ant Panèl la ak Batri a, ki premye bagay w ap branche nan Kontwolè a? Poukisa?
Kliyan an di w li gen yon gwo frijidè nèf ak yon òdinatè. Ki kalite Inverter w ap rekòmande l: Pure Sine oswa Modified? Di poukisa.
Si w wè fil k ap soti nan batri a pou l al nan Inverter la ap vin cho, kisa sa vle di? Ki desizyon w ap pran?
Fòma: PDF, Tit: SOL400_M3_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa teknisyen 'tatonnaj'. Yon kontwolè se gad kò batri a. Si w mal regle l, batri a ap 'gonfle' epi l ap mouri nan 6 mwa. Inverter la se kè kay la. Pa janm bliye mete yon 'Fuse' oswa yon 'Breaker' ant batri a ak Inverter la. Sekirite se premye non yon Teknisyen IBI. Si w fè travay la byen, kouran an ap dous tankou siwo myèl."
[Gid Videyo Modil 3]: Gade videyo "Comment configurer un onduleur hybride et un contrôleur MPPT" kote n ap montre bouton pou peze pou w regle vòltaj yo.
IBI-Akademi | SOL-400 | Modil 3 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Batri Plon-Asid (Deep Cycle), AGM, Gel, ak batri Lityòm. Kijan pou n branche batri an Série (pou moute vòltaj 24V/48V) oswa an Parallèle (pou moute anperaj). Antretyen ak sekirite pou batri pa eksplode.
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Diferansye kalite batri yo (Acid, Gel, Lityòm), metrize koneksyon an Seri ak an Paralèl, epi konprann "Profondeur de décharge" (DOD).
Nan IBI, nou pa sèvi ak batri machin pou solè. Nou bezwen batri Deep Cycle:
Batri Plon-Asid (Plomb-Acide): Yo pa chè, men yo bezwen antretyen (ajoute dlo distile) epi yo degaje gaz.
Batri GEL / AGM: Yo sele, yo pa bezwen antretyen, epi yo pi solid. Yo bon pou kote ki pa gen anpil vantilasyon.
Batri Lityòm (LiFePO4): Se "Wa" batri yo! Yo lejè, yo chaje vit, yo ka desann jiska 90% san yo pa mouri, epi yo ka dire 10 zan. Men, yo koute chè anpil.
Se la maji a fèt pou n jwenn vòltaj Inverter la mande:
An Seri (Series): Nou branche "+" premye batri a nan "-" dezyèm nan. Vòltaj la moute (12V + 12V = 24V), men Kapasite a (Ah) rete menm jan.
An Paralèl (Parallel): Nou branche "+" nan "+" epi "-" nan "-". Kapasite a moute (100Ah + 100Ah = 200Ah), men Vòltaj la rete 12V.
Règleman IBI: Pa janm melanje vye batri ak nèf batri nan menm bann nan. Vye a ap "suce" nèf la jiskaske yo tou de mouri.
Shutterstock
Explorer
Sekrè pou batri a dire:
Yon batri plon oswa gel pa dwe janm vid nèt. Si w desann li pi ba pase 50% chak jou, l ap mouri vit.
Prensip IBI: Nou kalkile sistèm nan pou kliyan an sèvi ak sèlman 30% a 40% nan kapasite batri a pandan lannwit lan. Konsa, batri a ap dire 5 an.
Vantilasyon: Batri yo dwe nan yon kote ki gen lè k ap pase pou yo pa chofe.
Distans: Batri yo dwe toupre Inverter la (mwens pase 2 mèt) pou n pa pèdi vòltaj nan fil la.
Netwayaj: Toujou siye tèt batri yo pou "vè-de-gri" (korozyon) pa moute sou pòs yo.
Tèm: Konstwi yon Bann Batri 24V.
Sitiyasyon (Cas pratique): Ou gen yon Inverter ki travay nan 24 Vòlt. Kliyan an ba ou de (2) batri nèf ki gen 12 Vòlt / 200 Ah chak.
Travay ou: Ekri yon ti esplikasyon teknik (10 a 15 liy) pou w reponn:
Kijan w pral branche de (2) batri sa yo pou w jwenn 24 Vòlt la: an Seri oswa an Paralèl?
Desine (oswa esplike nan mo) ki kote fil "+" ak fil "-" k ap soti nan Inverter la pral ploge nan batri yo.
Si kliyan an desann batri sa yo jiska 10 Vòlt chak swa, kisa k ap rive batri yo nan 3 mwa?
Fòma: PDF, Tit: SOL400_M4_Non_Etidyan.
"Nan IBI, nou pa 'tire' batri moun. Yon batri se tankou yon moun: si w fè l travay twòp san l pa repoze (oswa chaje nèt), l ap rann nanm li. Toujou sere kòs batri yo byen solid, paske yon kòs ki "lous" ka bay etensèl epi boule tout kay la. Respekte batri yo, epi y ap ba w limyè pou lontan. Se sa ki ekonomi IBI a."
[Gid Videyo Modil 4]: Gade videyo "Comment brancher des batteries en série et parallèle sans faire d'erreur" kote n ap montre pratik la ak câbles yo.
IBI-Akademi | SOL-400 | Modil 4 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026
Nòt Pwofesè: Kalkile konbe panèl ak batri yon moun bezwen selon frijidè l, televizyon l, ak anpoul li. Enstalasyon pwoteksyon (Breakers, Fuses, Lightning arrestor).
Devwa Final: Fè yon pwojè solè konplè pou yon ti klinik oswa yon lekòl.
"Nan IBI, nou pa 'moute panno sou tèt kay moun'. Nou enstale otonomi. Yon move kout kouto nan yon fil ka boule yon inverter ki koute chè. Topografi tèt kay la enpòtan menm jan ak sikwi a. Travay ak presizyon, toujou sèvi ak bon gwosè fil (gauge), epi sonje: lè w fini, kliyan an dwe gen limyè san bri motè. Se sa ki modènite IBI a."
Valè Modil sa a: 4 Kredi
Objektif: Kalkile bezwen enèji yon kay, chwazi kantite panèl ak batri ki nesesè, epi fè yon enstalasyon pwòp ak tout pwoteksyon (Breakers/Fuses).
Anvan n achte yon sèl vis, nou dwe konnen konbe Wat (W) kay la ap konsome:
Lis Aparèy: Nou make konbe anpoul, televizyon, fanatik, ak frijidè ki genyen.
Tan Itilizasyon: Nou miltipliye Wat la pa konbe èdtan yo pral limen.
Egzanp: 5 anpoul (10W) pandan 10 èdtan = $500\ Wh$ (Wat-èdtan).
Règleman IBI: Toujou ajoute 20% de sécurité sou total la pou "perte" nan Inverter la ak fil yo.
Pou Panèl yo: Nou divize total Wat-èdtan yo pa "Heures d'ensoleillement" (Ayiti nou gen anviwon 5 èdtan solèy fò).
Pou Batri yo: Nou kalkile pou batri a pa janm desann pi ba pase 50% (DOD).
Sekrè IBI: Si yon kay bezwen $2000\ Wh$ pa jou, ou bezwen yon bank batri ki gen omwen $4000\ Wh$ pou sistèm nan ka dire lontan.
Yon enstalasyon pwofesyonèl dwe an sekirite:
Breakers / Fuses: Mete yon breaker ant Panèl ak Kontwolè, epi yon gwo Fuse ant Batri ak Inverter.
Mise à la Terre (Ground): Nou dwe "ground" chasi panèl yo ak inverter la pou pwoteje moun kont kout kouran epi pwoteje materyèl la kont loraj.
Filaj: Sèvi ak "Pipe" (conduit) pou kache fil yo. Pa kite fil pandye sou tèt kay la; solèy la ap rann yo kase (brûlés par les UV).
Lè n fini, nou dwe montre kliyan an:
Kijan pou l li ekran Inverter la.
Ki aparèy li pa dwe limen ansanm (eg: pa limen fè repase sou solè si sistèm nan piti).
Kijan pou l tcheke nivo dlo nan batri yo (si se batri asid).
Tèm: Pwojè Solè IBI pou yon ti Klinik.
Sitiyasyon (Cas pratique):
Yon ti klinik nan pwovens gen: 10 anpoul (10W), 1 ti frijidè pou vaksen (100W), ak 1 òdinatè (50W). Yo vle kouran pandan 24 èdtan.
Travay ou:
Ekri yon rapò final (25 a 35 liy) pou w reponn:
Kalkil: Konbe Wat total (W) tout aparèy sa yo bay si yo limen anmenmtan?
Panèl: Si solèy la bay 5 èdtan pa jou, konbe Wat panèl w ap bezwen pou kouvri konsomasyon sa a?
Sekirite: Ki kote w ap mete "Breaker" nan sistèm nan epi poukisa "Ground" lan enpòtan pou klinik sa a?
Sèman Teknisyen an: Ekri: "Mwen pwomèt pou m toujou sèvi ak bon kalite materyèl, pou m pa janm neglije sekirite kliyan an, epi pou m bay yon enstalasyon ki klere kay moun ak onètete."
Fòma: PDF, Tit: SOL400_MODIL_FINAL_Non_Etidyan.
"Felisitasyon! Jodi a ou se yon Teknisyen Enstalasyon Solè fòmasyon IBI. Ou pa sèlman konn ploge fil, ou konn jere enèji. Solèy la se richès peyi nou, epi ou menm, ou se moun ki pral rann richès sa a itil nan chak kay. Travay ak presizyon, pa janm neglije sekirite, epi toujou ba kliyan an verite sou sa sistèm li a ka fè. Ale kounye a, al chase fènwa nan peyi a ak limyè IBI-Akademi!"
[Gid Videyo Modil 5]: Gade videyo "Comment dimensionner un système solaire complet" kote n ap montre kalkil yo sou yon tablo blan.
IBI-Akademi | SOL-400 | Modil 5 (4 Kredi) | Fondatè: Docourt Alfred | © 2026